Páginas

VANDREDI 13

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
"Nou p’ap rele travay men nou "Bondye nou" ankò".
NAN LIV PWOFÈT OZE 14, 2-10
Men pawòl Granmèt la :
"Izrayèl, tounen vin jwenn Granmèt Bondye w’ la, paske ou tonbe nan peche ou. Pran pawòl avèk nou, tounen vin jwenn Granmèt la, di l’ : "Wete tout peche nou, pran byen an, n’ap ofri sakrifis bouch nou. Lasiri p’ap sove nou, nou p’ap monte sou chwal ankò, paske òfelen ki nan ou a, ou pran pitye pou li".
M’ap geri yo pou yo sispann vire do ban mwen, m’ap renmen yo ak tout elan kè m’, paske kòlè m’ vire kite yo ; m’ap tankou lawouze, Izrayèl ap jèmen tankou pye lis, rasin li ap eklate tankou Liban. Ramo l’ yo ap kouri, bèlte l’ap tankou pye oliv, lodè l’ap tankou Liban.
Y’ap tounen vin chita anba lonbraj li, y’ap viv ak ble, y’ap jèmen tankou pye rezen ; souvni l’ap tankou diven Liban. Efrayim, sa pou m’ fè avèk zidòl yo ankò ? M’ap koute, m’ap remen l’ tankou yon pye bwapen ki byen vèt, se nan mwen fwi ou ap sòti.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 80, 6c-8a. 8bc-9. 10-llab. 14 e 17
R/ Se mwen menm Granmèt Bondye ou : koute vwa m’.
Pawòl mwen pa t’ konnen, mwen tande. Mwen wete do l’ sot anba chaj yo, men l’ kite panye a. Nan tray la, ou rele m’, mwen delivre ou.R.
Mwen reponn ou nan kachèt toubiyon an, mwen eseye ou bò dlo Meriba a. Koute, pèp mwen, m’ap poze ou kesyon, Izrayèl, pa pito w’ koute m’.R.
P’ap gen dye etranje nan ou ou p’ap adore dye etranje. Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè w’ sòti nan peyi Lejip la.R.
Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl te mache nan chemen m’ yo, mwen ta fè yo manje nan ble ki gra, mwen ta plen vant yo ak myèl wòch la.R.
LEVANJIL
"Granmèt Bondye w’ la se yon sèl Bondye, se pou ou renmen l’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 12, 28b-34
Lè sa a:
Youn nan pwofesè yo pwoche kot Jezi, li poze l’ kesyon kilès ki premye nan tout kòmandman yo.
Jezi menm reponn li: "Premye kòmandman an, se: "Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye w’ la se yon sèl Bondye a; se pou w’ renmen Granmèt Bondye w’ la ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou, ak tout fòs ou". Sa a se premye kòmandman an. Dezyèm nan menm sanble ak li: "Se pou w’ renmen pwochen ou tankou ou menm". Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo".
Pwofesè a di l’: "Se byen, Mèt, ou pale verite, sèke se yon sèl la ki Bondye, pa gen dòt sof li menm; renmen l’ ak tout kè, ak tout entelijans, ak tout nanm, ak tout fòs; epi renmen pwochen an tankou pwòp tèt nou, sa pi gran pase tout sakrifis antye ak tout sakrifis".
Jezi menm wè li te reponn avèk sajès, li di l’: "Ou pa lwen rèy Bondye a". Pèsòn pa t’ pran chans poze l’ kesyon ankò.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nou pa ta kapab kenbe sou wout lavi a, si depi nan kòmansman, Bondye ki fè nou pa t’ chwazi moyen pou l’avèk nou jika lafen. Twa moso pawòl Bondye nou li pou jodi a montre nou sa klè. Nan premye lekti a, pwofèt Oze, ki se pòt pawòl Granmèt la, vini transmèt nou envitasyon sila a ki toujou la ; Bondye di nou, tounen vin jwenn li, kite vye konpòtman nou yo, vye chemen nou yo, move kondwit k’ap pèdi nou yo. Bondye ki fè nou an pa dakò ak sa ; e menm lè nou vire do ba li, li toujou renmen nou, li gen kè l’ sansib pou nou. Nou pa bezwen pè pran desizyon kase tèt tounen vin jwenn li, pou nou met lavi li ban nou an sou kontwòl li. Sòm 80 an pale nou sou pouvwa delivrans, padon Bondye nou an genyen pou nou ; li mete n’ sou pye n’ pou n’avanse. Ki kote nou ta vle ale san sila a ki toujou prezan an ? Li p’ap kite nou peri, okontrè, benediksyon li ap kouvri nou, l’ap ede nou travèse move pas lavi a. Sa fè nou konprann byen daprè Levanjil Mak la, sa Bondye ye ? Li se Bondye vivan an, li pa Bondye moun mouri, pawòl la klè, nan pwen pale anpil ; sa nou bezwen : se mete espwa nou sou li epi fè l’ konfyans, paske pawòl li se laverite, li se lavi pou tout moun. Men lafwa nou twò fèb, nou konprann Bondye pa wè sa n’ap fè ? Jan pwovèb la di : Bondye kouche men li p’ap dòmi. Pa gen lòt sovè pase Jezi ki se Bondye renmen an, e li mande nou renmen frè ak sè n’ yo ki se moun parèy nou, menm jan n’ap okipe tèt nou. Pa gen lòt bagay ki pi konsekan pase sa.  An nou tout renmen tankou Jezi n’a wè bèl mèvèy.
LAPRIYÈ : Bondye papa, tanpri ba nou Lespri pa w’ la pou l’ kab limen dife renmen w’ nan kè nou, konsa n’a aksepte moman difisil yo nan batay pou n’ fè volonte. Amèn

PWOPOZISYON : Dechouke move santiman ki nan mwen pou libere tèt mwen epi libere lòt yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario