DEZYÈM DIMANCH PAK, ANE B
PREMYE LEKTI
«Yon sèl kè
ak yon sèl nam»
LEKTI TRAVAY APOT YO 4, 32-35
Foul moun ki te kwè yo te gen yon
sèl kè ak yon sèl nam; pèsòn nan yo pa t’ konsidere sa l’ te genyen kòm pwòp byen
pa l’, men tout bagay te ansanm pou yo. Avèk gran fòs, Apot yo t’ap sèvi rezireksyon Jezikri Granmèt
nou an temwen, te gen gran gras nan yo tout.
Nan
pami yo pa t’ gen pèsòn ki te nan bezwen; tout moun ki te gen jaden oubyen kay,
yo vann yo, yo pote pri lavant la, yo depoze l’ nan pye Apot yo; yo separe l’
bay yo chak, daprè sa chak moun te bezwen.
SÒM REPONS 117, 2-4. 16ab-18. 22-24
(r.: 1)
R/ Fè
lwanj Granmèt la poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Se
pou Izrayèl di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan
Se pou kay Aawon an di sa koulye a, poutèt
kè l’ sansib pou tout tan.
Se
pou sa yo ki respekte Granmèt la di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men dwat
Granmèt la leve byen wo.
Mwen p’ap mouri, men m’ap viv, m’ap
rakonte travay Granmèt la
Granmèt
la korije m’ byen korije, men li pa lage m’ nan lanmò.R.
Wòch
la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an,
Se
nan Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.
Sa
a se jou Granmèt la fè a: se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.R.
DEZYÈM LEKTI
«Tout sa k’ fèt sot nan Bondye, li
ranpòte viktwa sou tè a»
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 5,
1-6
Nou menm mwen renmen anpil la:
Tout moun ki kwè Jezi se Kris la, se
nan Bondye li fèt; tout moun, ki renmen sa a ki bay nesans la, li renmen sa a
ki fèt nan li a tou. Se
nan sa nou rekonèt nou renmen sa yo ki fèt nan Bondye yo, se lè nou renmen Bondye
epi nou fè kòmandman l’ yo; kòmandman l’ yo pa lou.
Sèke
tout sa ki fèt nan Bondye li ranpòte viktwa sou tè a, epi men viktwa a, ki
ranpòte viktwa sou tè a, se lafwa nou. Kilès sa a ki ranpòte viktwa sou tè a,
si se pa sa a ki kwè Jezi se Pitit Bondye a?
Sa
a se li menm ki vini nan dlo a ak san an, se Jezikri; pa nan dlo a sèlman, men
nan dlo a ak san an. Epi se Espri a ki sèvi temwen Jezikri se verite a.
LEVANJIL
«Aprè ui jou, Jezi rive».
BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 20, 19-31
Lè
aswè rive, jou sa a, premye jou semèn nan, tout pòt yo te fèmen, kote disip yo
te rasanble poutèt yo te pè Juif yo, Jezi rive, li kanpe nan mitan, li di yo:
"Lapè pou nou". Pandan l’ap di sa, li montre yo men yo ak bò kòt la.
Disip yo kontan lè yo wè Granmèt la.
Li
di yo ankò: "Lapè pou nou. Menm jan Papa a voye m’ nan, mwen menm tou mwen
voye nou". Lè l’ fin di sa, li soufle, li di yo: "Resevwa Espri Sen an.
Moun nou renmèt peche yo, peche yo ap renmèt, moun nou kenbe peche yo, y’ap ret
kenbe".
Toma
menm, youn nan douz yo, sa yo rele Didim nan, li pa t’ avèk yo lè Jezi te vini an.
Lòt disip yo di l’: "Nou te wè Granmèt la".
Li
menm li di yo: "Si m’ pa wè mak klou yo nan men l’, si m’ pa met dwèt mwen
nan plas klou yo, si m’ pa met men m’ nan kòt li, mwen p’ap kwè".
Aprè
ui jou, disip li yo te anndan an ankò, Toma te avèk yo. Jezi rive, pòt yo te
fèmen, li kanpe nan mitan, li di: "Lapè pou nou". Aprè sa, li di
Toma: "Met dwèt ou isit, gade men m’, lonje men ou mete l’ nan bò kòt mwen,
sispann ret san lafwa, se pou ou gen lafwa".
Toma
reponn, li di l’: «Granmèt mwen ak Bondye m’»!
Jezi
di l’: "Paske ou wè m’, Toma, ou kwè; ala kontantman pou moun ki pa wè men
ki kwè".
Jezi
fè anpil lòt siy ankò devan disip li yo, yo pa ekri nan liv sa a. Sa yo, yo ekri
yo, pou nou kwè Jezi se Kris Pitit Bondye, epi pou antan nou kwè a, nou gen
lavi o non l’.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, nou wè ki jan premye
kominòte kretyen yo t’ap byen viv ansanm. Pa t’ gen nèg rich ak nèg malere nan
mitan yo. Yo tout te yon sèl fanmi. Te gen tèt ansanm, tout sa yo te genyen, yo
te pataje l’ youn avèk lòt.
Pou nou menm, sa ka sanble enposib. Nou abitye
di yon seri de pwovèb pou montre jan bagay yo pa sanble menm ak jan Bib la
prezante lavi premye apòt yo: «Chak
koukouy klere pou jè l’», «nèg pa fye nèg depi nan Ginen», «zafè kabrit pa zafè
mouton».
Tout tan nou pa chanje mantalite sa a, peyi a
p’ap janm vanse. Nan moman sa a, gen anpil pèsèkisyon kote n’ap viv, fò n’ ini
nou. Nan dezyèm moso Labib la, Sen Jan ap di nou konsa, si nou pa gen tèt
ansanm, si kòmandman youn renmen lòt la sanble twò lou pou nou, se paske nou
manke renmen Bondye tou. Si ou pa renmen frè ak sè ou, ke ou wè ak de grenn jè
w’, epoutan ou plede di ou renmen Bondye, se manti.
An nou mande Bondye padon, an nou kite l’ plen
kè nou ak gras li, ki se Lespri Sen an Jezi pote ba nou an, pou nou ka viv nan
renmen li a. Si n’ kite Lespri Sen an desann sou nou, nou p’ap bezwen pè anyen,
n’ap ka byen viv ansanm, n’ap jwenn kè poze n’ap chache a.
Tèlman nou chaje pwoblèm, li ka difisil pou n’
aksepte bòn nouvèl sa a. Ebyen, si nou
bezwen wè mak klou yo pou n’ kwè, tankou Toma, nou pa bezwen chache twò lwen,
paske toupatou nan mitan nou gen moun ki klouwe sout tout kalite kwa, se yo
menm ki Kris la tou vivan nan mitan nou, se ak yo menm pou nou montre si nou
renmen Bondye.
LAPRIYÈ: Jezi, nou rekonèt ke tout tan nou p’ap byen viv ansanm, sa vle
di nou manke kwè nan ou. Tanpri souple, pran pitye pou nou, vin pote nou sekou,
fè n’ wè ou vivan nan mitan nou, plen kè nou ak Lespri Sen ou lan, pou nou youn
renmen lòt.
PWOPOZISYON: Pafwa nou abitye
chita ap kritike tout sa k’ pa bon. Men tripotay pa bay anyen. Kisa m’ kapab
fè, mwen menm, pou mete renmen ak pataj nan sosyete a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario