Koulè Blan
SAMDI
ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Nou pa kapab pa di sa nou wè ak sa
nou tande”.
NAN
TRAVAY APOT YO 4, 13-21
Jou
sa yo:
Lè
chèf prèt yo ak ansyen yo ak skrib yo wè asirans Pyè ak Jan, yo te konnen se
moun ki pa t’ al lekòl, ki pa gen syans, yo sezi; yo te konnen se ak Jezi yo te
konn ye. Yo wè mesye a kanpe avèk yo, sa a ki te geri a, yo pa t’ kapab
demanti. Yo pase lòd pou yo fè yo kite tribinal la; yo fè reyinyon antre yo, yo
di: “Kisa pou nou fè mesye sa yo? Tout moun Jerizalèm konnen mèvèy la yo fè a:
sa klè, nou pa kapab nye l’. Men, pou sa pa al pi lwen nan pèp la, n’ap menase
yo pou yo pa pale o non mesye sa a ankò ak pèsòn”. Yo rele yo, yo deklare yo
pou yo pa janm pale, ni bay ansèyman o non Jezi. Pyè menm ak Jan reponn, yo di
yo: “Si sa kòrèk devan fas Bondye pou nou koute nou pase Bondye, jije sa. Nou
pa kapab pa di sa nou wè ak sa nou tande”. Yo menm menm yo menase yo, yo
ranvwaye yo, yo pa jwenn kijan pou yo pini yo, akoz pèp la; paske tout moun
t’ap fè lwanj pou sa k’ te fèt nan mesye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 117, 1; 14-15. 16ab-18.
19-21
R/
M’ap fè lwanj ou, Granmèt, paske ou koute mwen.
Fè
lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.Fòs mwen ak
lwanj mwen se Granmèt la, li sèvi m’ delivrans.Vwa kè kontan ak delivrans nan tant
sa yo ki kòrèk yo.R.
Men
dwat Granmèt la fè mèvèy, men dwat Granmèt la leve byen wo; Granmèt la korije
m’ byen korije, men li pa lage m’ nan lanmò.R.
Louvri
pòt jistis yo pou mwen, m’ap antre nan yo pou m’ fè lwanj Granmèt la. Sa a se
pòt Granmèt la, moun ki kòrèk yo ap antre ladan l’. M’ap fè lwanj ou, paske ou
koute m’, ou sèvi m’ delivrans.R.
LEVANJIL
“Ale, sou tout tè a preche bòn
nouvèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK
KI SEN 16, 9-15
Jezi leve granmaten, premye jou
semèn nan, li parèt dabò devan Mari Madlèn, sa l’ te chase sèt demon sot nan li
a. L’al anonse sa yo ki te avèk li a, ki t’ap plenn, ki t’ap kriye. Lè yo tande li te vivan epi Mari
Madlèn te wè l’, yo pa t’ kwè. Aprè sa, li parèt devan de nan sa yo ki t’ap
vwayaje, yo t’a pral andeyò, li te gen yon lòt aparans. Yo menm y’al anonse lòt
yo; men lòt yo pa t’ kwè. Alafen li parèt devan onz yo ki te atab; li repwoche
yo mank lafwa yo ak kè yo ki di, paske yo pa t’ kwè sa yo ki te wè l’ resisite
a. Li di yo: “Ale sou tout tè a, preche bòn nouvèl la bay tout kreyati”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Levanjil la
ba nou lopòtinite pou medite sou kèk aspè nan eksperyans nou fè trè souvan:
sètènman nou pa doute nou renmen Jezi; nou konsidere li tankou pi bon zanmi
nou; men kilès nan nou ki kpab di li pa janm trayi li? Menm si anpil fwa nou
vle chante kantamwa nou kòm kretyen, pwòp konsyans nou kapab ankouraje nou fè
silans epi koube nou byen ba, tankou pibliken an ki pa t’ oze leve tèt li pou
gade syèl la, e ki te frape pwatrin li, antan li t’ap repete san pran souf:
«Bondye, gen pitye pou mwen, paske mwen se pechè» (Lik 18,13).
Nan kondisyon sa yo, konduit disip la pa
kapab etone nou. Yo te konnen Jezi pèsonèlman, yo te apresye li pou jan li te
yon nèg ki te gen gwo konesans, yon nèg ki te konn renmen, yon nèg ki te fè
moun vibre nan lè li t’ap preche.
Alòske Jezi deja leve vivan, epi Mari
Madlèn, youn nan medam ki te nan gwoup la, pati al anonse nouvèl la bay moun ki
te viv ak Jezi e ki te enkonsolab aprè lanmò li, olye pou yo te seche dlo nan
je yo pou yo te fè kè yo kontan, yo te doute.
Malgre disip yo tande gwo nouvèl
Rezireksyon an, yo te prefere kontinye ap plenyen. Nou se pechè se vre! Nou te
trayi li tout bon vre, san dout! Nou te antere li nan fason payen yo, san dout!
Men sa pa dwe kontinye konsa: aprè nou fin frape pwatrin nou, an nou koube nou
nan pye Granmèt la, antan nou fikse je nou nan syèl la, epi san nou pa gade
dèyè, n’ap avanse pi devan! An
nou swiv Jezi, an nou mache selon mouvman li fè. Gistav Flobè di nou: «Mwen kwè
si nou ta fikse je nou sou syèl la nèt ale, finalman nou ta rive gen zèl». Lòm ki
nwaye nan peche a, nan inyorans la an nan medyokrite espirityèl la, li dwe
konnen apati jodi a, granmesi leve vivan Kris la, li va plonje nan limyè solèy
midi.
LAPRIYÈ :
O Bondye Granmèt, ala gran ou gran ! Nou tou piti devan ou. Fè nou tounen
temwen ou tout bon vre nan nan tan n’ap viv la.
PWOPOZISYON : Pataje
eksperyans nou fè ak Bondye pou ankouraje lòt moun kwè nan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario