Koulè Blan
VANDREDI
ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Pa gen delivrans nan pèsòn lòt
moun”.
NAN
TRAVAY APOT YO 4, 1-12
Jou
sa yo:
Pyè
ak Jan t’ap pale ak pèp la toujou, aprè gerizon enfim nan, prèt yo vin rive ak
majistra Tanp la ak sadiseyen yo, yo te kontrarye poutèt yo t’ap bay pèp la
ansèynman an, yo t’ap anonse rezireksyon sot nan pami mò yo nan Jezikri. Yo met
men sou yo, yo mete yo nan prizon nan landmen; paske aswè te deja rive. Anpil
nan moun yo ki te tande pawòl la, yo te vin kwè; total mesye yo se te kenz mil.
Rive nan landmen, chèf yo rasanble ak ansyen yo ak skrib yo nan Jerizalèm, Án,
gran prèt la ak Kayif ak Jan ak Aleksand ak tout moun nan ras prèt yo, yo fè yo
kanpe nan mitan, y’ap poze yo kesyon: “Nan ki pouvwa oubyen o non kilès nou fè
bagay sa a”? Lè sa a Pyè plen ak Espri Sen an, di yo: “Chèf pèp la ak ansyen
yo, koute. Si jodi a y’ap jije nou pou yon byenfè ki reyalize pou mesye enfim
nan, si nou bezwen konnen nan kilès li sove, ebyen aprann sa nou tout ak tout
pèp Izrayèl la, se o non Granmèt nou Jezikri moun Nazarèt la, sa a nou te
kloure sou kwa a, li menm Bondye leve sot nan pami mò yo, se nan li sa a geri,
kanpe devan nou. Sa a se wòch la, nou menm bòs mason yo nou te rejte a, ki vin
tounen tèt kwen an; pa gen delivrans nan okenn lòt moun; ni pa gen okenn non
anba syèl la yo bay lèzòm, ki pèmèt nou sove”.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 117, 1-2 e 4. 22-24.
25-27a
R/ Wòch la bòs mason yo jete a, li vin
tounen tèt kwen an.
Fè
lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.Se pou
Izrayèl di sa koulye a, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.Se pou
sa yo ki respekte Granmèt la di, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Wòch
la bòs mason yo te rejte a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an, se nan
Granmèt la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
Sa
a se jou Granmèt la fè a: se pou nou fete, se pou nou kontan nan li. Granmèt,
sove m’, Granmèt, bay kè kontan.R.
Konpliman
pou sa a k’ap vini o non Granmèt la. Konpliman pou nou sot nan kay Granmèt la.
Bondye Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
“Jezi rive, li pran pen an, li ba yo
ak pwason an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 21, 1-14
Lè
sa a:
Jezi
parèt ankò devan disip yo bò lanmè Tiberyad la. Men kijan li te parèt la. Yo te
ansanm, Simon Pyè ak Toma, sa yo rele Didim nan, ak Natanayèl, moun Kana Galile
a, ak pitit Zebede yo ak de lòt nan disip li yo.
Simon
Pyè di yo: “M’a pral lapèch”. Yo di l: “N’a prale avèk ou tou”. Yo sòti, yo
monte nan batimán an, men nannuit sa a yo pa pran anyen. Lè granmaten rive,
Jezi te kanpe sou bò lanmè a; men disip yo pa t’ rekonèt se te Jezi. Jezi di
yo: “Ti moun yo, èske nou gen pwason”? Yo reponn li: “Non”. Li di yo: “Voye
filè a adwat batimán an, n’a jwenn”. Yo voye l’, yo pa t’ kapab redi l’, tèlman
te gen anpil pwason. Disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Granmèt la”. Lè Simon
Pyè tande se Granmèt la, li pase rad li nan ren l’, (li te nikò), li lage kò l’
nan lanmè. Lòt disip yo rive nan batiman an (yo pa t’ lwen tè a, se te apeprè
san mèt) y’ap remoke filè pwason yo. Lè yo desann atè a, yo wè chabon dife ki
poze, epi pwason ak pen sou li. Jezi di yo: “Pote nan pwason yo nou sot pran
koulyea”. Simon Pyè monte, li redi file a atè, plen ak gwo
pwason, sansenkant twa. Epi
malgre te gen tout kantite sa a, filè a pa chire. Jezi di yo: “Vin manje”.
Pèsòn nan sa k’ t’ap manje yo pa t’ gen kouraj mande l’: “Ki moun ou ye”? Yo te
konnen se Granmèt la. Jezi rive, li pran pen an, li ba yo, ni pwason an tou. Sa
te fè twazyèm fwa Jezi te parèt devan disip li yo, lè l’ te fin resisite sot
nan pami mò yo.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pou twazyèm
fwa aprè li fin leve byen vivan sòti pami mò yo, Jezi manifeste li bay disip li
yo. Pyè te tounen nan aktivite lapèch li e lòt
yo akonpaye li. Si li te nan aktivite sa avan li te mache ak Jezi, se nòmal pou
li kontinye aprè. Alòske gen anpil moun ki etone, pou yon moun suiv Jezi, li pa
oblije abandone yon travay onèt, kòrèk ke li te kòmanse.
Nan nuit sa yo pa t’
pran anyen. Yo te pase nuit la ap lapèch. Se te yon pèt tan. Epi lè solèy la te
leve, Jezi parèt, yo te rive rekonèt li lè li te mande yo kichòy pou li manje
a. Lè yo di li yo pa gen anyen pou ba li, li montre yo ki kote pou yo jete filè
a. Malgre mesye yo te konnen tout bagay, yo te pase yon nuit sou dlo a pou
granmesi, yo te obeyi Jezi, yo lage filè a. Pyè te pran tèlman anpil pwason! Se
chak jou Jezi ka fè mirak nan lavi nou, si nou koute li, si nou obeyi li.
Levanjelis
la rakonte nou te gen «san senkant twa
gwo pwason» (cf. Jan 21,11), men malgre sa filè a pa t’ chire. Se kèk ti
detay nou dwe konsidere. Redanmsyon fèt granmesi yon obeyisans responsab, nan
mitan aktivite n’ap fè chak jou.
Yo tout te konnen se te Granmèt la. Jezi
rive, li pran pen an, li ba yo ni pwason an tou. (Jan 21, 12-13). Kèlkeswa se
nouriti espirityèl oubyen materyèl, nou p’ap janm manke sa si nou obeyi Jezi.
Se sa li fè disip yo konnen e se sa li di nou pa lentèmedyè Jan Pòl II: Nan
kòmansman nouvo milenè a, pawòl sa yo fè eko nan kè nou, kote Jezi envite Apot
la pou li
“avanse pi fon’’ pou fè lapèch la. (Lik
5,4). Pyè avèk premye konpayon li yo te kwè nan pawòl Kris la e yo te jete filè
yo. E se konsa yo te pran yon pakèt pwason (Lik 5,6). Pawòl sa fè eko nan zòrèy
nou jodi a.
Avèk
yon obeyisans tankou pa Mari a, an nou mande Granmèt la pou li fè nou rekòlte
fwi apostola.
LAPRIYÈ: Mèsi Jezi poutèt ou toujou la avèk mwen. Ouvri entèlijans mwen
pou m’ kab dekouvri prezans ou k’ap mache avèk mwen. Amèn.
PWOPOZISYON: Menmsi travay misyonè a difisil, sèvi
Jezi temwen nan jan m’ap pwoklame lafwa m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario