Koulè Blan
JEDI
ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Nou touye lotè lavi a, Bondye leve
l’ sot nan pami mò yo”.
NAN
TRAVAY APOT YO 3, 11-26
Jou
sa yo:
Kòm
enfim nan ki te geri a te kenbe Pyè ak Jan, tout pèp la kouri kote yo, bò pòtay
yo rele pòtay Salomon an, yo te sezi. Lè Pyè wè sa, li reponn pèp la: “Mesye
Izrayèl yo, poukisa nou sezi pou bagay sa a? Oubyen pouki sa n’ap gade nou an,
kòm si se ak fòs nou oubyen se ak pouvwa nou nou fè mesye sa a mache a? Bondye
Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb la, Bondye papa nou yo fè wè glwa Pitit
li a Jezi, li menm nou te bay la, nou te nye devan fas Pilat la, lè Pilat te
jije pou l’ te lage l’ la. Nou menm se Sen an ak sa a ki kòrèk la nou te nye,
nou te mande pou yo ba nou yon moun ki touye moun; Lotè lavi a menm, nou touye
l’, men Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, nou sèvi l’ temwen. Nan lafwa o
non l’, sa a nou wè a, nou konnen an, non l’ fè l’ kanpe fèm; se lafwa ki
reyalize pa lantremiz li a, ki bay sante sa a ki entak la devan fas nou tout
la. Koulye a frè m’ yo mwen konnen se paske nou pa t’ konnen ki fè nou fè sa,
menm jan ak chèf nou yo. Men Bondye, sa l’ te anonse davans
nan bouch pwofèt yo, pou Kris li a soufri a, se konsa li reyalize l’. Konsa se pou nou fè penitans, se pou
nou chanje konduit, pou peche nou yo efase; pou lè tan frechè yo rive vin sot
nan fas Granmèt la, li voye sa a yo te preche nou an, Jezikri, li menm syèl la
gen pou l’ kenbe jous nan tan y’ap remete tout bagay nan plas yo a, sa Bondye
te pale nan bouch sen l’ yo lontan an, pwofèt yo. Sèke Moyiz te di: “Granmèt
Bondye nou an ap fè yon pwofèt leve pou nou nan mitan frè nou yo, tankou mwen
menm; se pou nou koute l’, daprè tout sa l’ap di nou. Tout moun ki
pa koute pwofèt sa a, y’ap wete l’ sot nan pèp la”. Tout pwofèt yo depi Samyèl ak sa k’
vin aprè l’ yo, ki te pale yo, yo te anonse jou sa yo.
Nou
menm nou se pitit pwofèt yo ak alyans la, sa Bondye te pase ak papa nou yo, lè
l’ te di Abraam nan: “Nan ras ou tout fanmi tè a ap jwenn benediksyon”. Se nou menm
an premye Bondye voye Pitit li a ba nou, sa l’ leve a, ki beni nou an, pou nou
chak vire do sot nan peche l’ yo”.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 8, 2a e 5. 6-7. 8-9
R/
Granmèt, Granmèt nou, ala gran non ou gran sou tout tè a!
Granmèt,
Granmèt nou, sa moun nan ye, pou ou sonje l’? oubyen pitit moun nan, pou w’
vizite l’? R.
Ou
fè l’ vin pi ba yon ti kras anba zanj yo, ak glwa ak konsiderasyon ou kouwonnen
l’; ou enstale l’ anlè travay men w’ yo. Tout bagay, ou mete yo anba pye l’: R.
Ni
mouton ni bèf, yo tout, menm bèt nan rak bwa yo, zwazo syèl yo ak pwason lanmè
yo,
tout sa k’ap mache nan santye lanmè
yo.R.
LEVANJIL
“Se konsa Kris la te gen pou l’ te
soufri, pou l’ resisite sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 24,
35- 48
Lè
sa a:
Disip
yo t’ap rakonte bagay ki te pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt Jezi nan
kase pen an.
Pandan
y’ap pale bagay sa yo, Jezi kanpe nan mitan yo, li di yo: “Lapè pou nou: se
mwen menm, pa pè”. Yo twouble, yo sezi, yo te konprann se yon espri yo te wè a.
Li
di yo:
“Poukisa nou twouble a, ak panse sa
yo k’ap monte nan kè nou an? Gade men m’ yo ak pye m’ yo, se mwen menm menm;
touche pou nou wè: yon espri pa gen chè ak zo, jan nou wè mwen genyen an”. Pandan l’ap di sa, li montre yo men
yo ak pye yo. Yo pa t’ ko kwè, yo te sezi ak kontantman, li di: “Èske nou gen
kichòy pou manje isit la”? Yo ofri l’ yon moso pwason griye ak yon gato myèl.
Li manje devan yo li pran rès yo, li ba yo.
Li
di yo:
“Se
pawòl sa yo mwen te pale nou an lè m’ te avèk nou toujou a, li te nesesè pou
tout sa k’ ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la ni pwofèt yo ni sòm yo, pou yo te
reyalize”.
Lè sa a li louvri lentèlijans yo, pou yo konprann sa k’
ekri yo.
Li di yo:
“Se konsa sa te ekri, se konsa Kris la te gen pou l’
soufri, pou l’ leve sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a, pou yo preche
penitans o non l’ ak padon peche yo nan tout nasyon, kòmanse sou Jerizalèm. Nou
menm nou temwen bagay sa yo”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Disip Emayis la
yo pa kapab rete pou yo pa eksprime gwo kè kontan yo genyen lè yo dekouvri
Granmèt la ki vivan epi ki vle mache ansanm ak yo, pou li te kapab koute yo epi
mete esperans nan kè yo. Kè kontan sa a,
yo te kenbe li nan kè yo tankou yon trezò; de mesye yo kouri al rakonte zanmi
yo ke nouvèl medam yo te pote a se te verite, ke Jezi vivan tout bon vre e ke
yo menm yo te wè li ak pwòp je yo. Genyen anpil moun ki ta vle fè nou konprann ke lafwa a se yon seri nòm,
prensip, entèdiksyon ke nou dwe respekte, kòmsi Bondye rete nan syèl la ak yon
gwo kaye nan men li kote li ap pran nòt, l’ap note chak peche ke nou komèt pou
li kapab ba nou gwo pinisyon aprè sa. Nan kalite lafwa
sa a, kè kontan sanse pa gen plas nan lavi nou, men se laperèz pito k’ap fè nou
tranble.
Jezi ki resite a
antre lakay nou, nan lavi nou pou li kapab kwape laperèz sa ki fè kè nou pa
kapab kontan an. Se vre ke poutèt li te pase tout lavi li ap preche renmen,
padon ak liberasyon Bondye Papa a (Pap Jan Pòl II), chèf ki t’ap kòmande nan tan
li yo te kondane li pou li mouri sou yon kwa. Men, Bondye sa a ke Jezi te
anonse nan pawòl ak nan zèv li yo pa rete bra kwaze, li bay Pitit li a pouvwa
pou li pote laviktwa sou lanmò ak peche a, li ba li yon lavi tou nèf ki p’ap
janm fini.
Rezireksyon Jezi
a, se yon dènye “wi” Bondye di ak tout sa Jezi te fè ak preche, e zanmi Jezi a
yo, lè yo wè li vivan yo te konprann ke malgre mal la pwisan nan mond la, li vo
lapenn pou yo viv Jan Jezi te mande yo viv la, paske pwisans Bondye pi fò ke
tout fòs mal ki ekziste. Nou menm kretyen yo, nou gen misyon pou nou pote mesaj sa a nan mond lan.
Nou dwe anonse ke Bondye vivan e li renmen nou ak yon lanmou fou. Bondye ki vle
chak pitit fi ak chak pit gason li yo viv lavi a an plen, kòmsa dwa, sitou sila
yo k’ap soufri pou yon rezon oubyen pou yon lòt. Si nou viv mesaj la, si nou anonse li ak kè
kontan, n’ap ede lòt yo akeyi li pi byen. Yo va kwè tout bon vre se lavi ki gen
dènye mo a, se pa lanmò.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ede
mwen kominike lajwa Pak la bay sila yo ki tris, ki dekouraje sou wout lavi a.
Fè lavi mwen tounen yon kokenn chenn temwayaj renmen w’ nan k’ap soutni nou epi
prezans ou bò kote nou. Fè mwen pote lespwa kote ki gen dezespwa, limyè kote ki
gen fènwa, kè kontan kote ki gen tristès pou kè tout moun kapab kontan.
PWOPOZISYON:
M’ap kite solèy Pak la reyone nan
lavi mwen pou l’ ka klere nan tout antouraj mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario