Koulè Blan
MÈKREDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Sa m’ genyen an, mwen ba ou l’: o
non Jezi, leve, mache”.
NAN
LIV TRAVAY APOT YO 3, 1-10
Jou
sa yo:
Pyè
ak Jan t’ap monte nan Tanp la pou lè lapriyè nevyèm è a. Te gen yon mesye ki te
enfim depi nan vant manman l’, yo t’ap pote l’. Chak jou yo te konn depoze l’
bò pòt Tanp lan, sa yo rele Bèl la, pou l’ mande moun yo k’ap antre nan Tanp la
lacharite. Li menm, kon l’ wè Pyè ak Jan k’a pral antre nan kay sakre a, li
mande yo pou yo fè l’ jwenn lacharite. Pyè menm
antan l’ l’ap gade l’ byen ansanm ak Jan, li di: “Gade nou”. Li menm li poze je l’ sou yo, li te
espere li t’ap jwenn kichòy nan men yo. Pyè menm di: “Lajan ak lò, mwen pa gen
sa; sa m’ genyen an mwen ba ou l’: o non Jezikri moun Nazarèt la, leve, mache”.
Li pran men dwat li, li leve l’, menm lè a jwenti ak plant pye l’ vin
solid. Li vòltije kanpe, li t’ap mache, li antre avèk yo nan Tanp la, l’ap mache,
l’ap vòltije, l’ap fè lwanj Bondye. Tout pèp la wè l’ap mache, l’ap fè lwanj
Bondye. Yo te rekonèt li, se li menm ki te
konn chita bò Bèl Pòt Tanp la, pou lacharite a, yo te plen ak sezisman, yo te
dekontwole pou sa k’ te rive l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 1-2. 3-4. 6-7. 8-9
R/
Se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.
Oubyen:
Alelouya.
Fè
lwanj Granmèt la, rele non l’, anonse travay li nan pami nasyon yo.
Chante
pou li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.R.
Fè
lwanj nou nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la
kontan.
Chèche
Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout tan.R.
Ras
Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sila a chwazi a. Se li menm Granmèt Bondye nou;
sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li
sonje alyans li a tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo, sa l’ te
pase avèk Abraam nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
“Yo rekonèt li nan kase pen an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 24, 13-35
Te
gen de nan disip Jezi yo ki t’a pral nan bouk, premye jou semèn sa a, bouk la
te yon distans onz kilomèt parapò a Jerizalèm, yo te rele l’ Emayis. Yo menm yo
t’ap pale antre yo sou tout sa k’ te pase. Rive, pandan y’ap koze, y’ap chèche
antre yo, Jezi menm pwoche, l’ap mache avèk yo. Je yo te gen yon bagay ki kenbe
yo, pou yo pa rekonèt li. Li di yo: “Ki pawòl sa yo, n’ap pale antre nou pandan
n’ap mache a, epi ki fè nou tris la”? Youn yo rele Klewofas, di l’: “Se ou menm
sèl ki etranje nan Jerizalèm, ou pa konnen sa k’ rive nan jou sa yo”? Li di yo:
“Ki bagay”? Yo di: “Osijè Jezi moun Nazarèt la, ki te yon pwofèt, ki gen pouvwa
nan aksyon ak pawòl devan Bondye ak tout pèp la. Kijan prèt an chèf yo ak chèf
nou yo renmèt li nan kondanasyon lanmò, epi yo kloure l’ sou kwa. Nou menm nou
te espere, se li menm ki t’ap delivre Izrayèl; koulye a menm sou tout bagay sa
yo jodi a se twazyèm jou depi yo rive. Men kèk medam nan pami nou te fè nou
sezi, yo t’al nan kavo a devan jou, yo pa jwenn kò l’, yo vin di yo wè vizyon
zanj yo, ki di yo li vivan. Kèkzen nan nou al nan kavo a, yo jwenn bagay yo jan
medam yo di a; men li menm yo pa jwenn li”.
Li
di yo: “Nou sòt, nou pran tan nan kè nou pou nou kwè tout sa pwofèt yo te pale
yo! Èske Kris la pa t’ gen pou l’ soufri, epi se konsa pou l’ antre nan glwa l’
la”? Li kòmanse depi sou Moyiz ak tout pwofèt yo, li eksplike yo nan tout sa k’
ekri a sa k’ te konsène l’. Yo pwoche bò bouk la kote yo t’a prale a, li menm
li fè kòmsi l’a pral pi lwen, yo fòse l’, yo di: “Ret avèk nou, paske aswè
rive, jou a deja bese”. Li antre avèk yo. Pandan li atable avèk yo, li pran
pen, li beni, li kase, li ba yo. Je yo louvri, yo rekonèt li. Li menm menm li
disparèt sot devan je yo.
Youn
di lòt: “Èske kè nou pa t’ cho andan nou, pandan li t’ap pale sou chemen an, li
t’ap eksplike nou sa k’ ekri yo”? Yo leve menm lè a, yo tounen Jerizalèm. Yo
jwenn onz yo rasanble, ni sa yo ki te avèk yo a, yo di Granmèt la leve vre, li
parèt devan Simon. Yo rakonte sa k’ te pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt
li nan kase pen an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
«YO TE
REKONÈT LI NAN KASE PEN AN». (LIK 24,35)
Genyen gwo evénman ki pase nan lavi nou ke nou pa
kapab rive konprann tousuit, men nou bezwen pran tan ak pasyans, menm jan lè
n’ap manje yon bagay ki enteresan ke nou pa ta renmen fini.Rezireksyon Granmèt
la se youn nan gwo evènman sa yo, sa ki pi enpòtan an, evénman ki rezime tout
lavi Granmèt nou Jezikri ki te bay tèt li sou kwa e ki pote laviktwa sou lanmò
a.
Legliz la ba nou uit jou aprè Dimanch Pak la pou
nou selebre gwo evènman sa a, se sa yo rele Oktav
Pak oubyen Semèn Pak la. Gwo
Dimanch Pak la pwolonje ak yon semèn, pou nou menm kretyen yo nou kapab pyafe
ak kè kontan akoz Kris la ki triyonfe sou mal la ak peche mond lan.
Jodi a se mèkredi anndan semèn Pak la e tèks nou
li jodi a pale nou sou tristès, dekourajman, dout, fristrasyon, ospitalite ak
espwa. Tout bagay sa yo se santiman ki makonnen ak lavi n’ap viv chak jou e
Bondye li menm, li konnen sa k’ap pase nan lavi nou e li toujou prè pou li pote
nou sekou, pou li sove nou.
De disip Emayis yo tounen lakay yo, tou
dekouraje, yo te pèdi lafwa ak kè kontan yo te genyen nan lavi yo. Yo panse
tout bagay fini, yo panse fòs mal te pi fò. Vrèman, yo te santi yo pran echèk
ak Jezi. Yo t’ap espere yon Mesi gwo ponyèt, vwala yo rankontre ak yon nèg ki
mouri sou lakwa, yon nèg k’ap mande padon pou ènmi ak asasen li yo. Pandan yo
sou wout la y’ap tounen lakay yo, yon enkoni vin ap mache ak yo: yon moun òdinè
tankou tout moun nou kapab rankontre nan lari, nan jaden, nan machin piblik,
nan travay…Men enkoni sa a, se Jezi menm k’ap mache tipa tipa ansanm ak nou.
Nan kòmansman, li pa di anyen, li fè silans e li pran tan pou li kapab koute sa
k’ap sòti nan kè peleren yo. Aprè sa ak anpil pasyans li pral eksplike ki sans
lanmò li a te genyen, ki sans bay li te bay tèt li a te genyen. L’ap fè yo
konnen ke renmen an, menmsi li parèt pi fèb, li pi fò ke fòs rayisans ak
vanjans lan. Yon lòt fwa Jezi limen kè disip yo e li reveye sa ki pi bon an nan
yo: ospitalite, pataje ak lòt la sa nou genyen menm si li pa anpil.
Genyen moman nan lavi nou kote nou pa kapab di
gwo lapriyè, paske tristès oubyen dezespwa kouvri nou tankou gwo nyaj nan move
tan. Nan moman sa a yo nou kapab repete ansanm ak disip Emayis la yo: “Ret
avèk nou, Granmèt”. Se pou kè kontan nou nan Granmèt la tounen yon fòs pou
nou nan Pak sa a epi pandan tout lavi nou, se pou nou kapab kouri al pataje kè
kontan sa a ak frè ak sè nou yo!
LAPRIYÈ: Granmèt Jezi, tanpri ede mwen
dekouvri klète limyè prezans ou nan mitan fènwa difikilte, tristès ak angwas ki
vlope lavi mwen.
PWOPOZISYON: Dekouvri prezans Bondye nan lavi mwen, adore li nan
Sakreman Lekaristi a, fè jefò pou mwen kapab tounen yon moun ki trè akeyan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario