Koulè Blan
MADI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO LABIB
“Fè penitans, se pou chak moun nan
nou batize o non Jezi”.
NAN
LIV TRAVAY APOT YO 2, 36-41
Jou
Pannkòt la, Pyè t’ap di Juif yo:
“Sètènman
se pou tout kay Izrayèl la konn sa, Bondye fè l’ Granmèt ak Kris, Jezi sa a nou
te kloure sou kwa a”. Lè yo tande pawòl sa yo, yo chagren nan kè yo, yo di Pyè
ak lòt Apot yo: “Ki sa pou nou fè, mesye frè nou yo”?
Pyè
menm di yo: “Se pou nou fè penitans, se pou chak moun nan nou batize o non
Jezi, pou padon peche nou yo, n’a resevwa kado Espri Sen an. Sèke se pou nou
pwomès la ye, ansanm ak pitit nou yo, ak tout moun ki lwen yo, tout sa Granmèt
Bondye nou an rele yo”. Ak anpil dòt pawòl ankò li t’ap sèvi temwen, li t’ap
ankouraje yo, li t’ap di: “Sove lavi nou sot nan jenerasyon sa a ki move a”.
Moun yo ki te resevwa pawòl li a, yo batize, jou sa a te gen apeprè twa mil
moun ki vin tounen disip.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20; 22
R/
Kè sansib Granmèt la plen tè a.
Oubyen: Alelouya.
Sèke
pawòl Granmèt la dwat tout aksyon l’ yo nan fidelite,
Li
renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R.
Men
je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li,
pou
l’ delivre nanm yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
Nanm
nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye.
Se
pou kè sansib ou vin sou nou, Granmèt, tankou nou te espere nan ou.R.
LEVANJIL
“Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo
li di m’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 20, 11-18
Lè
sa a:
Mari
te kanpe bò kavo a, sou pa deyò, li t’ap kriye. Pandan l’ap kriye, li panche,
li gade andan kavo a. Li wè de zanj an blan ki chita, youn bò tèt la ak lòt la
bò pye yo, kote yo te poze kò Jezi a. Yo di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye”?
Li di yo: “Se paske yo pran Granmèt mwen an, mwen pa konnen kote yo mete l”. Pandan
l’ap di sa, li vire gade dèyè, li wè Jezi kanpe; men li pa t’ konnen se te
Jezi. Jezi di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye?
Kilès w’ap chèche?” Li menm antan l’ konprann se jeran jaden an, li di
li: “Mèt, si se ou k’ te wete l’, di m’ kote ou te depoze l’; epi mwen menm m’a
pran l”. Jezi di l’: “Mari”! Li vire, li
di l’: “Raboni (sa vle di Mèt)”! Jezi di l’: “Pa touche m’; mwen pa ko monte
kot Papa m’. Men al kot frè m’ yo, di yo: “M’ap monte kot Papa m’
ak Papa nou an, Bondye m’ nan ak Bondye nou an”. Mari Madlèn rive, li anonse disip yo: “Mwen wè Granmèt la,
se bagay sa yo li di m”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON:
Anpil moun nan pèp Juif la te tande bòn nouvèl resireksyon Granmèt la, sa
fè yo te vle pran chemen konvèsyon, yo te vle chanje lavi yo, se poutèt sa yo
mande Pyè kisa yo dwè fè pou yo mache nan chemen Jezikri a. Pyè reponn yo,
premye pa pou yo fè, se pou yo batize epitou fè penitans pou yo ka evite tonbe
nan sa ki mal. Pou nou viv selon lespri resireksyon an, nou dwe fè mesaj la
tounen yon reyalite nan lavi nou, nou dwe enteryorize li. Konsa, jodi a se yon jou pou nou pwofite pou
nou kapab renouvle pwomès nou tè fè nan batèm nou an, nou te fè sèman, nou te
fè yon alyans ak Granmèt la kote nou vle viv kòm pitit li, nou lage nou nan men
li pou li fè sa li vle ak nou, pou li fè sa l’ vle nan lavi nou.
Levanjil jodi a envite n’ reflechi sou kalite atitid nou
genyen devan bòn nouvèl viktwa lavi sou lanmò a; pafwa nou tèlman fèmen nan nou
menm, nou refize louvri je nou pou n’ wè klè tout sa l’ap fè pou nou, nou bliye
si Granmèt la ki gen tout pouvwa kapab rezoud ti pwoblèm nou yo. Pafwa nou
chita ap plenyen kalamite ak mizè nou epi nou bliye si Bondye Granmèt la avèk
nou, l’ ap travay an silans pou li kapab delivre peyi nou an piti piti.
Ann sispann plenyen, ann ouvri pòt kè nou bay Bondye lavi
a, ki envite nou fè kè nou kontan. Bondye p’ap lage nou, li toujou avèk nou sou
wout la menm jan li te akonpanye disip Emayis yo nan moman kote yo te dezole,
kote yo te pèdi lespwa, paske li toujou pi pwòch pitit li yo k’ap soufri.Kè
sansib Granmèt la plen tè a. (Sòm 32).
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt, ouvri kè m’ pou m’ kapab akeyi lespri rezireksyon an e viv an
konfòmite ak li, dekwa pou mwen kapab sòti nan lanmò pou ale nan lavi ansanm ak
ou.
PWOPOZISYON:
Mèsi Bondye Granmèt pou gwo flanm lespwa rezireksyon Pitit ou a limen nan
kè nou. Ede nou sèvi li temwen chak jou nan lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario