Koulè Blan
LENDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE MOSO
LABIB
“Jezi sa a,
Bondye fè l’ resisite, nou tout nou sèvi l’ temwen”.
NAN
LIV TRAVAY APOT YO 2, 14. 22-32
Jou
Pannkòt la, Pyè kanpe avèk onz yo, li leve vwa l’, li deklare:
“Mesye
Juif yo ak nou tout ki abite Jerizalèm, aprann sa, pare zòrèy nou nan pawòl
mwen yo. Mesye Izrayèl yo, koute pawòl sa yo: Jezi moun Nazarèt la, mesye sa a
Bondye te sèvi l’ temwen nan mitan nou an, avèk mèvèy, pwodij ak siy Bondye te
fè pa lantremiz li nan mitan nou, jan nou konnen an, se li menm nou te touye a,
lè nou fin renmèt li nan men mechan yo pou yo fè l’ pase tray, daprè plan
Bondye te fikse ak prevwayans li. Bondye leve l’, li detwi soufrans anba tè yo,
paske sa pa t’ posib pou l’ te ret kenbe anba l’. Sèke David di osijè l’:
"mwen te wè Granmèt la devan fas mwen davans tout tan, paske li adwat
mwen, mwen p’ap tranble. Se pousa kè m’ kontan, lang mwen ap fete, ata chè m’
ret poze nan esperans; paske ou p’ap lage nanm mwen anba tè a, ou p’ap kite Sen
w’ nan wè dekonpozisyon. Ou fè m’ konnen wout lavi a, w’ap
plen m’ ak kè kontan devan fas ou". "Mesye frè m’ yo, kite m’ pale
nou kareman sou papa nou David, li mouri, yo antere li, kavo l’ lakay nou jous
jounen jodi a. Kòm li te pwofèt, li te konnen Bondye te fè l’ sèman osijè fwi
ren li, pou l’ te fè l’ chita sou fotèy li, li te prevwa li t’ap pale sou
rezireksyon Jezikri a, sèke li pa abandone anba tè a, chè l’ pa wè
dekonpozisyon. Jezi sa a, Bondye resisite l’, nou tout nou sèvi l’ temwen".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10.
11
R/
Prezève m’, Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève
m’ Bondye, paske mwen espere nan ou. Mwen di Granmèt la: "Se Granmèt mwen
mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe
destine mwen.R.
M’ap
fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’
leson.Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen,
mwen p’ap tranble.R.
Se
pousa kè m’ kontan, tout andan fon kè m’ ap danse; menm chè m’ poze nan
esperans.
Paske
ou p’ap lage nanm mwen nan abitasyon mò yo, ou p’ap kite sen w’ nan wè
dekonpozisyon.R.
W’ap
fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou,
plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Anonse frè m’ yo pou y’al nan
Galile, se la y’a wè m’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 28, 8-15
Lè
sa a: medam yo pati byen vit sot nan kavo a ak sezisman ak gran kè kontan, y’al
pot nouvèl bay disip li yo. Jezi vin rankontre yo, li di: "Salu". Yo
menm yo pwoche, yo kenbe pye l’, yo adore l’. Lè sa a atò, Jezi di yo: “Pa pè;
ale, anonse frè m’ yo, pou y’al nan Galile, se la y’a wè m”. Pandan y’ale, gen
kèkzen nan gad yo ki rive nan vil la; yo anonse gran prèt yo tout sa k’ te
pase. Yo rasanble, yo fè reyinyon avèk ansyen yo, yo bay sòlda yo anpil lajan,
yo di: “Di se disip li yo ki vin nannuit, yo vòlè l’, pandan nou t’ap dòmi. Si
prefè a aprann sa, n’a konvenk li, n’a fè nou gen asirans”. Yo menm, lè yo vin
resevwa lajan an, yo fè jan yo te aprann yo a. Pawòl sa a gaye kay Juif yo jous
jounen jodi a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi, premye lendi nan semèn Pak la, se kòm si se menm dimanch rezireksyon
an n’ap pwolonje pandan uit (8) jou, pou nou kontinye fete gran fèt laviktwa
Jezikri pote sou lanmò a, triyonf lavi sou lanmò. Sa se yon gran espwa pou tout
kretyen ak tout moun ki vle suiv Granmèt la. Jezi kraze lanmò, li leve vivan;
konsa yon jou nou va resisite ansanm avèk li pou nou antre nan lavi ki p’ap jan
fini an. Se Sen Pòl ki di nou si nou mouri avèk Kris la, avèk li n’ap reviv.
Se poutèt sa nan premye moso Labib la, nou wè jan Apot
Pyè, granmesi fòs Lespri Sen an, li te deklare kokenn chenn evènman sa a, li te
temwaye gwo viktwa sa etan li di pèp juif
la ke Jezi sa yo te touye sou kwa a, Bondye leve l’ byen vivan. Sa se
bon jan nouvèl esperans lan, Bondye nou an se Bondye lavi a, se pa Bondye
lanmò. Se lavi li vle pou tout pitit li yo.
Moso Levanjil Matye nou sot li a rankonte kòman Jezi te
manifeste l’ bay yon gwoup medam ki te suiv li, menm aprè lanmò, ki te toujou
prezan ak li, ni nan bon tan ni nan move tan. Jezi pwofite rankont li fè ak yo
aprè rezireksyon li pou l’ voye yo anonse mesaj li a bay disip li yo: «Pa pè,
ale, anonse frè m’ yo, pou y’al nan Galile, se la y’a wè m’ ». Se menm
gran mesaj sa a Jezi vle kominike nou jodi a, nou pa bezwen pè anonse bòn novèl
li a, li la, li kanpe ansanm avèk nou; puiske li ranpotè laviktwa, nou kapab di
nan li nou genyen laviktwa tou.
Yon lòt ti kesyon nou ka poze tèt nou: sa Galile vle di
nou nan mesaj sa? Nou kapab idantifye vil sa ak peyi nou Ayiti, Jezikri nan
mitan, l’ap resisite peyi a piti piti, siy resireksyon komansè leve nan li,
malgre pafwa nou kapab wè sa sèlman ak je lafwa. An nou renouvle lafwa nou,
lespwa nou nan Bondye lavi sa a, ann di l’ nou vle viv nan lajwa ak lapè li
pote pou nou ak resireksyon Pitit li a.
LAPRIYÈ:Granmèt
m’ap di w’ mèsi poutèt ou vle m’ fè yon rezireksyon nan lavi m’, m’ap mande w’
fòs pou m’ kapab temwaye nouvèl resireksyon w’ lan nan fason m’ap viv chak jou.
PWOPOZISYON:
Fè yon ti lis siy rezireksyon ou genyen nan lavi ou e nan lavi kominote
kotè w’ap viv la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario