Koulè Blan
DIMANCH PAK
REZIREKSYON GRANMÈT LA
PREMYE MOSO
LABIB
«Nou te manje,
nou te bwè avèk li, aprè li te resisite sot nan pami mò yo ».
NAN
TRAVAY APOT YO 10, 34a. 37-43
Jou
sa yo:
Pyè
louvri bouch li, li di: “Nou konnen sa k’ rive nan tout Jide, kòmanse depi
Galile aprè batèm nan Jan te preche a: Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye te
sakre l’ ak Lespri Sen an ak fòs: li menm ki travèse antan l’ap fè byen, l’ap
geri tout moun dyab la t’ap maltrete, paske Bondye te avèk li. Nou menm nou
temwen tout sa l’ te fè nan rejyon Jwif yo ak Jerizalèm; li menm yo te touye
antan yo pandye l’ sou bwa a. Bondye fè l’ leve twazyèm jou a; li fè l’ parèt,
non pa devan tout pèp la, men devan temwen yo Bondye te chwazi davans yo: nou
menm, ki te manje, ki te bwè avèk li, aprè l’ te fin resisite sot nan pami mò
yo. Li pase nou lòd pou nou preche pèp la, pou nou sèvi temwen Bondye mete l’
kòm jij moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. Tout pwofèt yo sèvi l’ temwen,
tout moun ki kwè nan li ap resevwa padon peche yo o non l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 117, 1-2. 16ab-17. 22-23
R/ Jou
sa a Granmèt la fè a; se pou nou fete, se pou nou kontan nan li.
Oubyen: Alelouya, alelouya, alelouya.
Fè
lwanj Granmèt la, poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan. Se pou
Izrayèl di sa koulye a poutèt li bon, poutèt kè l’ sansib pou tout tan.R.
Men dwat Granmèt la fè mèvèy, men
dwat Granmèt la leve byen wo. Mwen p’ap mouri, men m’ap viv, m’ap rakonte
travay Granmèt la.R.
Wòch
la bòs mason yo te jete a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an; se nan Granmèt
la sa sòti pou l’ fèt, se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
«Se bagay anwo yo pou nou chèche, kote
Jezikri ye a».
LÉKTU
LÈT APOT PÒL KI SIN POU KOLOSYIN YO 3, 1-4
Frè
m’ yo:
Si
nou resisite ansanm avèk Jezikri, se bagay ki anwo yo pou nou chèche, kote
Jezikri chita adwat Bondye a: se bagay ki anwo yo pou nou goute, se pa bagay ki
sou tè a; Sèke nou mouri, lavi nou kache avèk Jezikri nan Bondye. Lè Jezikri ap
parèt, li menm ki lavi nou, lè sa a nou menm tou n’ap parèt ansanm avèk li nan
glwa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li te gen pou l’ te leve sot nan
pami mò yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 20, 1-9
Premye jou semèn nan, Mari Madlèn
rive granmaten, nan kavo a, pandan l’ te fènwa toujou; li wè wòch la leve sot
nan kavo a. Li kouri vin kot Simon Pyè ak lòt disip la, sa Jezi te renmen an,
li di yo: “Yo leve Granmèt la sot nan kavo a, nou pa konnen kote yo depose l”.
Pyè sòti, ni lòt disip sa a, yo rive kot kavo a. Yo t’ap kouri yo tou lè de
ansanm, lòt disip sa a te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kavo a.
Lè l’ panche, li wè bann twal yo ki poze atè a; men li pa antre. Simon ki t’ap
suiv li vin rive tou, li antre nan kavo a, li wè bann twal yo ki poze atè a, ak
mouchwa a ki te sou tèt li a, men ki pa t’ poze avèk bann twal yo, li te vlope
apa yon kote. Lè sa a
atò lòt disip sa a antre, li menm ki te vin an premye nan kavo a, li wè, li kwè.
Sèke yo pa t’ ko konnen sa k’ ekri yo, li te gen pou l’ te leve sot nan pami mò
yo.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jezi leve byen vivan. Alelouya, alelouya ! Lanmò
pèdi pouvwa. Alelouya, alelouya ! Sen Pòl di nou : «Si Kris la
pa t’ leve sòti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m’anonse
nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè». (1Kor 15,14). Konsa,
Dimanch Rezireksyon an oubyen Dimanch Pak la, se fèt ki pi enpòtan pou tout kretyen,
puiske se Rezireksyon Jezi a ki bay lafwa nou sans. Kris la triyonfe sou lanmò
a e, gras a sa, li ouvri pòt syèl la pou nou. Nan lamès dimanch sa a, yon fason
espesyal nou sonje gwo kè kontan sa a. Yo limen gwo chandèl Pak la ki
reprezante limyè Kris la ki resisite e ki rete limen jouskaske jou Lasansyon an
rive, lè Jezi monte nan syèl la.
Rezireksyon Jezi a, se yon bagay
istorik ; prèv nou genyen, sèke tonbo a vid, epi Jezi parèt plizyè fwa
devan Apot li yo. Lè nou
selebre Rezireksyon Kris la, se pwòp liberasyon nou tou nou selebre. Nou
selebre echèk peche a ak lanmò.
Mesaj santral fèt Pak la, se Jezi ki leve byen vivan sòti pami mò yo.
Nan twa tèks yo pou jodi a, nou jwenn mesaj Pak la; nan premye moso Labib la
nou wè Sen Pyè, ki te di li pa t’ konnen Jezi kèk jou avan, se li menm, nan liv
Travay Apot yo, ki fè yon rezime sou tout sa k’ te pase Jezi jous li rive nan
Rezireksyon an. Nan dezyèm moso Labib la, nou jwenn Apot Pòl, ki te konn ap
pèsekite Legliz, ki vin tounen temwen Bòn Nouvèl la, ki se Jezi ki mouri e ki leve
byen vivan. Toulède mesye sa a yo fè eksperyans, yo goute Jezi, se sa k’ fè yo
pa ka rete san yo pa pale. Sa vle di, yon moun ki fè eksperyans Jezi, ki goute
Jezi pa ka rete bouch fèmen devan sa l’ wè ak sa l’ tande.
Pi devan nan Levanjil la, nou wè kòman Mari Madlèn te rive an premye nan
kavo a, li pa wè kò Jezi, li panse yo te vòlè l’. Li pa t’ konnen sa k’ te gen
pou rive aprè twa jou oubyen li te bliye. Yon sèl bagay, li tounen
temwen menm moman an e li kouri anonse Bòn nouvèl la. Pyè okontrè, li antre, li touche, li chèche
wè. Byen souvan, nou kanpe, nou kwaze bra nou devan reyalite lavi a, san nou pa
janm chèche kòman nou kapab anbrase yon sitiyasyon ki prezante devan nou.
Kavo a vid, Jezi resisite! Se sou sa lafwa nou chita. Li pran lanmò pou l’ ba
nou lavi. Èske nou menm nou pwofite gras sa a, favè sa a Bondye fè nou
an ? Èske nou tounen temwen Bòn Nouvèl la menm jan ak Pyè, Pòl epi
Jan ? An nou gade sou kisa lafwa
nou chita nan gwo jou rezireksyon an ; kisa nou fè pou nou vin tounen
temwen Bòn Nouvèl la. Anpil fwa mechanste lezòm mete n’ nan kavo san nou pa
mouri : lè nou pa viv ak diyite tankou pitit Bondye, lè yo maltrete nou
nan kò nou, nan kè nou ak nan lespri nou. Nou dwe fè jefò pou nou kraze fòm
lanmò sa a yo, pou nou kapab gen lavi menm jan avèk Jezi.
Rezireksyon an se yon limyè pou klere tout moun e limyè
sa a dwe reyone nan lavi chak kretyen pou yo kapab emèt li bay tout moun, pou
yo kapab goute nan jwa reziresksyon an atravè pawòl yo, temwayaj yo ak travay apostola
y’ap fè.
Kè nou dwe vrèman kontan pou Rezireksyon Jezikri
a, Granmèt nou an. Nan tan Pak sa a ki kòmanse a, nou dwe pwofite tout lagras
Bondye ba nou yo pou nou kapab grandi nan lafwa epi tounen bon kretyen.
Avèk
Dimanch Rezireksyon an, Tan paskal la kòmanse, tan kote nou sonje moman Jezi te
rete ak Apot yo avan li te monte nan syèl la nan fèt Asansyon an. An nou viv
tan sa a nan pwofondè.
LAPRIYÈ :
Bondye, ou menm ki louvri pòt lavi
tout tan an pou nou jodi a, gras a Sèl Pitit ou a ki ranpòte laviktwa sou lanmò
a, tanpri, nou menm k’ap fete gran fèt rezireksyon Granmèt la, fè nou resisite
nan limyè lavi a gras a Espri ou la ki refè nou tou nèf la. Pa pouvoua Jezikri.
PWOPOZISYON : Mwen vle tounen temwen Bòn Nouvèl la,
Jezi ki mouri e ki leve byen vivan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario