Koulè Blan
JEDI SEN
+ MÈS SEN-KRÈM NAN MATEN: (se mès Evèk la selebre ansanm ak pè
yo; mès kote yo beni tout kalite luil ki sèvi nan sakreman yo).
[POU MÈS SOUPE GRANMÈT LA ASWÈ: (EKZÒD 12, 1-8. 11-14; Ps 115, 12-13. 15-16bc. 17-18; 1 Kor11, 23- 26; JAN 13, 1- 15)]
PREMYE MOSO
LABIB
“Granmèt la sakre m’, li voye m’
anonse pòv yo bòn nouvèl la, ba yo losyon kè kontan an”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 61, 1-3a. 6a.
8b-9
Lespri Granmèt la sou mwen, se pou
sa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse kè ki
kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo,
pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè gras, yon jou vanjans pou Bondye nou
an, pou m’ konsole tout moun ki nan lapenn, pou m’ mete yon kouwòn nan plas
sann pou moun Siyon yo ki nan lapenn yo, losyon kè kontan nan plas dèy, manto
lwanj nan plas lespri tristès.
Nou menm y’ap rele nou “prèt Granmèt
la”, y’ap di nou “sèvitè Bondye nou an”.
M’ap
ba yo rezilta travay yo nan verite, m’ap pase yon alyans tout tan avèk yo. Y’ap
rekonèt ras yo nan nasyon yo, ak sa k’ sot nan yo nan mitan pèp yo. Tout moun
k’ap wè yo ap rekonèt yo, paske yo se semans Granmèt la beni.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 88, 21-22. 25 e 27
R/ Kè
sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Mwen
jwenn David sèvitè m’ nan; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’. Men m’ap ret
fèm avèk li, bra m’ap ba li fòs. R.
Verite m’ ak kè sansib mwen ap avèk
li, o non m’ l’ap leve kòn li. Li menm l’ap rele m’: “Se Papa m’ ou ye, Bondye
m’ ak kachèt delivrans mwen”.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Li fè nou
vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye Papa a”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1,
5-8
Favè pou nou ak lapè sot nan
Jezikri, ki temwen fidèl la, premye pitit nan pami mò yo, ak chèf wa yo ki sou
tè a, li menm ki renmen nou, ki lave nou sot nan peche nou yo nan san l’, ki fè
nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye Papa l’; konpliman pou li ak otorite
pou tout tan gen tan. Amèn.
Men l’ap vini avèk nyaj yo, tout je
ap wè l’, menm sa k’ te transpèse l’ yo; tout ras sou tè a ap plenn sou li. Wi.
Amèn.
Se mwen menm alfa ak omega,
kòmansman ak finisman, deklarasyon Granmèt la, li menm ki la, ki te la, k’ap
vini, li menm ki gen tout pouvwa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Lespri Granmèt la sou mwen; se
pousa li sakre m”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 4, 16-21
Lè
sa a:
Jezi
rive Nazarèt, kote yo te fè edikasyon l’ nan, li antre nan sinagòg la daprè
abitid li, jou saba a, li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a. Li
louvri liv la, li jwenn kote ki ekri a:
“Lespri
Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li voye m’ pote bòn nouvèl la bay
pòv yo, geri kè ki kraze yo, preche padon pou prizonye yo, ak limyè pou avèg
yo, ranvwaye sa k’ap pase mati yo nan libète, preche yon ane Granmèt la fè
gras, yon jou rekonpans”.
Li
pliye liv la, li renmèt sèvan an li, li chita. Je tout moun nan sinagòg la te
fikse sou li. Li kòmanse di yo: “Jodi a sa k’ ekri la a akonpli nan zòrèy nou”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : “Jodi a sa k’ ekri la a akonpli nan zòrèy
nou”. Se avèk pawòl sa yo Jezi konfime reyalizasyon pwofesi Izayi a nan pwòp
lavi li. Jezi ba nou asirans, li se Mesi a, puiske se li ki vin pote bòn nouvèl la bay pòv yo, se li ki vin geri kè ki
kraze yo, se li ki vin preche padon pou prizonye yo, se li ki pote limyè pou
avèg yo, paske se nan tan gras la nou ye.
Jounen jodi, nou bezwen Jezi pou vin
di nou yon pawòl konsolasyon lè nou gade sosyete nou yo k’ap depafini akoz zak
teworis, delenkans, vyolans sou tout fòm.
O Jezi, vin geri kè ak konsyans ki
blese akoz endiferans globalize ki fè anpil fwa menm Legliz ou a fayi nan misyon
li. Vin libere nou nan prizon esklavaj pasyon pou byen materyèl ke nou bay plis
valè pase Bondye e ki lakòz nou youn ap detwi lòt !
O Jezi, vin sove lafanmi k’ap detwi
akoz fenomèn omoseksyalite k’ap devlope chak jou pi plis ! Fè limyè w’
klere nan fènwa lanbisyon nou pou nou kapab aprann viv kòm frè ak sè nan pataje
sa nou genyen menm si li piti.
O Jezi, ba nou yon kè ki sanble avèk
pa ou, pou nou ka aprann renmen youn lòt, pou nou ka dekouvri vizaj ou nan
vizaj tout moun k’ap pote yon kwa soufrans !
O Jezi, tanpri vin delivre mond nou
an ki dechire e ki pa konn kote pou l’ fikse je l’, tèlman gen vye lide k’ap
sikile ladan l’ !
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, tanpri ede nou viv selon sa nou kwè a. Konsa nou va
temwaye renmen w’ lan tout bon vre.
PWOPOZISYON : Reflechi sou fason mwen ka kolabore ak Jezi nan misyon
li, ki se sove tè a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario