Koulè
Wouj
VANDREDI
SEN
SEREMONI SOUFRANS GRANMÈT LA
PREMYE MOSO LABIB
“Li blese poutèt peche nou yo”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 52, 13-53, 12
Men
sèvitè m’ nan ap gen konprann, y’ap leve l’ anlè, y’ap leve l’ byen wo, l’ap
anlè nèt. Menm jan anpil moun te sezi osijè ou, konsa figi l’ap san bèlte nan
pami lèzòm, ni fòm li nan pami pitit moun yo. L’ap fè anpil nasyon kriye, sou
li wa yo ap fèmen bouch yo, paske se bagay yo pa t’ rakonte y’ap wè osijè l’,
se sa yo pa t’ tande y’ap gade. Kilès ki kwè sa nou tande a? Bra Granmèt la bay
ki moun li devwale?
L’ap
leve tankou yon ti kreyòl, tankou rasin ki sot nan tè sèk. Li pa gen aparans ni
bèlte, nou te wè l’, li pa t’ gen fòm figi, nou te anvi l’; li te meprize, se
dènye nan moun yo, moun soufrans, ki konn maladi, fas li te kòm kache, li te
meprize, se pousa nou pa t’ menm gen konsiderasyon pou li.
Reyèlman
vre se maladi nou li menm li t’ap pote, se soufrans nou li menm li t’ap pote,
nou menm nou te konprann li te tankou yon moun maladi lalèp, yon moun Bondye
frape, Bondye rabese. Li menm menm li blese pou peche nou, li frape poutèt krim
nou yo, koreksyon lapè nou an sou li, se gras a kote l’ blese yo nou geri.
Nou tout nou te pèdi chemen tankou
mouton, chak moun te devye nan chemen pa l’. Granmèt la mete fot nou tout nan
li. Li ofri tèt li, paske li vle, li pa louvri bouch, tankou mouton devan moun
k’ap koupe lenn li, li ret an silans, li pa louvri bouch li.
Yo
fè l’ pase tray, yo kondane l’, yo touye l’. Ki moun k’ap rakonte ras li? paske
yo wete l’ sot sou tè vivan yo; poutèt krim pèp mwen an mwen te frape l’. Y’ap
ba l’ mechan pou lantèman l’, ak rich pou lanmò l’, malgre li pa t’ fè peche,
pa t’ gen manti nan bouch li.
Granmèt
la te vle kraze l’ nan maladi. Si l’ bay lavi l’ pou peche a, l’ap wè yon
desandans k’ap viv lontan, volonte Granmèt la ap dirije nan men l’. Poutèt nanm
li te soufri, l’ap wè, l’ap konble. Nan syans li, sèvitè m’ nan ki kòrèk la ap
rann anpil moun kòrèk, l’ap pote peche yo li menm menm.
Se
pousa m’ap ba l’ anpil moun pou pòsyon pa l’, l’ap separe byen anpil moun ki
gen pouvwa, poutèt li te bay lavi l’ nan lanmò, yo te konsidere l’ nan ran
kriminèl, epoutan li t’ap pote peche anpil moun yo, li t’ap lapriyè pou sa k’
fè peche yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 30, 2 e 6. 12-13. 15-16. 17 e 25
R/
Papa, nan men ou mwen renmèt lespri m’.
Nan
ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m’ wont pou tout tan; nan jistis ou delivre
m’. Nan men ou mwen renmèt lespri m; ou delivre m’,
Granmèt, Bondye verite a.R.
Devan tout lènmi m’ yo mwen vin
tounen dezonè, ni pou vwazen m’ yo menm, sezisman pou zanmi m’ yo: sa k’ te
konn wè m’ deyò, yo sove pou mwen. Yo bliye m’ nan kè, tankou yon moun mouri;
mwen tankou yon veso ki pèdi.R.
Men mwen menm se nan ou mwen espere,
Granmèt; mwen di: “Se Bondye m’ ou ye, nan men ou destine m’ ye”. Delivre m’
sot nan men lènmi m’ yo ak sa k’ap pèsekite m’ yo.R.
Klere fas ou sou sèvitè ou, sove m’
nan kè sansib ou. Aji avèk kouraj, rafèmi kè nou, nou tout ki espere nan
Granmèt la.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Li aprann
obeyisans, li vin tounen kòz delivrans pou tout moun ki obeyi l”.
NAN
LÈT POU EBRE YO 4, 14-16; 5, 7-9
Kòm
nou gen yon gran prèt an chèf, ki antre nan syèl yo, Jezi Pitit Bondye, se pou
nou kenbe deklarasyon lafwa a. Sèke nou pa gen yon prèt an chèf ki pa kapab
soufri feblès nou avèk nou, yo eseye l’ nan tout bagay menm jan avèk nou, sof
peche a. Konsa se pou nou pwoche avèk konfyans kot fotèy bèlte a, pou nou jwenn
kè sansib, pou nou jwenn favè nan sekou, nan bezwen.
Nan
jou Jezikri t’ap viv nan chè a, li ofri lapriyè avèk plent, avèk gwo rèl, ak
dlo nan je l’, kot sila a ki kapab sove l’ sot nan lanmò, li koute l’ poutèt
respè l’. Men, malgre se Pitit Bondye li te ye a, li aprann obeyisans, nan sa
l’ soufri yo, lè l’ rive nan dènye pwen pou l’ te rive a, li vin tounen kòz
delivrans tout tan an pou tout moun ki obeyi l’.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Yo arete Jezi, yo mare l”.
SOUFRANS
GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ JAN 18, 1-19, 42
Lè sa a:
Jezi sòti avèk disip li yo lòt bò
ravin Sedwon an, kote te gen yon jaden, li antre ladan l’, ni disip li yo tou
Jida te konn kote a, li menm ki t’ap bay li a; paske Jezi te konn vin la souvan
avèk disip li yo.
Konsa, Jida pran twoup la ak sèvitè
gran prèt yo ak farizyen yo, li rive la avèk fannal ak flanbo ak zam. Jezi
menm, kòm li te konnen tout sa k’t a prale rive l’ li pwoche, li di yo: “Ki moun
n’ap chèché”?
Yo
reponn li: “Jezi moun Nazarèt la”.
Jezi
di yo: “Se mwen menm”. Jida te kanpe la tou ansanm avèk yo li menm ki t’ap
renmèt li a. Lè Jezi di yo “Se mwen menm” nan, yo rekile dèyè, yo tonbe atè.
Li
poze yo kesyon ankò: “Ki moun n’ap chèche”?
Yo
menm yo di: “Jezi moun Nazarèt la”.
Jezi
reponn: “Mwen te di nou se mwen menm; konsa si se mwen menm n’ap chèche, kite
sila yo pati”. Se pou pawòl la te kapab reyalize, sa l’ te di a: “Sila yo ou te
ban mwen an, mwen pa pèdi youn nan yo”.
Simon
Pyè menm te gen yon epe, li rale l’, li frape sèvitè gran prèt la, li koupe
zòrèy dwat li. Yo te rele non sèvitè a Malkus.
Jezi
menm di Pyè: “Mete epe w’ la nan fouwo a: Kalis la Papa a ban mwen an, èske
mwen p’ap bwè l”?
“Yo kondui Jezi kot Án dabò”.
Twoup
la ak kòmandan an ak sèvitè Jwif yo arete Jezi, yo mare l’, yo kondui l’ kot Án
anvan; se te bòpè Kayif, ki te gran prèt ane sa a. Se Kayif sa a menm ki te bay
Jwif yo konsèy, ki te di “pito se yon sèl moun ki mouri pou pèp la”.
Simon Pyè t’ap suiv Jezi ak lòt
disip la. Disip sa
a, gran prèt la te konnen l’, li antre avèk Jezi nan lakou gran prèt la. Pyè
menm te kanpe nan baryè a sou pa deyò. Lòt disip la sòti, li menm gran prèt la
te konnen an, li pale ak fi ki t’ap veye baryè a, li fè Pyè antre. Sèvant la ki
t’ap veye baryè a di Pyè: “Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip mesye sa
a”?
Li
menm li di: “Mwen pa ladan l”. Sèvitè yo ak gad yo te kanpe bò brèz dife a,
paske li te fè frèt, yo t’ap chofe kò yo. Pyè te kanpe avèk yo tou, li t’ap
chofe kò l’.
Prèt an chèf la poze Jezi kesyon sou
disip li yo ak sou ansèyman l’. Jezi reponn li: “Mwen menm se aklè mwen te pale
pou tout moun; mwen menm se tout tan mwen te bay lansèyman nan sinagòg la ak
nan Tanp la, kote tout Jwif yo vin rasanble a, an kachèt mwen pa di anyen. Poukisa w’ap poze m’ kesyon an?
Entèwoje yo, yo menm ki te koute sa m’ te di yo; men yo menm yo konnen sa m’ te
di mwen menm”.
Kon
l’ di sa, youn nan sèvitè yo ki te kanpe la a bay Jezi yon souflèt, li di: “Se
konsa ou reponn gran prèt la”?
Jezi
reponn li: “Si m’ m al pale, bay prèv ki sa k’ mal la; men si m’ byen pale,
poukisa ou frape m’ nan?
Án voye l’ tou mare bay Kayif gran
prèt.
“Èske ou menm tou ou pa t’
nan pami disip li yo? Mwen pa ladan l’”.
Simon Pyè te kanpe, li t’ap chofe kò
l’, yo di l’: “Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip li yo?” Li menm li nye li di: “Mwen pa ladan
l’”.
Youn
nan sèvitè prèt an chèf yo, fanmi sa Pyè te koupe zòrèy li a, li di l’: “Èske
mwen menm menm mwen pa t’ wè ou nan jaden an avèk li”? Pyè menm nye ankò, epi menm
lè a kòk la chante.
“Peyi wa m’ nan pa sot sou tè sa a”
Yo
kondui Jezi sot kay Kayif al nan palè a. Se te granmaten. Yo menm yo pa antre
nan palè a, pou yo pa sal, pou yo kapab manje Pak la. Pilat sòti deyò kote yo,
li di: “Ki akizasyon nou pote kont mesye sa a” Yo pran laparòl yo di l’: “Si se
pa yon malfetè sila a te ye, nou pa ta bay ou li”.
Pilat
di yo: “Pran l’ nou menm, jije l’ daprè lalwa nou an”.
Jwif
yo di l’: “Nou pa gen dwa touye pèsòn”. Se pou pawòl Jezi a te kapab reyalize,
sa l’ te di pou l’ montre ki kalite lanmò li te gen pou l’ te mouri a.
Konsa
Pilat antre ankò nan palè a, li rele Jezi, li di l: “Èske ou se wa Jwif yo”?
Jezi
reponn: “Èske se ak pwòp fòs ou ou di sa, oubyen se dòt moun ki te di ou sa sou
mwen”?
Pilat reponn: “Èske m’ se Jwif mwen
menm? Nasyon w’ nan ak gran prèt yo renmèt ou ban mwen: kisa ou fè”?
Jezi reponn: “Peyi wa m’ nan pa sot
sou tè sa a. Si peyi wa m’ nan te sot sou tè sa
a, sètènman sèvitè m’ yo ta batay pou yo pa bay mwen nan men Jwif yo; koulye a
peyi wa m’ nan pa isit la”?
Pilat di l’: “Èske se wa ou ye”?
Jezi reponn: “Ou di l’: se wa mwen
ye. Mwen menm se pou sa mwen fèt, se pou sa mwen vini sou tè a, pou m’ sèvi
laverite a temwen: tout moun ki disip laverite a, yo koute vwa m”.
Pilat di l’: “Sa k’ laverite a”?
Kon l’ fin di sa, li sòti ankò kot
Jwif yo, li di yo: “Mwen menm mwen pa jwenn okenn kòz nan li. Se yon abitid pou
nou, pou m’ lage yon moun ba nou pou Pak la; èske nou vle pou m’ lage wa Jwif
yo ba nou”?
Yo
leve vwa yo ankò yo tout, yo di: “Pa sila a, men Barabas”. Barabas la se te yon
asasen.
“Salu, wa Jwif yo”
Lè
sa a atò, Pilat pran Jezi, li fè bat li. Sòlda yo trese yon kouwòn ak pikan, yo
mete sou tèt li, yo vlope l’ ak yon manto wouj. Yo vin devan l’, yo t’ap di:
“Salu, wa Jwif yo”; epi yo t’ap ba l’ souflèt.
Pilat
sòti ankò, li di: “Mwen mennen l’ deyò ban nou, pou nou konnen mwen pa jwenn
okenn kòz nan li”. Jezi sòti, antan l’ pote kouwòn pikan an ak rad wouj
la.
Li di yo: “Men moun nan”.
Lè gran prèt yo ak sèvitè yo wè l’,
yo rele byen fò, yo di: “Kloure l’ sou kwa, kloure l’ sou kwa”.
Pilat di yo. “Pran l’ nou menm
kloure l’ sou kwa; mwen menm mwen pa jwenn kòz nan li”.
Jwif yo reponn li: “Nou menm nou gen
yon lalwa, daprè lalwa a, se pou l’ mouri, paske li fè tèt li pase pou Pitit
Bondye”.
Lè Pilat tande pawòl sa a, li vin pi
pè ankò. Li antre nan palè a ankò, li di Jezi: “Kote w’ sòti”? Jezi menm pa
reponn li anyen. Pilat di l’: “Ou pa pale avèk mwen? Ou pa konnen mwen gen
pouvwa kloure ou sou kwa, epi mwen gen pouvwa lage ou”?
Jezi reponn: “Ou pa ta gen okenn
pouvwa kont mwen, si yo pa t’ ba ou sa sot anwo. Se pousa sila a ki renmèt mwen nan men w’ nan, li fè yon pi
gran peche”.
“Wete l’, wete l’ kloure
l’ sou kwa”.
Depi lè sa a, Pilat t’ap chèche lage
l’. Jwif yo menm t’ap rele byen fò, yo t’ap di: “Si ou lage moun sa a, ou pa
zanmi Seza, paske tout moun ki declare l’ wa, li kont Seza”. Pilat menm, lè l’ tande sa yo, li
kondui Jezi deyò li fè l’ chita sou fotèy tribinal la, kote yo rele Litostwotòs
la, nan langaj ebre se Gabata. Se te preparasyon Pak la, li te midi.
Li
di Jwif yo: “Men wa nou an”.
Yo
menm yo pouse rèl byen fò: “Wete l’, wete l’, kloure l’ sou kwa”.
Pilat di yo: “Wa nou an pou m’ ta
kloure sou kwa”?
Prèt an chèf yo reponn: “Nou pa gen
dòt wa pase Seza”. Lè sa a atò, li renmèt li nan men yo pou yo kloure l’ sou
kwa.
“Yo kloure l’ sou kwa, epi de lòt avèk li”.
Yo
pran Jezi, yo sòti avèk li. Li pote kwa a li menm menm, 1’ale kote yo rele
kalvè a, nan langaj ebre se Gòlgota, se la yo kloure l’ sou kwa; avèk li te gen
de lòt, youn yon bò, lòt la lòt bò a, Jezi menm nan mitan. Pilat te ekri rezon
kondanasyon an, li te poze l’ sou kwa a. Men sa k’ te ekri: “Jezi Nazarèt, wa
Jwif yo”. Fraz sa a, anpil Jwif te li l’, paske kote yo te kloure Jezi sou kwa
a te tou pre lavil la, epi yo te ekri l’ nan langaj ebre, grèk ak laten.
Gran
prèt Jwif yo t’ap di Pilat: “Pa ekri wa Jwif yo, men sila a di: “Mwen se wa
jwif yo”. Pilat reponn: “Sa m’ fin ekri, li ekri”.
“Yo separe rad li”.
Sòlda
yo menm lè yo fin kloure l’ sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pòsyon, yon
pòsyon pou chak sòlda, epi rad long nan. Rad long sa
a te fèt san kouti, li te file alamen nèt, depi anwo jous anba. Youn di lòt:
“Nou p’ap chire l’, men n’ap tire l’ osò pou nou wè ki moun k’ap jwenn li”. Se pou pawòl Labib la te kapab
reyalize, sa k’ di: “Yo separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m’ nan osò”.
Sòlda yo, se sa yo fè.
“Men pitit ou. - Men manman ou”.
Sou
kote kwa Jezi a, manman l’ te kanpe, ni sè manman l’ nan, Mari Klewofas, ak
Mari Madlèn. Lè Jezi wè manman l’ ak disip li te renmen an ki kanpe, li di
manman l’: “Madanm, men pitit ou”; aprè sa, li di disip la: “Men manman ou”.
Depi lè sa a, disip la resevwa l’ lakay li.
(“Tout bagay fin reyalize”)
Aprè
sa, Jezi konnen tout bagay fin reyalize, pou sa l’ ekri a te kapab reyalize, li
di “Mwen swaf”. Te gen yon veso plen vinèg ki te depoze la; yo menm yo pran yon
eponj plen vinèg, yo mete nan pwent yon branch izòp, yo pwoche l’ bò bouch li. Lè Jezi pran
vinèg la, li di: “Tout bagay fini”. Li bese tèt li, li renmèt lespri a.
(Isit la, yo fè jenifleksyon, yo poze yon ti moman)
Jwif
yo menm, kòm se te preparasyon Pak la, pou kò yo pa rete sou kwa a jou saba a,
(sèke se te gran jou saba jou sa a), yo mande Pilat pou yo kraze janm yo, pou
yo wete yo. Sòlda yo vini, yo kraze janm premye a ak lòt la ki te kloure a avèk
li a. Men lè yo rive sou Jezi, kòm yo wè li te deja mouri, yo pa kraze janm li,
men youn nan sòlda yo louvri kòt li ak pik li a, menm lè a dlo ak san sòti.
“Yo mare kò Jezi ak bann
twal avèk losyon”.
Aprè bagay sa yo, Jozèf moun Arimati
a, mande Pilat pou l’ wete kò Jezi, se disip Jezi li te ye, men an kachèt paske
li te pè Jwif yo. Pilat ba l’ pèmisyon. Li rive li pran kò Jezi.
Nikodèm rive tou, li menm ki te vin
kot Jezi nannuit premye fwa a, li pote yon melanj lami ak alwès, apeprè san
liv. Yo pran kò Jezi, yo mare l’ ak bann
twal avèk losyon yo, jan Jwif yo abitye antere mò yo. Te gen yon jaden kote yo
te kloure Jezi sou kwa a; nan jaden sa a te gen yon kavo tou nèf, kote yo pa t’
ko met pèsòn, se la yo mete Jezi akòz preparasyon Pak Jwif yo, paske kavo a te
tou pre. Se la yo te mete Jezi.
An nou fè Lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Pwofèt Izayi prezante nou Jezi tankou sèvitè
k’ap soufri a. Sa vle di, anpil ane anvan, li te deja anonse kisa ki te ret ap
tann Jezi, tout soufrans li te genyen pou l’ rankontre sou chemen misyon li. Tout sa, poutèt peche
nou yo, li chaje kwa a sou do l’.
Levanjil Jan ki sen an ap mete aklè
tout sa pwofèt la te anonse depi byen lontan osijè Jezi. Yo arete l’ tankou yon
bandi, yo krache nan figi l’, yo mete kouwòn pikan sou tèt li jous li rive
mouri sou yon kwa. Èske nou kwè Pitit Bondye a te merite sa ? Non. Se pa
yon aza. Sèke Jezi te gen yon misyon byen detèmine : pran lanmò pou l’ te
kapab ban nou lavi. Jezi te dakò misyon sa a ke Papa a te konfye l’ la. Se sa
k’ fè nan dezyèm moso Labib la, nan lèt pou Ebre yo, yo prezante Jezi kòm Gran Prèt
an chèf ki soufri feblès nou avèk nou, ki pote chay peche nou yo e ki obeyi jis
nan dènye bout, san li pa di yon mo, tankou yon mouton y’ap mennen labatwa. Li
te lage tout bagay nan men Bondye paske vrèman li te konnen Li pa t’ap kite l’
pran wont. Se sa nou jwenn nan sòm 30 la ke yo pwopoze nou pou reflekyon jodi
a.
Nou menm tou, jodi a, ann gade lavi
nou. Èske nou janm pran yon ti tan pou n’ gade, pou n’ reflechi sou sans
soufrans Jezi nan lavi nou, ki fè nou gen diyite pitit Bondye ? Ann gade
tou kòman nou reyaji devan soufrans, devan imilyasyon, devan mechanste n’ap
sibi nan men lèzòm. Devan tout bagay sa yo, nou fèt pou nou kenbe fèm, pandan
n’ap gade Jezi sou kwa a, konsa chay nou yo va vin lejè, paske li toujou prè
pou l’ede nou.
LAPRIYÈ : Jezi gran frè mwen, m’ap mande w’ mete
fòs ou te genyen anba kwa nan feblès mwen yo, konsa m’a gen kouraj pou m’ pote
kwa lavi a, pou m’ kapab rive nan dènye bout.
PWOPOZISYON : Mwen vle pran yon ti tan
chak jou, pou m’ reflechi sou enpòtans soufrans Jezi yo genyen nan lavi m’epi
ede lòt moun reflechi sou enpòtans soufrans sa yo nan lavi yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario