Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Si ou kwè
ak tout kè ou, ou kapab batize”.
NAN
TRAVAY APOT YO 8,26-40
Jou
sa yo:
Zanj
Granmèt la pale ak Filip, li di:
“Leve,
al nan sid, sou wout ki desann sot Jerizalèm al Gaza a: li pa gen pèsòn. Li
leve, 1’ale.
Te
gen yon mesye Etyopi, yon minis Kandas, rèn Etyopi a, li te gen gwo pouvwa, se
li menm ki te responsab tout richès li yo, li te vin adore Jerizalèm.
Pandan
l’ap tounen, li te chita nan charyo li, l’ap li pwofèt Izayi. Espri a di
Filip: “Pwoche, rive kot charyo sa a”. Filip pwoche, li tande l’ap li pwofèt
Izayi a; li di: “Èske ou kwè ou konprann sa w’ap li a”? Li di:
“Epi,
kijan mwen ta kapab, si pèsòn pa montre m’”? Li mande Filip pou l’ monte, pou
l’ chita avèk li. Pasaj sa k’ ekri a li t’ap li a, men li: “Tankou yon mouton
yo kondui labatwa, tankou yon mouton devan moun k’ap koupe lenn li, san vwa, se
konsa li pa louvri bouch li. Yo rabese l’, yo wete jijman l’. Ras li, ki moun
k’ap rakonte l’? paske yo wete lavi l’ sot sou tè a”. Minis la pran lapawòl, li
di Filip: “Tanpri, osijè ki moun pwofèt la ap di sa a? Èske se osijè pwòp tèt
pa l’ oubyen osijè yon lòt”? Filip ouvri bouch li, li kòmanse depi nan pasaj sa
k’ ekri la a, li ba l’ bòn nouvèl Jezi a.
Pandan
yo t’ap vwayaje sou wout la, yo rive nan yon dlo, li di minis la: “Men dlo; ki
sa k’ anpeche m’ batize”? Filip di:
“Si ou kwè ak tout kè ou, ou kapab”.
Li reponn, li di:
“Mwen
kwè Jezikri se Pitit Bondye”. Li pase lòd pou yo fè rete charyo a. Yo tou le de
desann nan dlo a, ni Filip, ni minis la, li batize l’.
Pandan
y’ap monte sot nan dlo a, Espri Granmèt la sezi Filip, minis la pa wè l’ ankò;
li kontinye wout li ak kè kontan. Filip menm rive Azòt, li travèse, l’ap bay
bòn nouvèl la nan tout vil yo, joustan li rive Sezare.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
65, 8-9. 16-17. 20
R/ Bat bravo pou Bondye, tout tè a.
Fè konpliman pou Bondye nou, nasyon
yo, fè tande vwa lwanj li; li menm ki mete nanm nou nan lavi, ki pa kite pye
nou frape.R.
Vini, koute, nou tout ki krenn
Bondye, m’ap rakonte tout sa l’ fè pou nanm mwen.
Se kote l’ mwen rele ak bouch mwen,
mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
Konpliman pou Bondye, ki pa meprize
priyè m’, li pa wete kè sansib li sot sou mwen.R.
LEVANJIL
“Mwen se pen vivan an, ki desann sot
nan syèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 44-52
Lè
sa a: Jezi di foul yo:
“Pèsòn
pa kapab vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m’ nan pa rale l’; epi mwen menm
m’ap fè l’ resisite l’ nan dènye jou a. Men sa ki ekri nan pwofèt yo: “Yo tout
ap jwenn ansèyman nan men Bondye”.
Tout moun ki koute Papa a epi ki
kite l’ ba l’ ansèyman, l’ap vin jwenn mwen.
Se
pa paske gen moun ki wè Papa a, sof sa a ki sot nan Bondye a, se li menm ki wè
Papa a. Amèn, amèn mwen di nou, moun ki
kwè nan mwen, li gen lavi tout tan an.
Mwen
se pen lavi a.
Papa
nou yo te manje mán nan dezè a, yo mouri; sa a se pen ki desann sot nan syèl
la, pou si yon moun manje ladan l’, li pa mouri.
Mwen
se pen vivan an ki desann sot nan syèl la.
Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap viv tout tan, epi pen an m’ap bay
la, se kò m’ pou lavi tè a”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Granmèt la toupuisan. Li fè sa li vle, lè li vle,
kote li vle, ak moun li vle, pou moun li vle. Se kalite ansèyman sa a premye
moso labib nou sot li a ap ba nou jodi a. Anpil fwa Bondye itilize plizyè
mwayen pou li pale ak nou. Men sa konn rive ke nou pa konprann touswit kisa
l’ap di nou oubyen nou pa menm rann nou kont ke l’ap pale ak nou.
Chak jou Bondye ap pale ak nou atravè Labib la men
nou pa toujou konprann, menm jan sa te pase pou minis rèn Etyopi a, ki t’ap li
pwofèt Izayi pandan li te soti Jerizalèm san ke li pa t’ rive konprann. Bondye
Granmèt la te itilize Filip kòm entèmedyè ki pou te ede minis la konprann sans
pawòl li t’ap li a e sa te pèmèt li fè yon premye pa nan lavi li, antan li te
chwazi plonje nan dlo batèm nan ki lave peche li. Li te di Filip: “Mwen kwè Jezikri se
Pitit Bondye”. Mezanmi, sa se premye kondisyon pou yon moun batize. Sa rele
lafwa. Se lafwa ki pèmèt nou antre nan sous lagras Bondye a pou nou kapab
tounen yon moun nouvo nan Jezikri, pou nou kapab sove. E lafwa se yon kado Bondye
fè nou pou nou kapab pwoche pi pre li chak jou epi pou nou viv pou li. Se
poutèt sa sòm 65 la ap envite nou bat bravo pou Bondye, paske se li menm k’ap
delivre nanm nou, k’ap kase tout chenn ki te mare nou yo.
Youn
nan pi gwo fason Bondye pale ak nou, se nan Jezikri, Pitit li a. Bondye di nou
li se renmen, li se konpasyon, li se mizerikòd. Nan Lekaristi a, li ba nou pwòp
chè li ak san li pou li kapab nouri lavi nou ak lavi pa li. Sa se yon gwo mistè
renmen, sa se yon mèvèy ki pa gen parèy! Pa gen sakreman ki pi gwo ke
Lekaristi. Se sa Levanjil sen Jan an ap di nou jodi a. Nou dwe toujou sonje sa,
lekaristi se sakreman ki pi konsekan pami sèt sakreman yo: Nan chak sakreman
nou jwenn yon favè nan men Bondye, pa ekzanp nan batèm nan nou jwenn favè padon
pou peche nou yo, men nan Lekaristi a, favè nou jwenn se pwòp lavi Bondye nan
lavi pa nou. Nan finisman Levanjil nou li jodi a, se Jezi menm ki di: “Mwen se
pen vivan an ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap
viv tout tan, epi pen an m’ap bay la, se kò m’ pou lavi tè a”.
Lòt
ansèyman Jezi ba nou, sèke okenn moun pa kapab vin jwenn li si se pa Papa li ki
atire li. Sa fè nou konprann, tankou gen yon chan ki di sa: se pa nou menm ki
renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou an premye. Se li menm ki te ale
chèche nou nan dezè kote nou te ye a pou li te kapab mennen nou bwè dlo ki fre
nan patiraj li. Kidonk, si nou pou Granmèt, si nou deja nan Legliz nou pa gen
pou n’ap chante kantamwa, nou pa gen pou n’ap lonje dwèt sou lòt yo, menm jan
farizyen te fè pou pibliken an; okontrè nou dwe kite Bondye fè nou tounen yon
Filip ki pou mennen lòt yo ba li antan n’ap ede yo konprann kijan li renmen yo,
kijan li vle lavi pou tout moun.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen di w’
mèsi pou pwòp lavi pa w’ ou ban nou nan sakreman Lekaristi a. Ladan li ou
montre ki kalite renmen ou genyen pou nou epi kijan ou vle fè youn ak nou, pou
nou kapab viv pou toutan. Aprann nou renmen w’ chak jou pi plis pou nou kapab
toujou viv nan kominyon ak ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Bondye te pale ak Etyopyen an nan sikonstans vwayaj
li, pa lentèmedyè Filip. Gade pou w’ wè nan ki sikonstans Bondye konn pale ak
ou, ki entèmedyè li konn itilize.
No hay comentarios:
Publicar un comentario