Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Ou se yon veso mwen chwazi pou l’
pote non m’ devan nasyon yo”.
NAN
TRAVAY APOT YO 9, 1-20
Jou
sa yo:
Sòl
t’ap respire menas ak kou toujou kont disip Granmèt yo, li prezante devan chèf
prèt yo, li mande l’ lèt pou Damas nan sinagòg yo, pou, si l’ jwenn kèk moun
k’ap suiv wout sa a, gason kon fi, li kondui yo prizonye Jerizalèm.
Pandan
li t’ap vwayaje, li te prèske rive Damas. Yon moman, yon limyè sot nan syèl la
li antoure l’; li tonbe atè a, li tande yon vwa k’ap di l’: “Sòl, Sòl, poukisa
w’ap pèsekite m’ nan”?
Li di: “Kilès ou ye, Granmèt”?
Li menm li di: “Mwen se Jezi, sa a
w’ap pèsekite a; sa rèd pou ou, pou w’ap voye pye kont fwenn nan”.
Li tranble, li sezi, li di:
“Granmèt, ki sa w’ vle pou m’ fè”?
Granmèt
la di l’: “Leve, antre nan vil la, la a y’a di w’ ki sa ou gen pou w’ fè”.
Mesye
yo ki t’ap vwayaje ansanm avèk li yo, yo te kanpe, yo te sezi lè yo tande vwa
a, men yo pa wè pèsòn. Sòl menm leve sot atè a; li louvri
je l’, men li pa wè anyen. Yo
kondui l’ nan men, yo fè l’ antre Damas. Li ret la twa jou san l’ pa wè, san l’
pa manje, san l’ pa bwè.
Te
gen yon disip nan Damas yo te rele Ananyas; Granmèt la di l’ nan vizyon:
“Ananyas”!
Li di: “Men mwen, Granmèt”.
Granmèt
la di l’: “Leve, al nan ri yo rele Dwat la, chèche nan kay Jid la yon moun Tas yo
rele Sòl. Men l’ap lapriyè”. (Li wè yon moun yo rele Ananyas k’ap antre epi
k’ap poze men sou li, pou l’ kapab wè ankò).
Ananyas
reponn: “Granmèt, mwen te tande anpil moun rakonte sa mesye sa a fè, konbyen
mal li fè sen w’ yo nan Jerizalèm; epi isit la li gen pouvwa nan men chèf prèt
yo pou l’ mare tout moun k’ap rele non ou”.
Granmèt
la di l’: “Ale, paske se yon veso mwen chwazi, pou l’ pote non m’ devan nasyon
yo, ak wa yo, ak pitit Izrayèl yo. Mwen menm m’ap montre l’ tout sa l’
gen pou l’ sibi pou non m’”.
Ananyas ale, li antre nan kay la, li
poze men sou li, li di: “Sòl frè m’, Granmèt Jezi voye m’, li menm ki te parèt
devan ou sou wout la kote ou t’ap vini an, pou ou kapab wè, pou ou plen ak
Espri Se an”. Menm lè a se tankou kal ki sot tonbe nan je l’, li vin wè ankò,
li leve, li resevwa batèm. Lè
l’ pran manje, li vin gen fòs.
Li
rete kèk jou avèk disip yo ki te Damas yo. Menm lè a nan sinagòg yo li t’ap
preche Jezi se Pitit Bondye.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 1. 2
R/
Ale sou tout tè a, preche bòn nouvèl la.
Fè
lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske kè sansib li asire sou nou,
verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Chè m’ se
yon manje tout bon vre, san m’ se yon bwason tout bon vre”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 53-60
Lè
sa a:
Juif
yo t’ap diskite antre yo, yo t’ap di: “Kijan sa a kapab ba nou chè l’ pou nou
manje”?
Jezi
di yo:
“Amèn,
amèn mwen di nou, si nou pa manje chè Pitit moun nan, si nou pa bwè san l’, nou
p’ap gen lavi nan nou. Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li gen lavi ki p’ap
janm fini an: mwen menm m’ap resisite l’ nan dènye jou a.
Kò m’ se yon manje tout bon vre, san
m’ se yon bwason tout bon vre. Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li ret nan
mwen, mwen menm nan li.
Menm jan Papa a ki vivan an voye m’
nan, epi mwen viv akoz Papa a; konsa tou moun ki manje m’, l’ap viv akoz mwen
tou. Sa a se pen an ki desann sot nan
syèl la. Se pa tankou zansèt nou yo ki te manje mán nan, epi ki te mouri yo.
Moun ki manje pen sa a l’ap viv pou tout tan”.
Li
di sa nan sinagòg la antan l’ap bay ansèyman nan Kafanawòm.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Pòl ap
envite nou poze Jezi kesyon sa a, epi koute repons l’ap ba nou: “Kilès ou ye
Granmèt mwen?” “Mwen se Jezi w’ap pèsekite a”. Sòl pa t’ gen okenn lòt lide nan
tèt li, sèlman sòti pou al menase patizan Jezi yo, epi touye yo: tout moun ki
te patizan Granmèt la, fi tankou gason. Pawòl sa a fè nou konprann nesesite pou
nou swiv Jezi, paske se li ki chemen an epi se yon misyon. Sòl t’al kote prèt
an chèf la pou l’ mande l’ yon lèt pèmisyon pou l’al nan Sinagòg Vil Damas yo,
si tout fwa li ta jwenn moun ki di yo se patizan Jezi, pou l’ mete yo anba kòd
epi mennen yo nan prizon.
Se konsa, li te
tou pre Damas lè yon limyè sòti nan syèl la san zatann, ki frape li, lè li
tande vwa Granmèt la, epi li tonbe atè; se te Jezi li menm ki te fè premye pa
pou l’ te rele Sòl ; pou l’ kab tounen Apot li, li pase twa jou san li pa wè ni
l’ pa manje ni bwè ; sa fè nou sonje Jezikri ki te mouri epi ki te leve byen
vivan aprè twa jou nan fènwa tonbo a. Sa fè nou sonje tou konvèsyon Sòl, se yon
chanjman, sa vle di sòti nan lamò al nan lavi.
Sòl te vin avèg, se yon senbòl
ki montre nou, kouman nou dwe chanje vizyon pa n’ tou, pou nou wè daprè vizyon
Jezi; li te chwazi nèg sa a tankou yon zouti, pou l’ pote non l’ devan tout
nasyon yo; ki fè nou wè plan Bondye Granmèt la se pa plan pa nou, Jezi te vle
montre Sòl pwogram misyon an. Li vin rele Pòl; Jezi fè l’ tounen Apot epi
temwayaj li pra l’ pase anpil eprèv ak soufrans. Nou wè lè yon moun rankontre
Jezikri, li pa kapab rete menm moun nan ankò, se tout lavi l’ ki vin transfòme
pou l’ kab jwenn fòs pou l’ swiv Jezikri nan tout sakrifis.
Daprè Levanjil Jan an, se li
menm ki rive ofri pwòp tèt li, tout lavi l’ ak tout sa l’ ye pou nou. Konsa, se
pou nou aprann ofri tèt nou pou lòt yo, nan fason n’ap sèvi yo; puiske Jezi ba
nou ekzanp lan.
Ann mande Bondye ba nou lagras
li pou n’ kab kenbe jis nan bout, antan n’ap pran ekzanp sou Apot nasyon yo,
Sen Pòl.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ban m’ yon lafwa fèm pou m’ ka rive kwè e
dekouvri kilès Jezi ye pou m’ swiv li. Amèn
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap chèche
tout sa ki fè m’ pa kapab rankontre ak Jezi, pou m’ kab swiv li san gade dèyè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario