Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
“Yon sèl kè
ak yon sèl nanm”.
NAN TRAVAY APOT YO 4, 32-37
Foul fidèl yo te gen yon sèl kè ak
yon sèl nanm ; pèsòn nan yo pa t’ konsidere sa l’ te genyen kòm pwòp byen
pa l’, men tout bagay te ansanm pou yo. Avèk gran fòs, Apot yo t’ap sèvi rezireksyon Jezikri Granmèt
nou an temwen; te gen gran gras nan yo tout. Nan pami yo pa t’ gen pèsòn ki te
nan bezwen; tout moun ki te gen jaden oubyen kay, yo vann yo, yo pote pri
lavant la, yo depoze l’ nan pye Apot yo; yo separe l’ bay yo chak, daprè sa
chak moun te bezwen. Jozèf Apot yo te bay ti non Banabe (sa vle di Pitit
konsolasyon), yon Levit, nan ras Chip, li te gen yon jaden, li vann li, li pote
pri a, li mete l’ nan pye Apot yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 92, lab. 1c-2. 5
R/
Granmèt la wa, li vlope ak glwa.
Granmèt
la wa, li vlope ak glwa, Granmèt la vlope, li mare ren l’ ak fòs.R.
Reyèlman li rann fas tè a solid, pou
l’ pa souke. Twòn ou solid depi lontan, depi tout tan ou ekziste.R.
Temwayaj ou yo merite konfyans nèt;
kay ou a klere ak sentete, Granmèt, pou longè tan yo.R.
LEVANJIL
“Pèsòn pa monte nan syèl la, sof sa
a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3,5a. 7b- 15
Lè
sa a: Jezi di Nikodèm:
“Amèn,
amèn, mwen di ou: Nou gen pou nou fèt ankò. Espri a soufle kote l’ vle, ou
tande vwa l’, men ou pa konnen kote l’ sòti ni kote l’a prale: se konsa pou
tout moun ki fèt sot nan Espri a”.
Nikodèm
reponn li di l’: “Kijan pou bagay sa yo fèt”? Jezi reponn, li di l’: “Ou se mèt
nan Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? Amèn, amèn mwen di ou, se sa nou
konnen n’ap pale, epi se sa nou wè nou temwaye; men temwayaj nou an nou pa
resevwa l’. Si m’ di nou bagay tè a, nou pa kwè, kijan, si m’ap di nou bagay
syèl yo, n’a kwè? Pèsòn pa monte nan syèl la sof sa a ki desann sot nan syèl
la, Pitit moun nan ki nan syèl la. Epi, menm jan Moyiz te leve sèpan an nan
dezè a, se konsa pou yo leve Pitit moun nan anlè, pou tout moun ki kwè nan li
pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Anpil tèks
nou li nan semèn nan pale de jan premye kominote yo t’ap viv ansanm, kijan yo
te viv tout bon vre tankou frè ak sè, te gen bon jan relasyon pami yo. Nan
mitan yo, sa k’ te pi enpòtan se pa t’ lajan, se pa t’ pouvwa, men se te lanmou
ki te soude yo youn ak lòt. Lè yon kretyen separe byen li avèk lòt moun ki nan
bezwen, li pa pèdi sa, okontrè, l’ap genyen san fwa plis ankò ; li pèdi
yon byen sou tè a pou l’ genyen youn nan syèl la. Lè yon moun separe sa l’
genyen bay pòv oubyen moun ki pa genyen anyen, se yon trezò li sere, plis ankò
se Jezi menm li bay.
Levanjil
jodi a se lòt moso konvèsasyon Jezi avèk Nikodèm, nan mitan lannwit. Nikodèm te
gen anvi konnen laverite tout bon vre a. Jezi te ba li bon jan enstwiksyon tou.
Kalite enstriksyon sa a pa t’gen valè nan je gwo pwofesè lalwa yo, devan
farizyen yo ; men moun ki gen kè yo senp, moun ki kite Lespri Sen an gide
yo, se yo vrèmen ki va posede laverite a tout bon vre, se yo menm ki kapab
konnen renmen ak sajès Bondye. Menm jan tou, moun ki kwè nan Jezi, Pitit Bondye
ki vin nan chè a, pa gen dwa peri ; lanmò pa gen genyen pouvwa sou li.
Jezi se delivrans pou tout moun ki
kwè nan li, se lajwa pou tout moun ki nan lapenn, se libète pou tout moun ki
nan prizon, se gerizon pou tout moun ki malad. Pou sa, Jezi mande n’, menm jan
li mande Nikodèm pou nou kwè nan li epi temwaye gwo mèvèy li fè nan lavi nou.
LAPRIYÈ :
Granmèt, aprann nou louvri men nou pou separe sa nou genyen avèk frè ak sè nou
yo ki pa gen anyen.
PWOPOZISYON : Byen souvan
li pi fasil pou n’ pale olye pou n’ aji. Le w’ wè yon pwochen w’ k’ap soufri bò
kote w’, pa fè kòmsi ou pa wè l’, lonje lamen ba li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario