Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Men mesye yo nou te mete nan prizon
an, yo nan Tanp la, y’ap bay pèp la ansèyman”.
NAN
TRAVAY APOT YO 5, 17-26
Jou
sa yo:
Gran
prèt la leve, ansanm ak tout moun ki te avèk li yo, (se gwoup Sadiseyen yo), yo
te plen ak raj; yo met men sou Apot yo, yo mete yo nan prizon piblik la. Zanj
Granmèt la louvri pòt prizon an nannuit, li fè yo sòti, li di: “Ale, kanpe,
pale nan Tanp la ak pèp la tout pawòl lavi sa a”. Lè yo tande sa, yo antre byen
bonè nan tanp la, yo t’ap bay ansèyman. Gran prèt la rive, ni sa yo ki te avèk
li yo, yo fè yon reyinyon, ni tout ansyen pitit Izrayèl yo; yo voye nan prizon
an pou yo kondui yo vini. Lè sèvitè yo rive, yo louvri pòt la, yo pa jwenn yo,
yo tounen, yo pote nouvèl, yo di: “Nou jwenn pòt prizon an byen fèmen avèk tout
kalite prekosyon, gad yo te kanpe devan pòt yo; men lè nou louvri, nou pa jwenn
pèsòn andan l”. Lè yo tande pawòl sa yo, majistra Tanp la, ak gran prèt yo, yo
t’ap mande antre yo ki sa sa vle di. Gen yon moun ki rive li anonse yo: “Men
mesye yo nou te mete nan prizon an, yo kanpe nan Tanp la, y’ap bay pèp la
ansèyman”. Lè sa a atò majistra a avèk sèvitè yo pati, yo mennen yo san
maltrete yo; sèke yo te pè pèp la, pou yo pa t’ kalonnen yo ak kout wòch.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Yon
pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap
fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan
Granmèt la nanm mwen ap jwenn glwa l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè
lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’ anlè ansanm, mwen chèche
Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere,
fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li, li
sove l’.R.
Zanj
Granmèt la ap veye alantou moun ki krenn li yo, l’ap delivre yo. Goute, n’a wè
jan Granmèt la bon; ala kontantman pou moun ki espere nan li.R.
LEVANJIL
“Bondye voye Pitit la, pou tè a sove
pa lantremiz li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 3, 16-21
Lè
sa a, Jezi di Nikodèm:
“Bondye tèlman renmen tè a, li bay
Pitit li a, sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou l’ gen
lavi tout tan an. Sèke Bondye pa t’ voye Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a,
men pou tè a te kapab sove pa lantremiz li. Moun ki kwè nan li, yo p’ap jije
l’; moun ki pa kwè a menm, li deja jije, paske li pa kwè o non sèl Pitit Bondye
a. Men jijman an, limyè a vin sou tè a, men lèzòm te pi renmen fènwa yo pase
limyè a; sèke travay yo te move. Reyèlman tout moun k’ap aji mal, li rayi limyè a, li pa vin
nan limyè a, pou yo pa repwoche travay li yo. Men moun ki fè verite a, li vin
nan limyè, pou yo kapab wè travay li klè, se nan Bondye yo fèt”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON:
Pawòl Bondye pou jodi a montre aklè gwo pouvwa Granmèt la. Yon pouvwa ki
manifeste lanmou li gen pou limanite. Se granmesi lanmou sa ki fè «Bondye voye
Pitit la, pou tè a sove pa lantremiz li» (Jan 3,16-21). Se menm puisans sa a,
menm renmen sa ki ouvri pòt prizon an pou apot yo te kapab sòti.
Nan levanjil la, li klè, rezon ki te fè Jezi
vini sou tè a, se pou li te kapab sove nou. Li vle sove nou san ke li pa jije
nou. Men sa mande sèlman pou nou kwè nan li. Lafwa sa a mande pou nou viv nan
laverite. Depi yon moun nan laverite tout sa l’ap fè li pa gen pwoblèm pou lòt
moun konnen li. Men moun ki nan fènwa pa renmen moun konn zafè li, li toujou
genyen yon bagay l’ap sere. Nou ka sonje yon chante « Gwoup Mizik
Mizik » te fè nan lane 1999 ki te genyen kòm tit « Ban m’ fènwa mwen, ban m’ blakawout mwen ».
Yo te eksplike pou di se nan fènwa nou ka fè magouy. Moun ki vle sove se moun
ki batay chak jou pou li viv nan limyè ak laverite.
Bondye pa gen anyen li pa ka fè. Se sa nou
dekouvri nan premye lekti a ; Li voye zanj li al mete apot yo deyò nan
prizon. Chèf prèt ak otorite ki te mete apot yo nan prizon, paske levanjil yo
t’ap anonse a t’ap deranje yo, yo te sezi anpil. Wi
yo tout te sezi paske yo panse yo te gen lapè lè yo te mete mesye yo nan
prizon. Sa k’ te pi vèksan pou yo, sèke mesye yo te nan tanp la jan lanj la te
di yo: “Ale kanpe pale nan tanp la ak pèp
la tout pawòl lavi sa a”. Mezanmi, ak Bondye pa gen pòt ki pa ka louvri. Nou
wè tout sekirite ki pa gen fay se nan Bondye li ye.
LAPRIYÈ : Fè
m’ gras, Granmèt, pou m’ toujou chache viv nan laverite, paske ou se Laverite e
mwen vle chak jou sanble ak ou. Amèn
PWOPOZISYON : Pou
m’ viv kòm pitit Bondye, m’ap sispann fè manti, m’ap sispann fè fo temwayaj sou
moun, m’ap divòse ak ipokrizi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario