Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
“Granmèt
Jezi, resevwa espri m’”.
NAN
TRAVAY APOT YO 7, 51-8,1a
Jou
sa yo: Etyèn t’ap di foul la ak ansyen yo ak skrib yo:
“Tèt
di, je ak zòrèy bouche, tout tan n’ap reziste Espri Sen an; menm jan ak papa
nou yo, se konsa nou ye tou. Kilès nan pwofèt yo papa nou yo pa t’ pèsekite? Yo
te touye sa yo ki te anonse davans sila a ki kòrèk la t’ap vini an, li menm nou
te renmèt koulye a, nou te touye a. Nou menm ki te resevwa lalwa a nan men zanj
yo epi nou pa t’ kenbe l’ la”. Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè kè yo vin di
kont li, yo t’ap sere dan kont li. Li menm li te plen ak Espri Sen an, li fikse
syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di: “Mwen wè
syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye”. Yo leve vwa yo byen
fò, yo fèmen zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vil la, yo
kòmanse kalonnen l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm
yo te rele Sòl. Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak kout wòch, Etyèn t’ap lapriyè, li
t’ap di: “Granmèt, resevwa espri m’”. Sòl menm te dakò avèk sa yo ki te touye
l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30, 3cd-4. 6ab; 7b e 8a. 17
e 21ab
R/
Se nan men ou, Granmèt, mwen renmèt espri m’.
Se
pou ou sèvi m’ yon wòch kachèt ak yon kay defans, pou ou k’ap sove m’. Paske
fòs mwen ak kachèt mwen se ou menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se
nan men ou mwen renmèt espri m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a. Mwen
menm se nan Granmèt la mwen met esperans mwen. M’ap danse,
m’ap kontan nan kè sansib ou a.R.
Klere fas ou sou sèvitè w’ la. Sove
m’ nan kè sansib ou a. W’a kache yo nan kachèt fas ou a
devan tranzaksyon lèzòm.R.
LEVANJIL
“Se pa Moyiz, men se Papa m’ ki bay
pen ki sot nan syèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 30-35
Lè
sa a: foul la di Jezi:
“Ki
siy ou fè, pou nou wè, pou nou kwè nan ou? Kisa ou fè? Papa nou yo te manje mán
nan dezè a, jan sa ekri a: “Li ba yo pen sot nan syèl la pou yo manje”. Jezi di
yo: “Amèn, amèn mwen di nou, se pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men
se Papa m’ ki ba nou pen ki sot nan syèl la, veritab pen an. Pen Bondye a se sa
a ki desann sot nan syèl la epi ki bay tè a lavi a”. Yo di l’: “Granmèt, toujou
ba nou pen sa a”. Jezi di yo: “Mwen menm mwen se pen lavi a; moun ki vin jwenn
mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Anpil moun
chèche repons nan mirak oubyen nan reyalite majik, ki depase entelijans lèzòm. Men anpil fwa sa pa ede yo rive kwè,
yo pa jwenn rezilta ki ba yo asirans reyèlman yo nan bon chemen an. Konsa yo
vole tankou papiyon: yo kite yon kote pou yo ale nan yon lòt, finalman san
jwenn anyen, san yo pa wè ke devan je yo Granmèt la menm, Kreyatè mond lan, l’ap
rele yo pandan l’ap di yo: «Mwen se pen
lavi a, moun ki vin jwenn mwen p’ap janm grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap
janm swaf».
Anpil
kretyen tonbe nan erè, yo menm konsidere Lekaristi a kòm yon senp senbòl, men
an reyalite nan li Kris la ofri an plen tout li menm kòm Pen lavi a. Jezi
Granmèt la envite nou pou nou kapab kwè nan li, konfye nan Sila ki voye li a,
kòm vrè Pen ki sòti nan syèl la pou pote lavi bay mond lan. Jezi vini pou
rekonsilye tout limanite, li vini envite nou sòti nan sousi oubyen
prewokipasyon nou genyen sèlman pou “pen materyèl”; li mande nou sèlman pou nou
chèche sa ki fondamantal, sa ki esansyèl menm jan Mari te fè li a, nou dwe
chèche Kris la avan tout bagay, paske se nan li tout bagay jwenn akonplisman.
Mirak
Jezi yo pèmèt nou kontanple pouvwa lanmou Bondye. Nou kontanple Bondye yon
fason espesyal nan Lekaristi a, ki se Kris la menm k’ap nouri nou ak pwòp lavi
pa li e ki ba nou garanti letènite a, antan nou jwenn fòs nesesè pou nou kapab
sipòte moman difisil nan ekzistans nou, avèk espwa ke moun ki pèsevere fidèlman
nan Granmèt la e ki kenbe nan li kapab antre nan finisman jou yo nan tè pwomiz
la, kote y’ap nan kominyon ak Bondye pou toutan.
Bondye
vle fè nou konprann ke nan lavi a, menm si gen pèsekisyon, depi nou kenbe pye
li, li p’ap janm lage nou; se sa ki rive Etyèn ki te gen anpil lafwa nan
Bondye; menm si li p’at jwenn pèsonn pou defann li, malgre l’ap mouri, li
kontinye mete konfyans li nan sèl Bondye lavi a, se sa ki fè li di: “Granmèt
resevwa lespri mwen”. Se sèl moun ki konnen ke Bondye se sèl fòs li ki kapab
rive santi fòs Bondye nan li. Sòm nou medite jodi a ap ankouraje nou pou nou
rekonèt Granmèt la kòm sèl kachèt ak kay defans pou pwoteje nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt m’ap di ou mèsi, paske ou rele mwen vin pataje pen an,
pen lavi a, ki se ou menm menm. Pwòpte kè mwen e fè mwen vin tou nèf pou mwen
kapab resevwa li.
PWOPOZISYON:Tankou
Etyèn, an nou bay temway lafwa nan tout sikonstans lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario