Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak
Espri a ki t’ap pale a”.
NAN TRAVAY APOT YO 6, 8-15
Jou
sa yo, Etyèn te plen gras ak fòs, li t’ap fè anpil pwodij ak siy nan pèp la.
Gen kèk ki leve, yo te fè pati nan sinagòg sa yo rele Esklav libere yo,
Sireneyen yo ak Aleksandren yo, ak sa ki te nan Silisi ak Lazi yo, yo t’ap
diskite avèk Etyèn. Yo pa t’ kapab reziste sajès la ak Espri a ki t’ap pale a.
Lè sa a yo voye kèk moun an kachèt pou di yo te tande l’ap di pawòl blasfèm
kont Moyiz ak kont Bondye. Konsa yo soulve pèp la ak ansyen yo ak skrib yo, yo
fonse ansanm, yo sezi l’, yo kondui l’ nan tribinal la. Yo mete fo temwen ki
di: “Mesye sa a pa sispann pale pawòl kont kote sa a ki sen an ak kont lalwa a.
Reyèlman nou tande l’ap di: “Jezi moun Nazarèt sa a ap detwi kote sa a, l’ap
chanje abitid Moyiz te transmèt nou yo”. Yo tout t’ap gade l’ fiks, yo tout ki
te chita nan tribinal la, yo te wè fas li tankou fas yon zanj.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 23-24. 26-27. 29-30
R/
Ala kontantman pou moun k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Menm
si chèf yo chita, y’ap pale kont mwen, sèvitè w’ la ap reflechi sou desizyon w’
yo. Sèke temwayaj ou yo se plezi m’, desizyon w’ yo se konsèy mwen.R.
Mwen deklare chemen m’ yo, ou koute
m’; aprann mwen desizyon w’ yo. Fè m’ konprann chemen kòmandman w’ yo, m’a
reflechi sou mèvèy ou yo.R.
Vire chemen manti a lwen m’, ban m’
lalwa w’ la avèk bon kè ou.Mwen chwazi chemen verite a, mwen mete jijman w’ yo
devan m’.R.
LEVANJIL
“Pa travay
pou manje k’ap peri a, men pou sa a k’ap dire pou lavi tout tan an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 22- 29
Nan
landmen, foul la ki te kanpe lòt bò lanmè a, li wè lòt batiman an pa t’ la, se
yon sèl ki te la, epi Jezi pa t’ monte sou batiman an avèk disip li yo, men
disip li yo te pati pou kont yo, Gen lòt batiman ki te vin rive sot Tiberyad,
bò kote yo te manje pen an, lè yo te fin rann Granmèt la gras. Lè foul la wè
Jezi pa t’ la ni disip li yo, yo monte nan kannòt yo, yo rive Kafanawòm, y’ap
chèche Jezi. Lè yo jwenn li lòt bò lanmè a, yo di l’: “Rabi, ki lè ou rive isit
la”? Jezi reponn yo, li di: “Amèn, amèn mwen di nou, si n’ap chèche m’, se pa
paske nou te wè mirak, men paske nou te manje nan pen yo epi vant nou te plen.
Se pa pou nou travay pou manje k’ap disparèt la, men se pou nou travay pou
manje k’ap dire pou lavi tout tan an, sa Pitit moun nan ap ba nou an; li menm
Bondye Papa a make ak so l’ la”. Yo di l’: “Kisa pou nou fè si nou vle fè
travay Bondye”? Jezi reponn, li di yo: “Men travay Bondye a, se pou nou kwè nan
sila a li voye a”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Lè yon moun fè yon
byen pou zanmi l’ kijan zanmi sa toujou rete atache ak li. Li toujou sansib pou
li, li ta renmen wè byen pou li. Se konsa aprè tout sa Jezi te fè pou moun ki
t’ap suiv li yo, yo te rete atache ak li. Lè nou ale pi lwen epi nou gade
repons Jezi bay foul la, sa envite n’ konprann yon afeksyon pa dwe rete la
sèlman, sa vle di paske yon moun te fè yon byen pou nou, sinon li dwe ale pi
lwen toujou.
Jezi
li menm li di nou : « Renmen
moun ki rayi nou, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou », sa vle di nou
pa dwe rayi okenn moun, nou pa dwe gen yon lanmou pou yon lòt sèlman lè gen yon
pwofi. Konsa Jezi te di foul la byen klè : “Amèn, amèn mwen di nou, si n’ap chèche m’, se pa paske nou te wè mirak,
men paske nou te manje nan pen yo epi vant nou te plen”. Sa montre nou gen yon ensatisfaksyon
bò kot Jezi, li te espere moun yo ale pi lwen nan sa li t’ap anseye yo pandan
rankont sa. Se pou sa li te jwenn yon jan pou li te atire atansyon yo.
Lè
nou kòmanse medite pi fon toujou, nou vin rann nou kont Granmèt la pa sèlman
vle pou nou ta travay pou byen k’ap pase yo, men pou nou travay pou nou kapab
rive genyen lavi ki p’ap janm fini an. Moun
yo te gen tan panse se yon pakèt bagay yo te genyen pou yo fè, tèt yo te cho,
yo mande li ki travay pou yo fè pou yo kapab jwenn eritaj sa. Ebyen li senp
tankou bonjou. Se pou yo kapab kwè nan Jezi ki se pitit Papa a. Men gwo defi a.
Jous jounen jodi a, anpil moun lasyans yo ap doute sou pouvwa Jezi puiske yo
menm yo pa an afè ak lafwa, sa ki enpòtan pou yo se bagay moun ka pwouve, bagay
moun ka demontre.Granmèt la li menm ki
plis pase tout bagay sa yo, li pa kapab pwouve avèk ti enstriman fèb sa yo. Gwo
enstriman ki kapab ede nou nan sans sa li rele lafwa. Ebyen se sa nèg save sa
yo pa vle aksepte ki fè anpil fwa y’ap melanje bagay yo. Ebyen nou menm kretyen
nou konnen lafwa nou se sèl zam nou Bondye ba nou pou nou kontrekare tout sa
k’ap pèsekite nou, n’ap mande Granmèt la pou li ogmante li chak jou pi plis pou
nou kapab kite se li menm ki okipe premye plas nan lavi nou.
LAPRIYÈ : Bondye Papa,
ou menm ki se premye gid nou, tanpri ede nou konprann byen materyèl yo se bagay
k’ap pase. Si nou mete konfyans nou nan yo nou p’ap ka wè pi lwen ke pwent nen
nou. Ban nou fòs pou nou kapab depase tout bagay sa yo epi pou lafwa nou kapab
ogmante nan ou chak jou pi plis. Amèn.
PWOPOZISYON : Pa sèlman chèche bagay ki bon pou kò nou, chèche tou
sa ki bon pou nanm nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario