Koulè Blan
TWAZYÈM DIMANCH PAK, ANE B
PREMYE
LEKTI
«Nou te touye lotè lavi a, li menm
li leve sot nan pami mò yo».
LEKTI
TRAVAY APOT YO 3, 13-15.17-19
Jou
sa yo: Pyè di pèp la:
"Bondye
Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb la, Bondye zansèt nou yo fè wè glwa
Pitit li a Jezi, li menm nou te renmèt la, nou te nye devan fas Pilat la, lè
Pilat te jije pou l’ te lage l’ la. Nou menm se Sen an ak Sa a ki kòrèk la nou
te nye, nou te mande pou yo ba nou yon moun ki touye moun; Lotè lavi a menm,
nou touye l’ men Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, nou sèvi l’ temwen.
Koulye
a, frè m’ yo, mwen konnen se paske nou pa t’ konnen ki fè nou fè sa, menm jan
ak chèf nou yo. Men Bondye, sa l’ te anonse davans nan bouch pwofèt
yo, pou Kris li a soufri a, se konsa li reyalize l’. Konsa se pou nou regrèt, se pou nou
konvèti, pou peche nou yo efase".
SÒM REPONS 4,
2. 7. 9 (r.: 7a)
R/
Leve limyè
figi ou sou nou tankou yon siy, Granmèt.
Koute m’ pandan m’ap lapriyè, Bondye
jistis mwen, nan tray mwen ou degaje m’; pran pitye pou mwen, koute lapriyè m’.R.
Anpil moun ap di: Kilès k’ap montre
nou byen yo?
Leve limyè fas ou sou nou tankou yon
siy, Granmèt.R.
Nan lapè byen vit m’ap dòmi, m’ap
poze, paske ou menm, Granmèt, ou enstale m’ nan esperans yon fason espesyal.R.
DEZYÈM LEKTI
«Li se padon pou peche nou yo, men
pou peche tout tè a tou».
LEKTI PREMIÉ LÈT APOT JAN KI SEN 2,
l-5a
Ti pitit mwen yo, mwen ekri nou
bagay sa yo, pou nou pa fè peche; men si yon moun fè peche, nou gen yon avoka
kot Papa a, se Jezikri ki kòrèk la; li menm li se padon pou peche nou yo, pa
pou peche nou yo sèlman, men tou pou peche tout tè a.
Men
kijan nou konnen nou rekonèt li, se si nou obsève kòmandman l’ yo. Moun ki di li
konnen l’ epi li pa kenbe kòmandman l’ yo, li se mantè, verite a pa nan li. Men
moun ki kenbe pawòl li, renmen Bondye a kòrèk nèt nan li, se konsa nou konnen
nou nan li. Moun ki di li rete nan li, se jan l’ mache a pou li menm tou li
mache.
LEVANJIL
"Se konsa Kris la te gen pou l’
te soufri, pou l’ resisite sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK
24, 35 48
Lè
sa a:
Disip
yo t’ap rakonte bagay ki te pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt Jezi nan
kase pen an.
Pandan
y’ap pale bagay sa yo, Jezi kanpe nan mitan yo, li di yo: "Lapè pou nou: se
mwen menm, pa pè". Yo twouble, yo sezi, yo te konprann se yon espri yo te wè
a. Li di yo: "Pouki sa nou twouble a, ak panse sa yo k’ap monte nan kè nou
an? Gade men m’ yo ak pye m’ yo, se mwen menm menm; touche pou nou wè; yon espri
pa gen chè ak zo, jan nou wè mwen genyen an". Pandan l’ap di sa, li montre
yo men yo ak pye yo.
Yo
pa t’ ko kwè, yo te sezi ak kontantman, li di: "Èske nou gen kichòy pou
manje isit la"? Yo ofri l’ yon moso pwason griye ak yon gato myèl. Li manje
devan yo, li pran rès yo, li ba yo.
Li
di yo: "Se pawòl sa yo mwen te pale nou an, lè m’ te avèk nou toujou a, li
te nesesè pou tout sa k’ ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la ni pwofèt yo ni sòm
yo, pou yo te reyalize". Lè sa a li louvri entelijans yo, pou yo konprann
sa k’ ekri yo.
Li
di yo: "Se konsa sa te ekri, se konsa Kris la te gen pou l’ soufri, pou l’
resisite sot nan pami mò yo sou twazyèm jou a, pou yo preche penitans nan non l’
ak padon peche yo nan tout nasyon, kòmanse sou Jerizalèm. Nou menm nou temwen
bagay sa yo».
REFLEKSYON: Anpil nan nou pote mak nan kò nou ak nan lespri nou. Gen moun ki fè nou
mal. Yo pèsèkite nou. Yo meprize nou. Yo pete fyèl nou. Yo
ka ata bat nou, oubyen fè lòt kalite abi sou nou.
Bay kou bliye, pote mak sonje. Si nou pote mak sa yo te fè nou, nou ka pa
janm bliye sa. Men gen de fason pou n’
pote mak sa yo. Pafwa nou pote mak depi
lontan, men se kòmsi se yè yo fè k’ fè nou sa. Chak jou nou kite ansyen blesi
yo detwi nou. Men sa se yon chwa nou
fè.
Pa
ekzanp, lè yon moun te di yon bagay pou imilye ou, se tankou yon ponya li mete devan
ou. Men se ou menm ki konnen sa w’ap fè avè l’. Si ou vrèman lib, ou ka jis kite ponya a tonbe.
Men le pi souvan, nou konn pran ponya yo mete
devan nou an, epi nou menm nou bay pwòp tèt nou kou avè l’, nou blese pwòp tèt
nou. Epi, lè nou kite bagay lontan fè nou mal toujou, se kòmsi nou te sere
ponya a, epi n’ap plede sèvi avè l’ pou n’ bay tèt nou kout ponya san rete.
Nan Bòn Nouvèl jodi a, Jezi ap montre nou yon
lòt fason pou n’ pote mak nou yo. Li menm, li pa bliye tou. Menm aprè li leve
byen vivan, mak klou yo toujou la. Yo te vle detwi lavi li, epi yo touye l’
tout bon. Men Jezi ap montre lanmou pi fò pase lamò.
Sa
ki ka transfòme mak nou yo, sa ki ka fè yon siy lanmò tounen yon siy lavi, se
lè nou youn padone lòt. Padone pa vle di bliye. Padone vle di, ou p’ap chache vanjans. Menm si yon moun te fè ou mal, ou
p’ap janm fè l’ mal. Si yon jou li
bezwen w’ tou, ou ka ata rann ni yon sèvis. Konsa w’a montre li kiyès ou ye, w’ap
montre li sa k’ genyen nan kè pa w’. W’a kite ponya a tonbe, bay lamen pito.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ padonen moun ki fè mwen kichòy, menm jan ou
padone sa mwen fè w’ ki mal.
PWOPOZISYON: Si w’ap kenbe yon
moun nan kè w’, se ou menm ki prizyone!
Si ou lage l’, se ou menm k’ap libere!
No hay comentarios:
Publicar un comentario