Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo chwazi
sèt mesye ki plen ak Espri Sen an”.
NAN
TRAVAY APOT YO 6,1-7
Jou
sa yo, foul disip yo t’ap gwosi, Grèk yo bougonnen kont Ebre yo, paske nan
sèvis chak jou a yo te meprize vèv pa yo. Douz yo konvoke foul disip yo, yo di:
“Se pa nòmal pou nou kite pawòl Bondye a, epi pou n’ap sèvi sou tab yo. Frè m’
yo, chèche sèt mesye nan pami nou ki gen bon temwayaj sou yo, ki plen ak Espri
Sen an ak sajès, n’a enstale yo pou travay sa a. Kanta nou menm, n’ap rete nan
priyè ak sèvis pawòl la”. Pawòl la fè tout foul la plezi, yo chwazi Etyèn, yon
mesye ki plen lafwa ak Espri Sen, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak
Nikola, yon moun Antyòch ki te fèk vin tounen disip. Yo prezante yo devan Apot
yo, yo priye, yo poze men sou yo. Pawòl Granmèt la t’ap devlope, foul disip yo
t’ap vin anpil menm nan Jerizalèm.Yon foul prèt t’ap obeyi lafwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 1-2. 4-5. 18-19
R/
Se pou kè sansib ou sou nou, Granmèt, menm jan nou espere nan ou a.
Fete
nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo. Fè lwanj
pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke
pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite, li renmen jistis ak
jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a. Men je Granmèt la sou moun ki respekte
l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nanm yo sot nan
lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
LEVANJIL
“Yo wè Jezi
k’ap mache sou lanmè a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 16-21
Lè aswè rive, disip Jezi yo desann
sou lanmè a. Yo monte nan batiman an, yo rive lòt bò lanmè Kafanawòm nan. Li te fè nwa deja, Jezi pa t’ ko
rive kote yo. Men lanmè a t’ap monte, paske yon gwo van t’ap soufle.
Yo te deja rame anviwon kat ak senk kilomèt, lè yo wè Jezi k’ap mache sou lanmè
a, li rive tou pre batiman an, yo pè. Li menm li di yo: “Se mwen menm, pa pè”. Yo te vle pran l’
nan batimán an; menm lè a batimán an rive atè, kote yo t’a prale a.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Disip Jezi yo, malgre yo te konnen pouvwa li, malgre yo
te konnen mirak ekziste, sa pa t’ anpeche kèk fwa yo te rive nan kèk sitiyasyon
ki fè yo doute. Jezi ba yo asirans, li di yo: «Se mwen menm, pa pè».
Jezi t’ap pwofite anseye
disip li yo ak tout moun ki gen difikilte pou yo kwè nan li, ke se li menm ki
Kris la e li gen pouvwa sou tout bagay ki sou latè. Nou toujou tande yo di nou
ak yon ti lafwa gen yon pakèt bagay nou kapab rive fè. Mòn yo ka deplase. Men
podyab nou menm, anpil fwa nou refize kwè, nou prefere eseye yon fwa, de fwa,
donk si sa pa mache nou pèdi espwa, nou kouri pran yon lòt wout. Elas!
Anpil fwa se menm nou menm k’ap repete nan mès yo «Mwen kwè». Poutan
nou pa pa toujou bay temwayaj lafwa sa a. Se lè nou nan danje pou nou konnen
gwosè lafwa nou.
Zanmi
Bondye yo, yon lòt fwa ankò Jezi vle fè nou konprann li pa ase pou n’ap di
sèlman « mwen kwè » nan bouch sinon sa dwe yon reyalite ki sòti nan
fon kè nou.
Li
enpòtan pou nou kapab konprann zanmi m’ yo ke Bondye toujou la l’ap aji nan
lavi nou menm lè nou pa rann nou kont. Konbyen fwa nou te pran yon ti tan pou
di Bondye mèsi paske nou dòmi epi nou leve ? Dòmi an si senp ke sa daprè
nou ? Konbyen fwa nou te nan lari a, nou te epaye de yon aksidan ?
Aprè sa ou ri, ou souke tèt ou, men ou te janm pran tan reflechi aprè sa kijan
w’ fè epanye ? Konbyen fwa ou pa t’ panse w’ te ka gen yon timoun, ou te
ka jwenn yon travay, ou te ka peye dèt ou nan jounen an, epi ou te rive jwenn
yon solisyon san nan moman ou pa t’espere sa? Ou te sonje di Bondye mèsi ?
Levanjil jodi a envite nou mete konfyans nou nan Granmèt la, se li menm ki sèl
gid nou. Si vrèman nou rive kwè nan li tout bagay ap posib pou nou, n’ap rive
kraze tout fòs ki vle anpeche nou avanse pou pi devan.
LAPRIYÈ : Bondye Papa,
nou gen yon ti lafwa deja, men n’ap mande w’ pou w’ ogmante li pou nou. Pa kite
dout ak laperèz anvayi nou. Fè nou kwè nan ou chak jou pi plis pandan n’ap
aprann fè volonte ou. Amèn.
PWOPOZISYON : M’ap pataje eksperyans lafwa mwen ak yon zanmi pou
ede li kwè nan Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario