Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yo te pati ak kè kontan, paske yo
te konsidere yo te merite soufri move trètman pou non Jezi”.
NAN
TRAVAY APOT YO 5, 34-42
Jou
sa yo:
Yon
mesye leve nan tribinal la, yon Farizyen, yo te rele l’ Gamalyèl, se te yon
savan lalwa a ki te gen konsiderasyon tout pèp la, li pase lòd pou yo fè Apot
yo sòti deyò yon ti moman; li di yo: “Mesye Izrayelit yo, fè atansyon sa n’a
pral fè sou mesye sa yo. Sèke anvan jou sa yo, Teodas te kanpe, li te di li se
yon moun enpòtan, gen anpil moun ki rasanble vin jwenn li, anviron katsan; yo
touye l’; tout moun ki te kwè nan li yo, yo gaye yo, yo vin tounen anyen. Apre
li menm, Jida moun Galile a vin kanpe nan jou resansman yo, li soulve pèp la
dèyè l’; li peri; tout moun ki te dakò avèk li yo, yo gaye yo. Konsa, koulye a
mwen di nou: kite mesye sa yo trankil, lage yo; paske, si se nan lèzòm plan sa a
oubyen travay sa a sòti, l’ap fonn; men si se nan Bondye li sòti, nou p’ap
kapab fonn li, piga nou rive ap batay kont Bondye”. Yo vin dakò avèk li. Yo
konvoke Apot yo; avèk kou, yo avèti yo pou yo pa janm pale o non Jezi, epi yo
lage yo. Yo menm menm yo pati tou kontan sot devan tribinal la, paske yo te
konsidere yo te merite soufri move tretman pou non Jezi. Tout jounen yo pa t’
sispann ret nan Tanp la ak nan lakay yo ap bay ansèyman, ap anonse bòn nouvèl
Jezi se Kris.
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-14
R/ Yon
sèl bagay mwen mande Granmèt la: pou m’ abite nan kay Granmèt la.
Granmèt
la se limyè m’ ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè? Granmèt la se
pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Yon
sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche: abite nan kay Granmèt la
tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen
kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.Tann Granmèt la, pran kouraj, asire
kè w’, apuiye sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Li separe bay moun ki te sou tab
yo, toutotan yo te vle”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 6, 1 -15
Lè
sa a:
Jezi
al lòt bò lanmè Galile a, se lanmè Tiberyad la. Yon gran foul t’ap suiv li,
paske yo te wè siy li t’ap fè sou moun ki te malad yo. Konsa Jezi monte sou mòn
nan, li chita la avèk disip li yo.
Pak
la te tou pre, jou fèt Juif yo. Lè Jezi leve je l’, li wè te gen yon gran foul
ki t’ap vin jwenn li, li di Filip: “Ki kote n’ap achte pen, pou moun sa yo
manje? Li te di sa pou l’ sonde l’; li menm, li te konnen ki sa l’ t’a pral fè.
Filip reponn li: “Desan denye pen p’ap kont yo, pou chak moun jwenn yon
ti moso”. Youn nan disip li yo, Andre, frè Simon Pyè a, di l’: “Gen yon ti
gason isit la, ki gen senk pen lòj ak de pwason; sèlman, ki sa bagay sa yo ye
pou tout pakèt moun sa yo”? Jezi
di: “Fè moun yo lonje kò yo”. Te gen anpil zèb kote sa a. Mesye yo lonje kò yo,
yo te senk mil. Jezi pran pen yo, kon l’ fin rann gras, li separe bay moun ki
te lonje kò yo a, li fè menm jan pou pwason yo, otan yo te vle. Lè yo fin manje
vant plen, li di disip li yo: “Ranmase moso ki rete an plis yo, pou yo pa
pèdi”. Yo ranmase yo, yo plen douz panye ak mòso ki te sot nan senk pen lòj yo,
ki te ret an plis lè moun yo te fin manje a. Moun yo menm, lè yo wè siy Jezi te
fè, yo t’ap di: “Sa a se pwofèt la tout bon vre, ki te gen pou l’ vin sou tè
a”. Jezi menm, kòm li t konnen yo t’ap vin pou yo pran l’, pou yo fè l’ wa, li
sove kò l’ ankò nan mòn nan li menm pou kont li.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou
jodi a ap ede nou reflechi sou sansiblite Jezi gen pou nou, l’ap panse pou nanm
nou, epi l’ap panse pou kò nou, kè Jezi fè l’ mal lè l’ wè foul moun yo k’ap
mache tankou mouton san gadyen. Li te fè menm jan ak Papa l’ ki te wè soufrans pèp li a, li te
tande rèl li e li te vin delivre l’.
Frè ak sè m’ yo, menmsi moun ki pa vle tande Bòn Nouvèl la
maltrete nou, se pou nou fè travay nou kòm sa dwa, tout sa ki sòti nan Bondye
li pa gen dwa detwi; nan tan Gamalyèl t’ap pale, yo rele Apot yo, yo ba t’ yo
byen bat, aprè sa yo pase yo lòd pou yo pa janm pale nan non nèg sa a ankò,
sila yo rele Jezi a, epi yo lage yo. Mezanmi, tout moun konnen lè y’ap bat ou:
sa pa dous, sa fè mal; men lè w’ gen yon lafwa ki solid, anyen pa kapab fè w’
pè.
Aprè yo fin bat apot yo, yo lage yo. Men, lè yo te sòti anba kou,
kè yo te kontan, malgre tout pèsekisyon yo te jwenn paske se poutèt non Kris la
yo te merite pran kou. Yo tounen nan Tanp la, yo pwoklame Bòn Nouvèl la pi rèd,
ak plis fòs toujou. Nou wè jounen jodi a, lè se byen n’ap fè, toujou gen moun
ki pou nou, gen lòt ki kont nou: se poutèt sa fòk nou toujou lapriyè nan tout
sa n’ap fè; menm Jezi avan li fè yon mirak, li te toujou demake yon kote apa
pou l’ lapriyè.
Te gen anpil moun ki t’ap swiv Jezi, paske yo te wè mirak li yo,
jan li t’ap geri malad. Jezi te santi yo t’ap vin pran l’ ak fòs pou yo mete l’
wa, li retire kò l’ tou dousman. Men anpil fwa nou pa konprann pwojè Bondye,
menm jan ak patizan yo ki pa t’ konprann plan Bondye: Jezi bay senk mil moun
manje, san yo pa t’ fè okenn efò pou sa, men se kè sansib li ki te fè sa, se pa
t’ yon fason pou l’ fè wè ni pou l’ asire pouvwa li tankou yon lidè, li pa t’
pwofite moman mirak li yo pou fè pale de li, tankou nou menm ta fè sa. Sèlman
sa l’ bezwen pou misyon an, se lapriyè pou l’ kab kenbe fèm nan desizyon l’ nan
misyon Papa l’ te konfye li; se sa l’al fè nan mòn nan, se sa k’ fè nou menm,
nan tout desizyon n’ap pran, fòk nou toujou lapriyè avan, pou nou kapab kenbe
fèm; piga nou dekouraje, se pou nou pran ekzanp sou Jezi ak Apot yo, li menm ki
se sèl liberatè nou.
LAPRIYÈ: Jezi ou se
pen ki bay lavi ki p’ap janm fini an. Mwen di w’ mèsi pou pen espirityèl sa a
ou ban mwen san m’ pa merite l’ la; tanpri, fè m’ toujou swaf pen sa a pou m’
kab kenbe dyanm sou wout lavi a, ede m’ kwè pi plis chak jou ke w’ leve byen
vivan pami mò yo tout bon vre e ou vle mwen leve avèk ou. Amèn
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap panse a tout sila yo ki pa gen anyen pou
yo mete nan bouch yo, m’ap chwazi youn pou m’ pataje ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario