Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen konsidere pou yo pa
trakase sila yo nan payen yo ki vire vin jwenn Bondye yo".
NAN TRAVAY APOT YO 15, 7-21
Jou
sa yo:
Kòm
te gen gran diskisyon, Pyè leve, li di Apot yo ak ansyen yo: "Frè m’ yo,
nou konnen kijan depi nan jou lontan yo Bondye chwazi pou payen yo tande pawòl
levanjil la, pou yo kwè l’, pa lantremiz bouch mwen, nan mitan nou. Bondye, ki
konnen kè yo, li sèvi temwen, antan l’ ba yo Lespri Sen an menm jan ak nou
menm, li pa fè okenn distenksyon ant nou menm ak yo menm, antan li pwòpte kè yo
nan lafwa.
Koulye
a menm poukisa n’ap eseye Bondye a, antan n’ap poze yon jouk sou zepòl disip
yo, jouk sa a ni zansèt nou yo ni nou menm nou pa t’ kapab pote a? Men se gras
a favè Granmèt Jezikri nou kwè nou sove menm jan ak yo menm".
Tout foul la pe bouch li; yo t’ap
koute Banabe ak Pòl k’ap rakonte tout siy ak pwodij Bondye te fè nan nasyon yo
pa lantremiz yo. Lè
yo fin pe bouch yo, Jak pran lapawòl, li di: "Frè m’ yo, koute m’. Simon
sot rakonte kijan depi nan kòmansman Bondye te vizite nou pou l’ pran yon pèp
nan pami nasyon yo pou non l’. Pawòl pwofèt yo dakò avèk sa, daprè sa k’ ekri
a:
"Aprè
bagay sa yo, m’ap tounen, m’ap bati joupa David la ankò, sa k’ te tonbe a; m’ap
bati debri l’ yo ankò, m’ap mete l’ kanpe, pou rès moun yo chèche Granmèt la,
ni tout nasyon yo kote yo rele non m’ sou yo a, deklarasyon Granmèt la ki fè
bagay sa yo. Yo konnen depi tout tan se travay Granmèt la".
Se
pousa mwen konsidere yo pa gen dwa trakase sila yo nan pami nasyon yo ki vire vin
jwenn Bondye yo, men y’a ekri yo pou yo evite sa l’ kò yo ak zidòl yo, pou yo
evite move plezi, vyann toufe ak san. Sèke depi nan tan lontan Moyiz gen moun
nan chak vil k’ap preche l’ nan kay reyinyon yo, kote yo li l’ chak saba.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, l-2a. 2b-3. 10
R/
Anonse mèvèy Granmèt la nan tout pèp yo.
Chante
pou Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a. Chante pou
Granmèt la, fè konpliman pou non l’.R.
Anonse jou an jou delivrans li.
Anonse
bèlte l’ pami nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Di
nan nasyon yo: "Granmèt la wa". L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke;
l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
LEVANJIL
"Ret nan renmen m’ nan, pou kè
nou kapab kontan nèt".
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 15, 9-11
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Menm jan Papa a renmen m’ nan,
mwen menm tou mwen renmen l’. Ret nan renmen m’ nan. Si nou kenbe kòmandman m’
yo, n’ap rete nan renmen m’ nan; menm jan mwen menm mwen kenbe kòmandman Papa
m’ yo, epi mwen rete nan renmen l’ nan. Mwen di nou sa, pou kè kontan m’ nan
kapab nan nou, epi pou kè nou kapab kontan nèt".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Menm jan ak lapè (kè poze), kè kontan ke Jezi ofri
a sòti nan sous renmen, renmen ki rive transfòme lavi, ki prodwi zèv renmen, ki
fè nou grandi daprè kòmandman Bondye yo.
Se yon bagay ki byen fasil, si nou bezwen grandi
epi rete soude ak Jezi, nou pa bezwen chache l’ak yon enterè pèsonèl oubyen
ogèy. Chache Kris la, se yon reyalite, nan dyalòg ak lanmou, paske fwi yo se
yon repons renmen.
Vrèman vre, Jezi
deklare plizyè fwa se li menm ki renmen an, tankou nan chapitat sa a:
« Menm jan Papa m’ renmen m’ nan, mwen menm tou mwen renmen l’ ». Nou
menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. Renmen Jezi pou disip yo,
li gran anpil, menm jan ak renmen Bondye genyen pou li a. Renmen Jezi gen pou
nou an, se ekstansyon renmen ki soti dirèkteman nan Bondye Papa a; se yon
renmen total, san limit, yon renmen ke pèsonn moun pa ta kapab imajine.
Ak renmen Jezi a,
ki fè nou grandi a, ki rive pwodwi fwi nan lavi nou, se vrè sous kè kontan, yon
kè kontan ki espirityèl e ki ranpli tout lavi nou paske li patisipe nan kè
kontan Jezi a. Li vle pou kè kontan sa a dire pou toutan, pou li konplè :
Mwen di nou tout sa pou kè kontan m’ nan ka nan nou, pou nou kontan nèt ale.
A la bèl sa a bèl
se lè nou konnen Bondye rele nou pou toujou viv nan kè kontan ki gran, yon kè
kontan ki pa diminye men ki elaji avèk tan yo, jis nou inonde nan kè kontan
syèl la ki gaye toupatou. Konsil Vatikan II di : “Legliz la se vrè jenès
mond lan, li posede tout fòs, kapasite nan kè kontan avèk sa ki kòmanse, bay
tèt li sans rekonpans, nan renouvle ak rekòmanse de nouvo pou ale nan yon
nouvèl konkèt.
LAPRIYÈ :
Bondye Papa, tanpri simen kè kontan w’ nan sou mwen, paske se ou ki kapab fè kè
nou kontan tout bon vre e se ou ki kreye nou pou nou viv nan kè kontan. Tanpri
ranpli m’ak renmen ou, pou renmen sa kapab donnen bon fwi nan lavi mwen, pou li
pèmèt mwen tounen sous kè kontan pou tout moun mwen rankontre nan lavi mwen.
PWOPOZISYON : Renmen Bondye avèk tout kè nou epi n’ap jwenn kè
kontan ki p’ap janm fini an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario