Koulè Blan
PREMYE LEKTI
"Yo deside pou yo monte kot
Apot yo ak ansyen yo Jerizalèm osijè kesyon sa a".
LEKTI
TRAVAY APOT YO 15, 1-6
Jou
sa yo:
Gen
kèk moun ki desann sot nan Lajide, yo t’ap anseye frè yo: "Si nou pa resevwa
lasikonsizyon daprè abitid Moyiz la, nou pa kapab sove". Vin gen diskisyon
ki pa piti ant Pòl ak Banabe kont yo, yo deside pou Pòl ak Banabe monte avèk
kèkzen nan lòt yo kot Apot yo ak prèt yo Jerizalèm poutèt kesyon sa a. Yo menm,
Legliz la kondui yo, yo travèse Fenisi, ak Samari, y’ap rakonte kijan payen yo
chanje wout vin nan lafwa; yo fè tout frè yo vin gen gran kè kontan. Lè yo rive
Jerizalèm, Legliz la ak Apot yo ak ansyen yo resevwa yo, yo anonse tout sa Bondye
te fè avèk yo. Men gen kèkzen nan ti gwoup farizyen yo ki te gen lafwa yo ki leve,
yo di se pou payen yo resevwa sikonsizyon, epi se pou yo pase yo lòd pou yo
obsève lalwa Moyiz la. Apot yo ak ansyen yo rasanble pou yo ekzamine kesyon sa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121,
1-2. 3-4a. 4b-5 (r.: 1)
R/ Nan
lakay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen
kontan poutèt yo di m’: "nan lakay Granmèt la n’a prale"
Pye
nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jéruzalèm.R.
Sèke
se la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non
Granmèt la.
Sèke
se la fotèy yo enstale pou jijman an, fotèy kay David la.R
LEVANJIL
"Moun ki rete nan mwen, epi mwen
menm nan li, moun sa a pote anpil fwi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
15, 1-18
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Mwen
se veritab pye rezen an, Papa m’ se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa
donnen fwi, l’ap wete l’; tout branch ki donnen fwi, l’ap netwaye l’ pou l’
donnen plis fwi. Nou menm nou deja pwòp gras a pawòl la mwen te pale nou an. Rete
nan mwen, epi mwen menm nan nou. Menm jan branch la pa kapab donnen fwi pou kont
li a, si l’ pa ret nan pye rezen an, konsa tou nou menm non plis, si nou pa rete
nan mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo; moun ki ret nan mwen, epi mwen
menm nan li, moun sa a donnen anpil fwi, paske san mwen menm nou pa kapab fè
anyen. Si yon moun pa ret nan mwen, y’ap jete l’ deyò, tankou branch la, l’ap seche,
y’ap ranmase l’ y’ap jete l’ nan dife, l’ap boule. Si nou ret nan mwen, epi pawòl
mwen yo rete nan nou, tout sa nou vle, nou mèt mande l’, l’ap rive pou nou. Se
nan sa Papa m’ jwenn bèlte l’, pou nou donnen anpil fwi, pou nou vin disip mwen".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan filozofi yo di konsa chak bagay
genyen yon nannan ki fè l’ sa l’ ye a. Sa vle di chak bagay gen yon prensip ki
di sa l’ ye. Menm jan tou pou nou menm ki se kretyen gen yon
bagay a la baz ki fè yo ka idantifye nou kòm kretyen. Nou se kretyen paske nou
se patizan Jezikri. E pandan tout lavi nou, nou pa dwe bliye sa. Se tankou yon
chanson pou n’ap chante chak jou e chache ranje lavi nou jan Jezi mande sa. Tèks
nou sot li jodi a prezante nou yon mesaj ki klè, yon mesaj ki pa mande anpil
eksplikasyon. Si nou ta pran pati sa a: « Mwen se veritab pye rezen an, Papa m’
se kiltivatè a. Tout branch nan mwen ki pa donenn fwi, l’ap jete l’; tout
branch ki donenn fwi, l’ap netwaye l’ pou l’ donenn plis fwi ». Nou ta ka di ke
lavi nou se tankou yon branch bwa ki atache l’ ak yon pye bwa. Pye bwa sa a ki
se Jezi ki defini tèt li kòm Chemen an, Verite a ak Lavi a, se nan li nou jwenn
lavi.
Konsa, depi nou detache
de li nou pèdi tout nannan lavi nou. Sa vle di, sa ki fè nou sa nou ye a. Nou
se moun, nou se pitit Bondye. E n’ap rete moun e pitit Bondye si nou rete soude
ak Jezi. Jou nou deside
fè otreman, nou p’ap ni moun ankò, ni pitit Bondye tou. Se
travay sa a peche a fè. Nou chak dwe pran yon ti tan pou gade nan lavi nou ki
sa k’ fè l’ detache de Jezi, ki fè l’ pa ka bay fwi. Nou konnen trè byen fwi sa
yo, se renmen, lapè, la charite, pataj elatriye. Nou ta kapab di tout sa ki sòti
nan Jezi, sous lavi a. Si nou rete soude ak Jezi, epi pawòl li yo rete nan nou,
tout sa nou vle, nou mèt mande l’, l’ap rive pou nou. Paske se Jezi li menm
menm k’ap viv nan nou e se Lespri Sen an k’ap priye nan nou.
LAPRIYÈ:
Granmèt ede nou manifeste epi konsève idantite nou kòm kretyen nan mond sa k’ap
transfòme chak jou pi plis.
PWOPOZISYON: Rete soude ak Bondye Papa nan
lapriyè pou nou ka gen lavi nan li. Fè solidarite youn ak lòt antan youn ap ede
lòt.
No hay comentarios:
Publicar un comentario