Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Granmèt la louvri kè l’ pou l’
met atansyon nan sa Pòl t’ap di yo".
NAN
TRAVAY APOT YO 16, 11-15
Nou
navige sot Twoas, nou rive tou dwat Samotras, epi nan landmen nou rive
Neapolis; nou sot la, nou rive Filip, vil ki pi enpòtan nan rejyon Masedwán
nan, kote anpil etranje abite.
Nou
te rete pase kèk jou nan vil sa a. Jou saba a, nou sòti deyò pòt la, bò larivyè
a, kote yo konn lapriyè a, nou chita, nou t’ap pale avèk medam yo, ki te
rasanble yo.
Yon
madanm yo rele Lidi, yon machann vlou nan vil Tiati, ki te adore Bondye, li
t’ap koute; Granmèt la louvri kè l’ pou l’ fè atansyon nan sa Pòl t’ap di yo.
Lè l’ fin batize, ni kay li tou, li ensiste, li di: Si nou konsidere m’ kòm
fidèl Granmèt la, antre lakay mwen, rete la". Li fòse nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt
la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante
pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan Legliz sen yo. Se pou Izrayèl
kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se
pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou
li. Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap fè pòv yo jwenn
konsiderasyon nan delivrans la.R.
Se
pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou kabann yo. Lwanj Bondye yo
nan bouch yo: bèlte sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Lespri laverite a ap sèvi m’
temwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN 15,
26-16, 4
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Lè
Avoka a ap rive, li menm m’ap voye ba nou sot kot Papa a, lespri laverite a ki
sòti nan Papa a, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou menm tou n’ap sèvi m’
temwen, paske se depi nan kòmansman nou avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo, pou
nou pa dekontwole. Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon yo. Men lè a ap rive,
tout moun k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye. Y’ap fè
nou sa, paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou bagay sa yo,
pou lè lè pa yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan tan pèsekisyon Legliz la, se nan moman sa a li pran bon jan rasin, moman
kote fondasyon an vin pi solid, kote lafwa boujonnen. Kòman nou ka eksplike sa?
Lè yo t’ap chèche febli Legliz la, se lè sa a li pi fò, lè y’ap maspinen oubyen
touye kretyen yo, se lè sa a pi plis moun konvèti, lè y’ap depeyize yo, se lè
sa a yo mache fè patizan pou Jezi tout kote, lè y’ap chèche toufe yo, se lè sa
a yo preche Levanjil la ak plis kouraj.
Men nan tan n’ap viv la,
yon tan moun gen plis libète relijye pou yo viv lafwa yo jan yo vle, se nan
epòk jodi a mwens moun ap chèche vin kretyen, oswa yo di y’ap swiv Kris la men
yo pa dakò ak Legliz. Sa vle di se yon Legliz ki pase mòd, nou pa dwe lite pou
li ankò, alevwa mouri pou li. Men nan Levanjil jodi a, Jezi ba nou yon mesaj ki
trè enpòtan: “Y’ap mete nou deyò nan kay reyinyon
yo. Men lè a ap
rive, tout moun k’ap touye nou, y’ap konprann se yon sèvis yo rann Bondye. Y’ap
fè nou sa, paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men mwen di nou bagay sa
yo, pou lè lè pa yo a rive, nou sonje mwen te di nou sa”. Tan pou nou bay temwanayaj pou
Jezi p’ap janm fini, toutotan Rèy Bondye a pa tabli sou tout fas tè a.
LAPRIYÈ:
Mèsi Bondye Papa, paske ou leve Jezi
byen vivan, ou mete l’ Granmèt. Tanpri ba nou fòs temwaye mèvèy li fè pou nou.
Amèn
PWOPOZISYON: Pran yon ti tan pou panse ak tout
kretyen yo touye nan jou pase yo nan peyi Nijerya akòz lafwa yo nan Jezikri.
Lapriyè pou Bondye resevwa nanm yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario