Koulè Blan
SIZYÈM DIMANCH PAK, ANE B
PREMYE LEKTI
«Menm nan
nasyon yo favè Lespri Sen an vide».
LEKTI TRAVAY APOT YO 10, 25-26,
34-35. 44-48
Rive, lè Pyè ap antre, Kònèy vin rankontre
l’, li lage kò l’ nan pye l’ pou l’ adore l’. Pyè menm leve l’, li di l’:
"Leve: mwen menm tou se yon moun mwen ye".
Pyè pran lapawòl, li di: «An verite
mwen rekonèt Bondye pa gade sou figi moun, men nan tout nasyon, mon ki respekte
l’ epi ki fè sa ki kòrèk, se li menm li resevwa».
Pandan Pyè ap pale toujou, Lespri sen
an tonbe sou tout moun ki t’ap koute pawòl la. Fidèl yo ki te nan sikonsizyon an, ki te vini ansanm ak Pyè a,
yo sezi poutèt favè Lespri sen an te vide menm nan nasyon yo. Reyèlman vre yo te
tande y’ap pale an lang, y’ap fè konpliman pou Bondye.
Lè
sa a atò, Pyè pran lapawòl, li di: "Èske yon moun kapab anpeche nou pran
dlo pou batize sila yo ki resevwa Lespri Sen an menm jan ak nou an"? Epi
li pase lòd pou batize yo o non Granmèt Jezikri. Yo lapriyè l’ pou l’ rete avèk
yo kèk jou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97,
1. 2-3ab. 3cd-4 (r.: cf. 2b)
R/ Devan fas nasyon yo Granmèt la devwale
delivrans li a.
Chante
yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li
sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li a; li sonje kè sansib li, ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye
nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
DEZYÈM LEKTI
"Bondye
se renmen".
LEKTI PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4,
7-10
Nou menm mwen renmen anpil la, se
pou nou youn renmen lòt, paske renmen an se nan Bondye li sòti; epi tout moun
ki renmen, se nan Bondye li fèt epi li konnen Bondye. Moun ki pa renmen, li pa
konnen Bondye, paske Bondye voye sèl Pitit li a sou tè a, pou nou viv pa lantremiz
li. Men kijan renmen an ye, se pa nou menm ki te renmen Bondye, se li menm ki te
renmen nou an premye, epi li voye Pitit li a pou l’ sèvi delivrans pou peche
nou yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Pa gen yon fason pou yon moun renmen
pi plis pase pou l’ bay lavi l’ pou zanmi l’ yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN
JAN 15, 9-17
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Menm
jan Papa a renmen m’ nan, se konsa tou mwen renmen nou. Se pou nou rete nan renmen
m’ nan. Si nou kenbe kòmandman m’ yo, n’ap rete nan renmen m’ nan menm jan mwen
menm mwen kenbe kòmandman Papa m’ yo, epi mwen rete nan renmen l’ nan.
Mwen
di nou bagay sa yo, pou kè kontan m’ nan kapab nan nou, pou kè kontan nou an reyalize
nèt.
Men kòmandman m’ nan, se pou nou
youn renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an. Pi gran fason pou yon moun renmen, se bay lavi l’ pou zanmi l’
yo.
Nou
menm nou se zanmi m’, si nou fè sa mwen kòmande nou. Mwen p’ap rele nou sèvitè
ankò, paske sèvitè a pa konnen ki sa mèt li ap fè e se zanmi mwen rele nou,
paske tout sa m’ tande kot Papa m’, mwen fè nou konnen l’.
Se
pa nou menm ki chwazi m’; men se mwen menm ki chwazi nou, mwen mete nou, pou
nou ale, pou nou donnen fwi, pou fwi nou an dire; konsa, tout sa n’a mande Papa
a o non m’, l’ap ba nou li. Sa mwen kòmande nou, se pou nou youn renmen
lòt".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Ala bèl Levanjil jodi a la bèl! Tèlman Jezi bezwen
montre nou jan l’ renmen nou, li bay tèt li pou nou. Lè fini, Jezi di disip li yo konsa yo mèt rele
l’ zanmi, paske yo konnen tout sa l’ fè epi yo tande tout sa l’ pale.
Menm jan ak nenpòt zanmitaj, pou ou kapab di
yon moun se zanmi ou tout bon, fòk ou konnen moun nan. Fòk ou mache ak moun
nan, pou ou wè kisa l’ fè. Fòk ou dyaloge ak moun nan, pou ou tande sa l’
pale.
Si w’ fè sa vrèman, aprè yon bout tan w’ap konnen ki santiman moun nan.
W’ap konnen sa l’ renmen ak sa l’ pa renmen. Nan nenpòt sityasyon, w’ap gen tan konnen ki jan l’ ta reyaji si l’ te
la.
Si ou se zanmi moun nan, ou menm tou, piti
piti w’ap gen menm santiman avè l’, w’ap kontan lè l’ kontan, w’ap tris lè l’
tris, paske li se zanmi ou.
Se nan sans sa a Jezi envite nou rete zanmi avèk li. Sa vle di, se pa
nan plede rele non li sèlman, n’ap zanmi l’. Pou n’ zanmi Jezi, fòk nou chache
konnen li pèsonèlman. Sa posib paske Jezi vivan toujou.
Sèl fason pou n’ konnen Jezi tankou yon zanmi, se pou nou chache konnen
ki sa l’ te fè ak kisa l’ te di pandan l’ t’ap pataje ak disip li yo. Nou kapab
jwenn tout enfòmasyon sa yo nan kat ti liv ki andan Bib la: Levanjil daprè
Matye, Levanjil daprè Mak, Levanjil daprè Lik ak Levanjil daprè Jan. Se nan liv sa yo yo ekri istwa lavi Jezi.
Li ta byen vo lapenn pou n’ ta etidye sa k’
nan Levanjil yo, pa sèlman pou n’ gen konesans, men sitou, pou n’ pwofondi nan
zanmitaj nou an ak Jezi.
Si nou youn renmen lòt, n’ap kapab rele Jezi zanmi. Se lè nou aji menm
jan l’ te aji, ke n’ap montre si n’ konnen santiman li, ak si nou gen menm
santiman avèk li.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt, paske ou voye Lespri Sen ou lan
pou tout moun san eksepsyon! Amèn.
PWOPOZISYON: Pou m’ konnen lavi
Jezi pi byen, m’ap pran youn nan Levanjil yo, m’ap li l’ piti piti, sòti nan
chapit 1, vèsè 1, pou rive jous nan finisman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario