Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
"Travèse
Masedwán, pote nou sekou".
NAN TRAVAY APOT YO 16, 1-10
Jou
sa yo: Pòl rive Dèb ak Lis.
Te
gen yon disip la yo te rele Timote, pitit yon Juif ki te gen lafwa, papa l’ te
payen. Frè yo ki te Lis avèk Ikonyòm yo, yo te bay bon temwayaj sou li. Pòl te
vle pati avèk li, li pran l’, li fè l’ resevwa sikonsizyon akoz Juif yo ki te
nan kote sa yo; men tout moun te konnen papa l’ te payen.
Pandan
y’ap travèse vil yo, yo t’ap transmèt yo desizyon yo pou yo kenbe, sa Apot yo
ak ansyen Jerizalèm yo te deklare yo. Legliz yo t’ap vin solid nan lafwa a,
chak jou yo t’ap gen plis moun.
Yo
travèse Friji ak rejyon Galat la, Lespri Sen an te anpeche yo pale pawòl Bondye
a nan Lazi. Lè yo rive nan Mizi, yo t’ap eseye ale nan Bitini; men lespri Jezi
pa t’ pèmèt yo. Yo travèse Mizi, yo desann Twoas.
Nan
nuit Pòl gen yon vizyon: se yon mesye Masedwán ki te kanpe, ki t’ap lapriyè l’,
ki t’ap di: "Travèse nan Masedwán, vin pote nou sekou". Kon l’ wè
vizyon an, menm lè a nou chèche pati nan Masedwán, nou te gen lasirans se
Bondye ki te rele nou pou nou anonse yo levanjil la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 5.
R/ Fè
lwanj pou Granmèt la, tout tè a.
Fè
lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas
li avèk gran fèt.R.
Konnen
Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li
ak mouton pak li.R.
Sèke
Granmèt la bon; pou tout tan kè l’ sansib, pou jenerasyon ak jenerasyon verite
l’ la.R.
LEVANJIL
"Nou pa
fè pati tè a, men mwen chwazi nou sot sou tè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 15, 18-21
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Si
tè a rayi nou, konnen li te rayi m’ anvan nou. Si nou te fè pati tè a, tè a ta
renmen sa k’ pou li; men paske nou pa fè pati tè a, okontrè mwen chwazi nou sot
sou tè a, se pousa tè a rayi nou an. Sonje pawòl mwen an, sa m’ te di nou an:
"Sèvitè a pa pi gran pase mèt li. Si yo te pèsekite m’, nou menm tou y’ap
pèsekite nou; si yo te kenbe pawòl mwen yo, y’ap kenbe pa nou yo tou". Men
tout bagay sa yo, y’ap fè nou yo poutèt non mwen, paske yo pa konnen sila a ki
voye m’ nan".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nou toujou ap
pyafe nan fèt Pak la! Se yon fèt ki ba nou pi gwo kè kontan ke yon moun ta
kapab santi, paske se fèt laviktwa lavi sou lanmò. Sèke
Jezi ki leve byen vivan soti nan pami mò yo. Li ba nou yon lespwa tou nèf, li
louvri pòt syèl pou nou. Nan premye lekti a, liv Travay Apot yo prezante nou
yon gran nèg, ki rele Timote, se konpanyon misyon apot Pòl, aprè konvèsyon l’. Tan
Pak la pa sèlman envite nou fè kè nou kontan, men tou li envite nou pou nou ale
nan misyon, ale fè patizan pou Jezi, al rakonte mèvèy Bondye fè nan lavi nou.
Kidonk, lajwa ak lespri misyonè, se de (2) bagay ki karaterize tan Pak la. Yon misyon ki enplike yon konba an favè jistis, renmen
ak verite.
De mesye sa yo, Pòl ak Timote pa t’ pè bay temwayaj sa
a. Yo te konnen ki konsekans sa te kapab pote, men yo pa t’ pè, yo pa t’ fè bak
ni gade dèyè. Mache avèk Jezi, se chwazi chemen lakwa, chemen doulè, chemen
soufrans.
An menm tan tou, se chwazi chemen viktwa a, paske Jezi
yo te touye a, li pa rete nan tonbo a men li triyonfe sou tout fòs mal yo, e
limyè rezireksyon li a briye nan tout linivè.
LAPRIYÈ: Tanpri Jezi,
kenbe m’ sou chemen an avèk ou, paske avèk ou mwen p’ap janm pèdi batay.
PWOPOZISYON: Pak mande m’ pase sot nan rayi vin nan renmen: jodi a
m’ap rekonsilye ak yon moun ki lènmi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario