Páginas

LENDI 18

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a"?
NAN TRAVAY APOT YO 19, 1-8
Pandan Apolon te Korent, Pòl travèse rejyon anwo yo, li rive Efèz, li jwenn kèk disip. Li di yo: "Èske nou te resevwa Lepri Sen an lè nou te kwè a"? Yo di l’: "Nou pa menm tande pale sou Lespri Sen an". Li di: "Nan ki sa nou te batize"? Yo di: "Nan batèm Jan an". Pòl di: "Jan te batize pèp la nan batèm penitans, antan li te di pou yo kwè nan sila a ki gen pou l’ vini aprè l’ la, sila a menm sa vle di nan Jezi".
Lè yo tande sa, yo batize o non Granmèt Jezi. Lè Pòl poze men sou yo, Lespri Sen an vin sou yo; yo t’ap pale nan lang, yo t’ap fè deklarasyon pwofèt. Tout mesye yo te apeprè douz. Li antre nan kay reyinyon an, li pale avèk asirans pandan twa mwa, l’ap diskite, l’ap bay prèv sou rèy Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 67, 2-3. 4-5ac. 6-7ab
R/ Rèy tè yo, chante pou Bondye.
Bondye leve, se pou lènmi l’ yo gaye; se pou sila yo ki rayi l’ yo sove kò yo devan fas li. Tankou lafimen gaye, ou gaye yo; tankou lasi fonn devan fas dife, konsa moun peche yo peri devan fas Bondye.R.
Se pou moun ki kòrèk yo fè kè yo kontan, pou yo danse devan Bondye, se pou yo jwi nan kè kontan. Chante pou Bondye, di kantik pou non l’; Granmèt la se non l’ sa.R.
Papa òfelen yo ak jij vèv yo, Bondye nan lakay li ki sen an. Bondye ki fè pòv yo abite nan yon kay, ki kondui prizonye yo nan richès.R.
LEVANJIL
"Pran konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 29-33
Lè sa a:
Disip yo di Jezi: "Koulye a menm w’ap pale klè, ou pa di anyen an parabòl. Koulye a nou konnen ou konnen tout bagay, pèsòn pa bezwen poze ou kesyon: konsa nou kwè se nan Bondye ou sòti". Jezi reponn yo: "Koulye a nou kwè? Men lè a ap rive, li deja rive, chak moun ap gaye kote pa l’, n’ap kite m’ pou kont mwen; men mwen pa pou kont mwen, paske Papa a avèk mwen. Mwen di nou bagay sa yo pou nou gen lapè nan mwen. Sou tè a n’ap gen tray, men, konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou santi kijan lafwa nan Jezikri ap pèdi fòs nan mond nou an. Tèlman gen enfòmasyon ki pa kadre ak soutyen moral n’ap chèche nan yon lavi ki apiye sou Levanjil la. Valè ki alamòd jodi a se konsomasyon, fè anpil lajan, renmen plezi, ramase byen materyèl; valè yo pa kadre ak sa ki ta kapab makonnen ak ekzijans Levanjil la.
Poutan valè sa yo pa ede nou grandi pèsonèlman ni yo pa ba nou trankilite lespri; okontrè yo ba nou plis pwoblèm, plis enkyetid. Anpil moun ap kalkile kisa pou yo fè pou yo rive genyen yon kay, yon machin, y’ap kalkile kijan avni yo pral ye, y’ap viv ak anpil angwas paske yo poko kapab rive nan kalite pwogrè sosyete a prezante yo a.
Jezi envite nou genyen konfyans: «Pran konfyans, mwen ranpòte laviktwa sou tè a» (Jn 16, 33), sa vle di, granmesi soufrans, lanmò ak rezireksyon li, Li jwenn lavi ki p’ap janm fini an, lavi ki san difikilte, lavi ki san limit e ki venk tout limita e ki depase tout eprèv.
Tout moun ki pou Kris la, yo va ranpòte laviktwa sou tout difikilte menm jan ak Li, menm si nou dwe pase pa plizyè kalite lanmò ak rezireksyon, pètèt bagay nou pa vle ni nou pa t’ janm swete, men ki gen sans yo nan menm Mistè Pak Kris la. Èske lè nou pèdi yon zanmi se pa yon lanmò? Èske se pa menm bagay tou lè nou separe ak yon moun ki chè pou nou?...
Men nou deja pote laviktwa sou tout bagay sa yo gras a Sila a ki renmen nou an (Wom 8, 37). Se pou nou temwaye renmen Bondye a, paske Sila a ki gen tout pouvwa a fè mèvèy (Lik 1,49) pou nou tout, e li ede nou depase tout difikilte, menm lanmò, paske Kris la ba nou Lespri Sen an.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou se sèl vrè trezò nou. Pa kite nou lage ou yon may. Amèn

PWOPOZISYON: Konnen sou ki valè lavi mwen chita, kisa m’ap defann.

No hay comentarios:

Publicar un comentario