Koulè Blan
ASANSYON
GRANMÈT LA
PREMYE MOSO LABIB
"Pandan y’ap gade l’, li
leve".
NAN
TRAVAY APOT YO 1, 1-11
Mwen
te fè yon premye liv, Teofil, sou tout sa Jezi te kòmanse fè ak sa l’ te
aprann, jous nan jou, lè l’ te pase Apot yo lòd la pa pouvwa Lespri Sen an, yo
menm li te chwazi a, li monte; yo menm li te parèt devan yo byen vivan an aprè
soufrans li a avèk anpil prèv, pandan karant jou li parèt devan yo, l’ap pale
yo sou rèy Bondye a.
Pandan
l’ap manje, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, men pou yo tann
reyalizasyon pwomès Papa a, li di "sa nou te tande nan bouch mwen an; sèke
Jan te batize nan dlo, men nou menm se nan Lespri Sen an n’ap resevwa batèm,
nan kèk jou".
Sila
yo te rasanble yo, yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: "Granmèt, èske se
nan tan sa a w’ap refè rèy Izrayèl la?" Li di yo: "Se pa nou menm
k’ap konnen tan ak moman Papa a deside nan pouvwa l’; men n’ap resevwa fòs
Lespri Sen an k’ap vini sou nou, n’ap sèvi m’ temwen Jerizalèm, nan tout Lajide
ak Lasamari, epi jous nan bout tè a".
Kon
l’ fin di sa, pandan y’ap gade l’, li monte; yon nyaj kache l’ devan je yo. Kòm
yo t’ap gade l’a prale nan syèl la, gen de mesye ki vin kanpe bò kote yo, abiye
tout an blan, yo di: "Mesye Galileyen yo, poukisa nou kanpe ap gade nan
syèl la? Jezi sa a yo pran nan men nou an nan syèl la, se konsa l’ap vini menm
jan nou wè l’ ale nan syèl la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 46, 2-3. 6-7. 8-9
R/
Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon.
Tout
nasyon yo, se pou nou bat bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske
Granmèt la ki anwo nèt la, li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Bondye
monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon. Fè lwanj pou Bondye, fè
lwanj; fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
Paske Bondye se wa tout tè a, fè
lwanj avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Li enstale l’ adwat li nan
syèl yo".
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 1, 17-23
Frè
m’ yo:
Bondye
Granmèt nou Jezikri, Papa bèlte a, se pou l’ ba nou Lespri sajès ak revelasyon
nan konesans li; se pou l’ klere je kè nou, pou nou konnen ki espwa rele li
rele nou an genyen, ki richès bèlte eritaj li a pou sen yo, ki grandè
ekstrawòdinè pouvwa li a nan nou menm ki kwè yo, daprè aktivite fòs pouvwa l’,
sa l’ deplwaye nan Jezikri a, antan l’ leve l’ sot nan pami mò yo, li enstale
l’ adwat li nan syèl yo, anlè tout chèf, pouvwa, otorite ak kòmandman, ak tout
nan yo kapab nonmen non sèlman nan syèl sa a, men nan sa k’ap vini an tou.
Li
mete tout bagay anba pye l’, li mete l’ kòm tèt anlè tout Legliz la, Legliz sa
a ki kò l’ la, sa l’ plen an, li menm ki reyalize tout bagay nan tout moun.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Li
monte nan syèl epi li chita adwat Bondye".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 16,
15-20
Lè sa a: Jezi parèt kot Onz yo, li di yo:
"Ale
sou tout tè a, preche Levanjil la bay tout kreyati. Moun ki kwè epi ki batize,
l’ap sove; men moun ki pa kwè l’ap kondane. Men siy k’ap suiv sila yo ki kwè
yo: o non m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale nouvo lang, y’ap kenbe sèpan, epi,
si yo bwè yon pwazon, li p’ap fè yo anyen ki mal, y’ap poze men sou malad yo,
malad yo ap refè".
Granmèt Jezi, lè l’ fin pale avèk yo, yo pran
l’ nan syèl la, li chita adwat Bondye. Yo menm menm yo pati y’al preche tou
patou, Granmèt la t’ap ede yo, li t’ap asire pawòl la avèk siy yo ki t’ap suiv
yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se Dimanch
Asansyon Granmèt la. Aprè Jezikri te mouri epi l’ leve ankò, li te fè 40 jou
nan mitan apot ak disip li yo epi aprè sa li te kite latè pou monte nan syèl
la. Se sa yo rele Asansyon, epi se sa menm n’ap fete jodi a. Si Papa Bondye te
fè Jezi al jwenn li nan syèl la aprè l’ mouri epi li leve ankò, se yon jan l’ap
fè nou konprann si l’ dakò ak tout sa Jezi te fè pandan l’ te nan mitan nou. Lè
fini, kòm Pitit Bondye a se gran frè nou, Asansyon li a se yon pwomès pou nou
tout, se yon lespwa nan lavi etenèl pa nou an. Menm tan tou, si Jezi te kite
latè, sa pa vle di li abandone zanmi li yo. Se pa lage li lage nou. Okontrè,
fèt jodi a se yon preparasyon pou yon lòt fèt ki pi gwo toujou, ki se fèt
Pannkòt, lè Granmèt la te voye Lespri Sen li an sou latè. Lespri Sen an, se
Lespri Jezikri li ye. Sa vle di, Jezi toujou la nan mitan nou. Sèl sa k’ chanje
se fòm prezans li a. Gran frè nou an vle pou nou menm kontinye travay li a onon
li, ak Lespri pa l’ nan lespri pa nou. Depi yon kretyen aji jan Jezi te konn
aji, nou kapab di se Jezi menm ki toujou sou latè.
Nan chak epòk,
Bondye ap montre nou jan l’ renmen nou. Men sa pa vle di se yon sèl fason li fè
l’. Gen yon pwosesis. Avan tan Jezi a, te gen pwofèt yo ki t’ap anonse l’. Aprè sa, Granmèt
la te tounen yon ti bebe, ki te grandi nan mitan pèp la. Aprè li mouri, li te
leve ankò, epi kèk jou aprè, li monte nan syèl la avan l’ te voye Lespri Sen li
an. Nan chak pa, nan chak etap, se yon Bòn Nouvèl l’ap ba nou.
LAPRIYÈ : Mèsi
Granmèt pou tout mèvèy ou fè pou fè nou wè jan ou renmen nou. Jodi a, nan fèt
Asansyon Jezi a, nou kontan lespwa sa reprezante pou nou, epi n’ap mande ou fè
n’ konprann ke ou p’ap janm abandone nou.
PWOPOZISYON : Fè yon ti
reflechi sou kijan Bondye te montre m’ prezans li nan dènye moman ki sot pase
yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario