Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Apolon te fè wè daprè Labib kijan
Jezi se Kris”.
NAN
TRAVAY APOT YO 18, 23-28
Aprè
kèk tan li pase Antyòch, Pòl pati, li travèse rejyon Galasi a ak Friji a youn
aprè lòt, l’ap bay tout disip yo asirans. Te gen yon Juif yo te rele Apolon,
yon moun Aleksandri, ki te konn pale byen, li rive Efèz, li te fò nan Labib. Li
te gen konesans chemen Granmèt la; li te gen chalè lespri nan pawòl li, li t’ap
bay lansèyman sou Jezi yon fason ekzak, men se batèm Jan an sèlman li te
konnen. Li kòmanse met aktivite avèk asirans nan kay reyinyon
an. Lè Prisil avèk Akila tande l’, yo
pran l’, yo montre l’ chemen Granmèt la yon fason pi ekzak ankò. Kòm li te vle
ale Lagrès, frè yo mete ankourajman, yo ekri disip yo pou yo resevwa l’. Lè l’
rive, li bay fidèl yo gran konkou. Sèke li t’ap kontredi Juif yo an piblik,
antan l’ montre daprè Labib Jezi se Kris.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
46, 2-3. 8-9. 10
R/
Bondye wa
tout tè a.
Tout nasyon yo, se pou nou bat
bravo, fè lwanj pou Bondye avèk rèl kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la,
li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Paske Bondye se Wa tout tè a, fè lwanj
avèk sajès. Bondye wa sou nasyon yo, Bondye chita sou fotèy li ki sen an.R.
Chèf pèp yo rasanble, ansanm ak pèp
Bondye Abraam nan, paske zam defans yo sou tè a, se pou Bondye: li leve byen
wo.R.
LEVANJIL
"Papa a renmen nou, paske nou
renmen m’, epi nou kwè nan mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 16, 23- 28
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"An
verite, an verite mwen di nou, si nou mande Papa a kichòy o non m’, l’ap ba nou
l’. Jous koulye a nou pa mande anyen o non m’. Mande, n’ap jwenn, pou kè nou
kapab kontan nèt. Bagay sa yo se an parabòl mwen te pale nou yo. Lè a rive, se
pa an parabòl ankò m’ap pale avèk nou, men se aklè m’ap anonse nou sa k’
konsène Papa a. Jou sa a n’ap mande o non m’; mwen pa di nou m’ap lapriyè Papa
a pou nou. Papa a li menm li renmen nou, paske nou renmen m’, epi nou kwè se
nan Bondye mwen sòti. Mwen sòti nan Papa a, mwen vini sou tè a; m’ap kite tè a
ankò pou m’ ale kay Papa a".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi ban nou asirans
ke si nou mande Papa a nan non li, n’ap jwenn sa nou mande a. Kisa pawòl sa vle
di? Mande nan non Jezi vle di kwè nan li ; kwè nan pwisans li ; kwè
li se Bondye ; kwè li ka fè tout bagay. Se menm pawòl sa pè a di chak jou
nan lamès nou yo aprè chak lapriyè : «Nou
mande ou sa pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an ». Se yon pawòl ki plen
fòs; se yon pawòl lafwa.
Atravè pawòl sa a Jezi ap mande nou pou nou
kwè nan li pi plis toujou ; l’ap mande nou pou nou kole sou li pi plis
toujou. Anpil fwa nou pa ka wè fwi lapriyè nou yo, se paske nou pa priye ak
lafwa ; nou manke konviksyon. Lapriyè pa mache san lafwa. Konsa, li
enpòtan pou nou mande ak anpil konfyans. Se Jezi menm ki di nou nan Pawòl li «si lafwa nou gwo tankou yon grenn moutad
n’ap di mòn yo deplase epi y’ap obeyi».
Kòm nou konnen lafwa pa mache san aksyon, se
nan zèv nou yo n’ap montre nou kwè nan Granmèt la tout bon vre. Nou bezwen viv
selon sa nou kwè a; fòk nou anonse sa nou kwè a. LAPRIYÈ : Bondye Papa, tanpri konble nou ak Lespri Sen an, pou nou
ka anonse Rèy delivrans lan tout kote nou pase.
PWOPOZISYON : M’ap fè tout jefò
mwen kapab pou mwen ka viv selon sa mwen kwè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario