Páginas

VANDREDI 15

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
"Mwen gen yon gran pèp nan lavil sa a".
NAN TRAVAY APOT YO 18, 9-18
Pandan Pòl te Korent, Granmèt la di l’ yon nuit nan vizyon: "Pa pè, se pou ou pale, pa pe bouch ou. Paske mwen avèk ou, pèsòn p’ap poze men sou ou pou yo fè ou kichòy, sèke mwen gen yon pèp ki anpil pou mwen nan vil sa a". Li rete la yon ane ak sis mwa, l’ap anseye pawòl Bondye a lakay yo. Pandan Galyon te prefè Lagrès, Juif yo met ansanm yo fè konplo kont Pòl, yo kondui l’ nan tribinal, yo di: "Sila a ale kont lalwa a, l’ap pran tèt moun yo pou yo adore Bondye". Pòl menm te kòmanse ap louvri bouch li, Galyon di Juif yo: "Si se te yon krim oubyen yon move aksyon, mesye Juif yo, mwen ta pran ka nou byen; men si se kesyon sou mo ak non ak lalwa nou an, se nou menm ki pou wè sa; mwen pa vle jij bagay sa yo". Li ranvwaye yo sot nan tribinal la. Tout moun sezi Sostèn, chèf kay reyinyon an, yo kòmanse frape l’ devan tribinal la, Galyon menm pa okipe yo. Kanta Pòl, li te rete ankò kèk jou, aprè sa li kite frè yo, li navige pou Lasiri (Prisil avèk Akila te avèk li). Li te fè koupe cheve l’ Sankre; paske li te fè yon ve.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 46, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Bondye wa tout tè a.
Tout nasyon yo, se pou nou bat bravo, fè lwanj pou Bondye avèk kè kontan. Paske Granmèt la ki anwo nèt la, li terib, wa ki gran anlè tout tè a.R.
Li mete pèp yo anba lòd nou, ak nasyon yo anba pye nou. Li chwazi eritaj nou pou nou, bèlte Jakòb la, sila a li renmen an. Bondye monte nan gran fèt, Granmèt la monte nan son klewon; fè lwanj pou Bondye, fè lwanj; fè lwanj pou wa nou an, fè lwanj.R.
LEVANJIL
"Kè kontan nou an, pèsòn p’ap wete l’ sot nan nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 20-23a
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"An verite, an verite mwen di nou, n’ap kriye, n’ap plenn, tè a menm ap nan kè kontan. N’ap gen lapenn, men lapenn nou an ap vin tounen kè kontan. Yon madanm k’ap anfante, li nan lapenn, paske lè l’ rive; men lè l’ fin fè pitit la, li pa sonje soufrans la ankò akoz kè kontan an, paske yon moun fèt sou tè a. Konsa nou menm tou koulye a nou gen lapenn; men m’ap wè nou ankò, kè nou ap kontan, kè kontan nou an, pèsòn p’ap pran l’ sot nan nou. Jou sa a nou p’ap mande m’ anyen".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou jodi a ankouraje nou pou nou pa pè pale pawòl la, paske nou pa pou kont nou. Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li ki fòs nou, li toujou pare pou l’ pote n’ sekou lè nou nan tray. Se poutèt sa li di nou menm si nou wè tè a ap tranble, mòn yo ap chavire, nou pa bezwen pè anyen, Papa ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Si nou gen Yave ki kanpe ak nou, nanpwen jou pou n’ pa byen kore; paske viktwa a se pou moun k’ap lite pou fè volonte Bondye; nan Levanjil Sen Jan an, li di nou: menm si nou nan lapèn kounye a, lapenn sa a gen pou tounen kè kontan; li di nou ankò gen moun k’ap viv pou moun, pou fè moun plezi. Y’ap kontan wè nou nan lapenn, men piga nou ebranle, dlo a va seche nan je nou, solèy pral la pral leve pou nou!
Sen Jan pran imaj yon fi ki pra l’ akouche pou li kapab fè nou konprann kijan Bondye genyen pou li fè kè nou kontan. Nou tout konn wè yon fi k’ap pote yon bebe:, pafwa depi nan premye mwa a l’ap soufri pou jis li rive jou pou l’ akouche; men aprè akouchman an li tèlman kontan, li bliye soufrans lan, li pran tan l’ pou l’ admire pitit li, li te gen anpil espwa lè ti pitit la fèt l’ap pote lajwa; se menm dife lespwa sa a Jezi vle limen nan kè nou jodi a, pou nou konprann kijan li vle nou rive menm kote avèk li, nan yon lavi san lapenn, san soufrans, san abi, san menas lanmò. Se pou Jezi fè flanm lespwa sa a pa janm tenyen nan kè nou, pou lè li va tounen pou mete tout bagay an plas, pou kè nou kapab kontan nèt ale!
LAPRIYÈ: Granmèt, devan soufrans ak difikilte lavi a, tanpri fè nou toujou santi prezans ou, pou nou pa janm dekouraje. Amèn.

PWOPOZISYON: Pa janm gen dimanch Pak san vadredi Sen. Mwen aksepte soufri ak Jezi, paske avèk li viktwa m’ asire.

No hay comentarios:

Publicar un comentario