Koulè Wouj
MATYAS KI SEN,
Apot
(Fèt)
PREMYE
MOSO LABIB
"Sò a tonbe sou Matyas, li
antre nan gwoup onz Apot yo".
NAN
TRAVAY APOT YO 1, 15-17. 20-26
Jou
sa yo Pyè leve nan mitan frè yo, li di (foul moun yo te apeprè san ven):
"Frè m’ yo, se pou sa k’ ekri a reyalize, sa Lespri Sen an te di nan bouch
David la sou Jida ki te kondui moun yo ki te vin arete Jezi a, Jida sa a ki te
youn nan nou an, ki te gen plas li nan sèvis sakre sa a.
Men
sa ki ekri nan liv sòm yo: "Se pou kay li vin tounen dezè, pou pa gen
pèsòn ki abite ladan l". Epi: "Se pou yon lòt resevwa chaj li genyen
kòm evèk la".
Konsa
nan mesye sa yo ki rasanble avèk nou yo pandan tout tan Granmèt Jezi te konn
antre-sòti nan pami nou an, kòmanse depi sou batèm Jan an jous jou li monte
kite nou an, se pou youn nan yo vin sèvi temwen rezireksyon l’ nan temwen
ansanm avèk nou".
Yo
prezante de, Jozèf sa yo rele Basabas la, ki gen ti non Kòrèk la, avèk Matyas.
Yo
priye, yo di: "Ou menm Granmèt, ki konnen kè tout moun, montre sa a ou
chwazi nan de sa yo, pou l’ pran plas sèvis sakre sa a ak travay apot la, sa
Jida pati kite l’ la pou l’ al fè wout li a".
Yo
tire osò sou yo; sò a tonbe sou Matyas, yo mete l’ nan gwoup Onz Apot yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 112, 1-2. 3-4. 5-6. 7-8
R/
Granmèt la ba l’ ansanm avèk chèf pèp li a.
Fè
lwanj, pitit Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt la. Se pou non Granmèt la
jwenn konpliman depi koulye a jous pou tout tan.R.
Depi
olevan jous okouchan, non Granmèt la merite lwanj. Li wo anlè tout nasyon yo,
Granmèt la, anlè syèl yo, glwa li ye.R.
Kilès
ki tankou Granmèt Bondye nou an, li menm ki abite nan wotè yo, li wè sa k’ ba
yo nan syèl la ak sou tè a? R.
Li
leve malere a sot atè a, li drese pòv la sot nan pousyè a, pou l’ ba l’ plas
avèk chèf yo, avèk chèf pèp li yo.R.
LEVANJIL
"Se pa nou menm ki chwazi m’,
men se mwen menm ki chwazi nou".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 15, 9-17
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Menm jan Papa a renmen m’ nan,
mwen menm tou mwen renmen l’. Ret nan renmen m’ nan. Si nou kenbe kòmandman m’
yo, n’ap rete nan renmen m’ nan; menm jan mwen menm mwen kenbe kòmandman Papa
m’ yo, epi mwen rete nan renmen l’ nan. Mwen di nou sa, pou kè kontan m’ nan
kapab nan nou, epi pou kè nou kapab kontan nèt.
Men kòmandman m’, se pou nou youn
renmen lòt, menm jan mwen renmen nou an. Pèsòn pa renmen pi plis pase moun ki
bay lavi l’ pou zanmi l’ nan. Nou menm nou se zanmi m’, si nou fè sa mwen
kòmande nou yo.
Mwen p’ap rele nou sèvitè ankò,
paske sèvitè a pa konnen sa mèt li ap fè; men mwen rele nou zanmi, paske tout
sa m’ tande kot Papa m’, mwen fè nou konnen yo. Se pa nou menm ki chwazi m’;
men se mwen menm ki chwazi nou, mwen mete nou, pou nou ale, pou nou pote fwi,
pou fwi nou an dire; konsa, pou nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, li ba
nou l’.
Men sa m’ kòmande nou, se pou youn
renmen lòt".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Legliz la ap sonje Matyas ki sen,
Apot. Se yon potorik gason ki te make lavi Legliz la nan premye syèk yo. Se yon
modèl Legliz la pwopoze nou swiv, yon ekzanp lafwa ak fratènite, yon ekzanp
lanmou ak sèvis. Se yon nèg ki te kite charite Kris la penetre li pou li te
kapab tounen mesaje lanmou pou lòt yo.
Zanmi mwen, chak moun k’ap viv sou tè a, se
yon eleman ki itil nan linivè a. Bondye rele chak moun pou li kapab konfye li
yon misyon, pou li kapab jwe yon wòl nan sosyete a, pou lavi kapab fleri. Li
rele moun li vle, lè li vle, kote li vle. Se sa nou rele vokasyon an. Gen anpil
moun ki panse lè nou pale de vokasyon, nou vle pale sèlman de moun ki konsakre
nan lavi relijyez. Non! Se pa sa li ye. Bondye kapab rele ou pou ou medsen, pou
ou pwofesè, pou ou enjenyè, pou ou agwonòm, pou ou ekriven, pou ou avoka, pou
ou ebenis, pou ou mason, pou ou pè, pou ou mè, pou ou kizinyè, pou ou
polisye...elatriye. Kidonk Bondye lanse yon apèl bay chak moun, kèlkeswa koulè
li, laj li, kilti li, plas li nan sosyete a. Bondye rele nou pou nou vin sen
nan sa li konfye nou; kèlke swa pwofesyon ou, ou kapab jwenn sanktifikasyon ladan
li. Sa depann de jan ou ekzèse pwofesyon ou, sa depann de jan ou fè travay
Granmèt la konfye ou.
Pou kisa Bondye rele nou? Bondye rele nou pou
nou kapab sèvi li etan n’ap sèvi lòt yo. Li ba nou kapasite pou sa, li ba nou
talan ki nesesè pou nou fè travay li mande nou fè a. Se poutèt sa, zanmi mwen,
lè Bondye chwazi w’ ou pa dwe fè bak, ou pa dwe kite laperèz anvayi w’, paske
Bondye li menm, li “ki konnen kè tout moun”. Sa Bondye vle w’ fè a, ou mèt
sote ponpe, fòk ou fè li kan menm. Lè li te chwazi Izayi, misye pa t’ dakò
paske li te santi li pa t’ merite ranpli misyon Granmèt la t’ap konfye li, men
Bondye te netwaye li, li te mete li nan kondisyon pou li ranpli misyon sa a
kòmsadwa. Lè Bondye te chwazi Mari pou li te manman Sovè a li te pwomèt la,
Mari te di mesaje Bondye li poko nan vi gason, kidonk sa te parèt enposib pou
li, men alafen li te dakò ak tout kè li pou li te ranpli bèl misyon sa a. Nan
premye lekti nou sot li a tou, nou wè kòman Bondye chwazi Matyas pou li te
kapab konble yon viv Jida te kite nan sèvis sakre a.
Nan Levanjil la, Jezi ap di nou: “Se pa nou menm ki chwazi m’, men se
mwen menm ki chwazi nou”. Kidonk, zanmi mwen, vokasyon an se pa yon bagay gwo
ponyèt kote k esa ou deside fè a, se li menm ou fè. Non, bagay la pa konsa. Se
sa Bondye vle w’ fè a, se li menm w’ap fè, e si w’ pa ta deside fè li, ou p’ap
janm gen kè kontan nan lavi w’, paske w’ap santi lavi a se yon gwo fado w’ap
pote. Bondye rele w’ pou ou sèvi epi nan sèvis la pou ou kapab gen kè kontan. Men pou w’
sèvi tout bon vre fòk ou gen anpil renmen nan kè ou. Fòk nou kopye sou modèl
renmen Jezi a, li menm ki pa konsidere nou kòm sèvitè, men li konsidere nou kòm
zanmi.
Pou nou renmen tout bon, nou bezwen
akeyi kòmandman Jezi: “se pou nou youn renmen lòt, menm jan mwen renmen nou
an”. Se sa ki vokasyon nou tout.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki
pa gade sou figi nou pou ou fè zanmi avèk nou, ede nou disène apèl ou fè nou
nan lavi nou pou nou kapab sèvi ou atravè frè ak sè nou yo. Aprann nou renmen
menm jan ou renmen nou, konsa n’a renmen tout bon vre epi n’a chanje vizaj mond
nou an ki dechire ak vyolans, lagè ak tout kalite krim ki sòti nan vye pasyon
nou yo.
PWOPOZISYON: Priye avan ou pran yon desizyon nan lavi w’;
gade pou w’ wè nan kisa Bondye rele w’ jodi a epi epi gade nan ki fason li
mande w’ renmen ak sèvi lòt yo, sitou sa ki pi fèb yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario