Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
"Sa nou pa
konnen n’ap adore a, se li menm menm mwen anonse nou an".
NAN TRAVAY APOT YO 17, 15. 22-18, 1
Jou
sa yo:
Moun
yo ki te kondui Pòl yo, yo mennen l’ jous Atèn; yo resevwa lòd nan men l’ pou
Silas ak Timote, pou yo vin jwenn li byen vit, epi yo menm yo pati.
Pòl
menm kanpe nan mitan plas la, li di:
"Mesye
Atenyen yo, nan tout bagay mwen wè se nou menm ki gen plis sans relijyon. Sèke
antan m’ap mache, mwen wè zidòl nou yo, mwen jwenn ata yon kay sakre kote yo te
ekri: "Pou Bondye nou pa konnen an". Ebyen sa n’ap sèvi san nou pa
konnen an, se li menm mwen anonse nou.
Bondye,
ki fè tè a, ak tout sa k’ ladan l’, li menm, kòm se Granmèt syèl la ak tè a, li
pa abite nan kay sakre ki fèt ak men moun, ni li pa bezwen pou men lèzòm sèvi
l’ kichòy, paske se li menm ki bay tout moun lavi, respirasyon ak tout bagay.
Apati
yon sèl moun li fè tout ras lèzòm nan abite sou tout fas tè a, li fikse tan
egzak ak limit abitasyon yo, pou yo chèche Bondye, pou yo eseye antre an kontak
avèk li oubyen pou yo jwenn li, paske li pa lwen chak moun nan nou. Reyèlman
vre se nan li nou viv, nou gen mouvman, nou ekziste; jan kèkzen nan powèt nou
yo te di yo: “Se ras li tou nou ye”.
Konsa
si nou se ras Bondye, nou pa dwe konsidere sa Bondye ye a sanble ak lò oubyen
lajan oubyen bijou, fòm pòtre nou kalkile pou yo bèl ak panse lèzòm.
Bondye
pa okipe tan inyorans sa a, li anonse lèzòm koulye a, pou yo tout, tou patou,
chanje konduit; paske li fikse yon jou, kote l’ap jije fas tè a avèk jistis,
nan yon mesye kote li fikse sa, antan li ofri tout moun lafwa, antan li fè l’
leve sot nan pami mò yo".
Lè
yo tande rezireksyon sot nan pami mò yo, gen nan yo ki pase sa nan rizib,
kèkzen menm di: “N’a tande ou yon lòt fwa”. Se konsa Pòl sòti nan mitan yo.
Gen
kèk mesye ki dakò, yo kwè nan li; nan pami yo te gen Deni Lareopajit, ak yon
madanm yo rele Damaris, ak kèk lòt moun avèk yo. Aprè sa, li
kite Atèn, li rive Korent.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
148, 1-2. 11-12ab. 12c-14a. 14bcd
R/
Syèl la ak tè a plen ak bèlte ou.
Fè
lwanj Granmèt la depi sot nan syèl yo, fè lwanj li nan anwo syèl yo. Fè lwanj
li, tout mesaje yo, fè lwanj li, tout pouvwa l’ yo.R.
Wa
yo sou tè a ak tout pèp yo, chèf yo ak tout jij tè yo, jèn jan ak vyèj yo,
granmoun yo ak timoun yo.R.
Se
pou yo fè lwanj pou non Granmèt la, paske se non l’ sèl ki anlè nèt. Lwanj li
anlè syèl la ak tè a.R.
Li
leve kòn pèp li. Lwanj pou tout sen l’ yo, pou pitit Izrayèl yo, pèp ki tou pre
l’ la.R.
LEVANJIL
"Lespri
laverite a ap aprann nou tout laverite a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 16, 12-15
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
"Mwen
gen anpil bagay ankò pou m’ di nou; men nou pa kapab pote yo koulye a. Men lè
lespri laverite sa a ap vini, l’ap aprann nou tout laverite a. Sèke se pa ak
pwòp fòs li l’ap pale; men tout sa l’ tande l’ap deklare l’, epi sa k’ap vini
yo, l’ap anonse nou yo. Li menm l’ap mete m’ nan limyè,
paske se nan men m’ l’ap resevwa, epi l’ap anonse nou.
Tout
sa Papa a genyen, se pou mwen; se pousa mwen di: “Se nan men m’ l’ap resevwa,
epi l’ap anonse nou”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Apot Pòt montre nou nan premye lekti a, kòman pou nou
anonse bòn nouvèl Granmèt la; li pwofite reyalite pèp Atèn nan te genyen pou l’
fè pèp sila a konprann ak rekonèt Bondye tout bon vre a. Li fè pèp sa sonje ke
Bondye sa a, se yon Bondye lavi, se poutèt sa li resisite Jezikri Pitit li a, e
tout moun ki kwè nan li va resisite menm jan avèk li.
Pòl remake kòman Atenyen yo se pèp ki pi relijye,
men gen anpil nan pami yo ki menm gen kèt sen zidòl.
Pafwa nou kapab tonbe nan menm
sitiyasyon pèp sa a, nou montre n’ap sèvi Bondye epoutan nou kwè nan tout vye
zidòl, nenpòt ti tèt fè mal nou genyen nou panse se mal y’ap fè nou.
Granmèt la envite nou viv yon
lafwa fèm nan li, yon lafwa rèk; paske si Bondye avèk nou, pèsonn pa ka kont
nou? Apot la ekzòte nou pou nou adore vrè Bondye a, pou nou mete tout konfyans
nou nan li, nan nenpòt sitiyasyon n’ap viv.
Nan Levanjil jodi a, Jezi fè
disip li yo aprann se Lespri Sen an k’ap vin montre tout laverite, l’ap toujou
la pou l’ klere chemen nou, l’ap fè nou rekonèt Bondye ki wa pou tout tan an,
l’ap ede n’ viv lafwa nou pi fèm, paske se li menm Granmèt la voye pou l’
akonpanye nou, pou l’ montre chemen lavi ak laverite a.
Ak Lespri sa a, n’ap renonse ak tout sa ki anpeche nou
viv lafwa nou kòm sa dwa, n’ap angaje nou ak tout kouraj nou dekwa pou nou
travay pou nou kapab chita nan plas Jezi al prepare pou nou kot Papa a.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi poutèt ou
fè m’ kado fòs Lespri Sen w’ lan; ban m’ yon kè ak yon espri ki saj pou m’ ka viv
lafwa m’ jan k’ fè w’ plezi.
PWOPOZISYON: Èske mwen sensè ak Bondye? Èske mwen adore li menm
sèl? Reflechi sou sa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario