Páginas

LENDI 25

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Tounen kot Granmèt la, rekonèt jijman Bondye yo".
LEKTI LIV SIRASID 17, 20-29
Bondye bay moun ki fè penitans yo chemen jistis la, li asire moun ki pa reyisi kanpe fèm yo, li pare eritaj verite a pou yo.
Tounen vin jwenn Granmèt la, kite peche ou yo ; lapriyè devan fas Granmèt la, diminye okazyon pou ou tonbe yo. Tounen vin jwenn Granmèt la, vire do bay enjistis ou a, rayi bagay ki lèd.
Rekonèt jistis ak jijman Bondye yo, kanpe nan pozisyon demann ak lapriyè Bondye ki anwo nèt la. Ale nan rejyon syèk ki sen an, avèk moun ki vivan yo epi k’ap fè lwanj pou Bondye a.
Pa rete nan move chemen moun ki pa kòrèk ; anvan lanmò a, se pou ou fè lwanj ; moun ki mouri a, ki tankou anyen, li pa kapab fè lwanj. Se pou ou fè lwanj antan ou vivan ; se antan ou vivan, epi ou an sante pou ou fè lwanj; w’a fè lwanj Bondye, w’a leve tèt ou nan mizerikòd li yo.
Se pa ti kras gran mizerikòd Granmèt la gran, ansanm ak padon l’, pou moun ki tounen vin jwenn li !
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 31, 1-2. 5. 6. 7
R/ Fè kè nou kontan nan Granmèt la, fete, nou menm ki kòrèk yo.
Ala kontantman pou moun yo padonnen fot li, yo kouvri peche l’.
Ala kontantman pou moun Granmèt la pa konsidere kòm koupab, ki pa gen riz nan espri l’.   R.
Mwen fè ou konnen peche m’ nan, mwen pa kache fot mwen an.
Mwen di : "M’ap deklare fot mwen devan Granmèt la". Ou menm ou padonnen fot peche m’ nan.R.
Se pousa tout sen ap priye kote ou nan tan gras la. Nan delij gran dlo yo, yo p’ap pwoche kote l’.R.
Ou se kachèt mwen, w’ap pwoteje m’ sot nan tray la ; w’ap vlope m’ak fèt sove ou sove nou an.R.
LEVANJIL
"Tout sa ou genyen, vann li, epi suiv mwen".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 10, 17-27
Lè sa a :
Pandan Jezi t’ap sòti sou wout la, gen yon moun ki kouri devan l’, li met jenou atè devan l’, li t’ap priye l’ : "Bon mèt, ki sa pou m’ fè pou m’eritye lavi tout tan an” ?
Jezi menm di l’ : "Pouki sa ou rele m’ bon? Pèsòn pa bon, sof yon sèl Bondye a. Ou konnen kòmandman yo : 'Pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa sèvi fo-temwen, pa fè moun ditò, respekte papa ou ak manman ou".
Men li menm li reponn, li di : "Mèt, tout bagay sa yo, mwen te obsève yo depi m’ tou jèn".
Jezi menm gade l’, li renmen l’, li di l’: "Yon sèl bagay manke ou; ale, tout sa ou genyen, vann li, bay pòv yo, epi w’a gen yon richès nan syèl la; aprè sa, vini, suiv mwen". Li menm li vin tou tris nan pawòl sa a; li pati ak min li dekonpoze, sèke li te gen anpil byen.
Jezi menm gade toutalantou, li di disip li yo: "Se pa ti kras difisil sa difisil pou moun ki gen lajan yo antre nan peyi-wa Bondye a". Disip yo menm sezi nan pawòl li yo. Jezi menm rekòmanse pran lapawòl, li di yo: "Pitit mwen yo, ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans yo nan richès yo antre nan peyi-wa Bondye a. Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou moun rich antre nan peyi-wa Bondye a".
Yo menm yo te pi sezi toujou, youn t’ap di lòt: "Epi kilès ki kapab sove"?
Jezi menm gade yo, li di: "Sou bò moun yo, sa enposib, men pa sou bò Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: « Pitit mwen yo, ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans yo nan richès yo antre nan peyi-wa Bondye a».
Pawòl Bondye pou jodi a envite nou libere tèt nou anba tout pasyon byen materyèl ki fè nou pa ka sèvi Bondye kòmswa dwa. Nou menm moun  nou fèt ak de kalite eleman: matyè ak lespri.
Ekzijans matyè a fè nou pa kapab pase yon jou san manje, paske kò a ap boule enèji san rete epi li bezwen nouri pou li ka kontinye fonksyone. Ekzijans matyè fè nou oblije benyen toutan pou nou pa degaje move lodè. Ekzijans matyè a fè nou oblije abiye pou nou pwoteje kò nou ki frajil.
Lespri a gen ekzijans pa li. Li bezwen repo pou li ka byen fè travay refleksyon. Li bezwen trankilite lè li boulvèse, li bezwen kalmi. Lespri a fè nou ap chaje Bondye san rete, li fè nou anvi viv nèt ale.
Poutan, nan tan n’ap viv la gen moun ki bliye ekzijans lespri a, yo sèlman ap kouri dèyè byen materyèl. Yo vle akimile anpil byen ak richès san mezi. Jodi a Jezi ap di moun sa yo fè atansyon, paske yo bliye Lesansyèl, yo bliye Bondye. Li envite yo chache wayòm Bondye a nan senplisite, antan yo fè ekilib ant sa ki materyèl ak sa ki espirityèl, ekilib ant sa ki la pou yon ti tan ak sa ki la pou tout tan.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki Lesansyèl pou nou, aprann nou chwazi ou chak jou. Amèn.

PWOPOZISYON: Kisa m’ap chwazi jodi a, sa ki lesansyèl oubyen sa ki sipèfisyèl?

No hay comentarios:

Publicar un comentario