Páginas

MADI 26

PREMYE LEKTI
"Sakrifis k’ap sove a, se fè atansyon kòmandman yo".
LEKTI LIV SIRASID 35, 1-15
Moun ki kenbe lalwa a, li ofri anpil sakrifis: sakrifis k’ap sove a, se fè atansyon kòmandman yo, vire do bay tout peche; ofri sakrifis pou mande padon pou sa k’ pa kòrèk yo, lapriyè pou pechè yo vire do bay sa k’ pa kòrèk.
Li di mèsi, sa a ki ofri sakrifis flè farin nan; moun ki fè lacharite li ofri sakrifis. Sa fè Granmèt la plezi lè nou vire do bay peche ak lè nou priye pou pechè yo vire do bay sa k’ pa kòrèk.
Pa parèt devan fas Granmèt la ak men vid : tout bagay sa yo se pou kòmandman Bondye a yo ye. Kado moun ki kòrèk la li angrese lotèl la, se yon losyon ki dous devan fas Sa a ki anwo nèt la. Sakrifis moun ki kòrèk la, yo aksepte l’, Granmèt la pa bliye sonje l’.
Ak bon kè se pou ou bay Bondye glwa, pa diminye sou premye fwi men ou yo.
Nan tout sa ou bay, fè figi ou kontan, se ak kè kontan pou ou ofri dizyèm pòsyon ou yo ou mete apa a.
Bay Sila a ki anwo nèt la daprè sa l’ ba ou ak bon je, fè daprè sa men ou jwenn ; paske Granmèt la konn renmèt, l’ap renmèt ou sèt fwa plis.
Pa ofri kado ki gate : sèke li p’ap aksepte yo. Pa met lide ou sou sakrifis ki pa kòrèk : paske Granmèt la se yon jij, li p’ap konsidere figi moun.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 5-6. 7-8. 14 e 23
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
"Rasanble sen m’ yo pou mwen, yo menm ki te pase kontra m’ nan nan sakrifis la".
Syèl yo ap anonse jistis li, paske Bondye se yon jij.R.
"Koute, pèp mwen, m’ap pale ; Izrayèl, m’ap deklare temwayaj kont ou : Se Bondye, Bondye ou mwen ye.
Se pa poutèt sakrifis ou yo m’ap reprann ou ; sakrifis antye ou yo devan fas mwen tout tan.R.
Sakrifye sakrifis lwanj pou Bondye, renmèt Sa a ki anwo nèt la sa ou te pwomèt yo.
Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè m’ jwenn glwa, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye.R.
LEVANJIL
"N’ap resevwa san fwa plis nan tan sa a avèk pèsekisyon, epi lavi ki p’ap janm fini an nan syèk k’ap vini an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 10, 28-31
Lè sa a :
Pyè kòmanse di Jezi : "Men nou kite tout bagay epi nou suiv ou".
Jezi pran lapawòl, li di: "An verite mwen di nou, p’ap gen pèsòn k’ap kite kay, oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen pitit, oubyen jaden, poutèt mwen ak poutèt bòn nouvèl la, ki p’ap jwenn san fwa plis depi koulye a nan tan sa a nan kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, avèk pèsekisyon, epi nan tan k’ap vini an lavi ki p’ap janm fini an.
Men anpil premye ap vin dènye, epi dènye yo ap vin premye".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan premye moso labib la, nou jwenn nan liv Sirasid la, nou wè kman nan tan lontan, moun yo te konn ofri sakrifis pou peche yo te kapab padone. Konsa lè nou vire do bay peche, sa fè Bondye plezi, lè nou ofri l’ bon bagay sa fè l’ kontan.
Jounen Jodi a, sa nou ka ofri Bondye se yon kè ki libere e k’ap chache lapè, renmen pou Bondye avèk renmen youn pou lt.
Nan Sὸm 49 lan, nou wè kὸman Bondye kapab delivre moun ki san tach nan chemen an, moun ki pran chemen korèk la. Pi lwen nan Levanjil la, nou wè kὸman apot Jezi yo t’ap poze l’ kesyon pou yo konnen kisa yo pra l’ resevwa an retou poutèt yo kite tout bagay pou yo swiv li. Men Jezi ba yo yon repons ankourajan li di yo ke tout moun ki kite frè, sè, papa, manman oubyen pitit poutèt Bὸn nouvèl la, y’ap resevwa san fwa plis. Epi anplis de sa, y’ap resevwa lavi ki p’ap janm fini an.
Konsa tou, tout moun ki deside swiv Jezi, dwe atann a tout bagay ; pèsekisyon, enkonpreyansyon, soufrans, imilyasyon.  Si nou aksepte tout sa ak kè kontan, nou pa lwen eritye wayòm syèl la. Epi Jezi kontinye pou l’ di anpil premye kapab vin dènye e anpil dènye kapab vin premye. Sa vle di, nou menm k’ap swiv li nou dwe fè jefὸ pou nou kenbe, menm si pafwa sa di pou nou, menm si nou dwe resevwa brimad poutèt li, pou nou pa pèdi sa li rezève pou nou an, epi pou sa ki te dèyè pa pase devan nou.
LAPRIYE: Bondye papa, jodi a ede nou ofri w’ sa nou genyen ki pi bon nan lavi nou, nan kè nou, fè nou swiv Jezi nèt ale, menm si gen van ak tanpèt ki toujou ap soufle.

PWOPOZISYON : Swiv Jezi nèt ale menm si sa koute nou anpil sakrifis.

No hay comentarios:

Publicar un comentario