Páginas

MÈKREDI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Se pou nasyon yo rekonèt pa gen dòt Dye pase ou menm".
LEKTI LIV SIRASID 36, l-2a. 5-6. 13-17
Pran pitye pou nou, Bondye tout bagay, voye je gade nou, montre nou limyè bon kè ou.
Voye krent ou sou nasyon yo, pou yo rekonèt ou, tankou nou menm nou rekonèt pa gen dòt Dye sof ou menm, Granmèt.
Refè dòt siy, refè dòt mèvèy. Rasanble tout fanmi Jakòb yo, pou yo rekonèt pa gen Bondye sof ou menm, pou yo rakonte mèvèy ou yo ; ba yo eritaj la tankou nan kòmansman.
Pran pitye pou pèp ou a, sa yo te priye non ou sou li a, ak Izrayèl, li menm ou te fè vin tankou premye pitit ou a. Pran pitye pou vil ou a ki sen an, Jerizalèm, vil repo ou la. Plen Siyon avèk pawòl ou yo yo pa kapab rakonte yo, plen pèp ou a avèk glwa ou.
Rann temwayaj pou sa a yo ou te kreye depi nan kòmansman an, reyalize prèch yo, sa premye pwofèt yo te pale o non ou nan. Rekonpanse sa a yo k’ap tann ou an, pou pwofèt ou yo kapab merite konfyans.
Koute priyè sèvitè ou yo, daprè benediksyon Aawon sou pèp ou a, kondui nou sou chemen jistis la ; se pou tout moun ki abite sou tè a konnen se ou menm Bondye k’ap ekzamine tout syèk tan yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 78, 8. 9. 11. 13 (r.: Sir 36, Ib)
R/ Montre nou limyè bon kè ou, Granmèt.
Pa sonje fot zansèt nou yo, fè vit pran devan nou ak jès mizerikòd ou yo, paske nou vin pòv anpil.R.
Pote nou sekou, Bondye ki sove nou, poutèt glwa non ou, delivre nou ; padonnen peche nou yo, poutèt non ou.R.
Se pou l’antre devan fas ou, rèl prizonye yo ; daprè grandè bra ou kite rès pitit lanmò yo.R.
Nou menm menm, pèp ou a ak mouton pak ou a, n’ap fè lwanj ou tout tan ; pou jenerasyon ak jenerasyon n’ap anonse lwanj ou.R.
LEVANJIL
"Men n’ap monte Jerizalèm, y’ap renmèt Pitit moun nan".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 10, 32-45
Lè sa a :
Disip yo te sou wout, yo t’ap monte Jerizalèm ; Jezi t’ap mache devan yo, yo te sezi, moun ki t’ap suiv yo yo te pè. Li pran douz yo ankò, li kòmanse di yo sa k’ te gen pou rive l’ :
"Men n’ap monte Jerizalèm, y’ap renmèt Pitit moun nan nan men chèf prèt yo ak skrib yo ak ansyen yo, y’ap kondane l’amò, y’ap renmèt li nan men nasyon yo ; y’ap pase l’ nan rizib, y’ap krache sou li, y’ap bat li, y’ap touye l’, men sou twazyèm jou a, l’ap resisite".
Jak ak Jan, pitit Zebede yo, pwoche kote l’, yo di : "Mèt, nou vle pou nenpòt ki sa nou mande ou, ou fè l’ pou nou".
Li menm li di yo: "Ki sa nou vle pou m’ fè pou nou"?
Yo di : "Fè nou favè pou nou chita youn adwat ou epi lòt la agoch ou nan glwa ou la".
Jezi menm di yo : "Nou pa konnen sa n’ap mande. Èske nou kapab bwè kalis la m’ap bwè a ? Oubyen, batèm nan m’ap batize a, èske nou kapab resevwa li” ?
Yo menm yo di l’: "Nou kapab".
Jezi menm di yo: "Kalis la m’ap bwè a, n’ap bwè l’; epi batèm nan m’ap batize a, n’ap resevwa l’. Men kanta pou chita adwat mwen oubyen agoch mwen an, se pa wòl mwen pou m’ fè sa pou nou, men pou moun sa te pare pou yo a".
Lè dis yo tande sa, yo kòmanse fache kont Jak ak Jan. Jezi menm rele yo, li di yo : "Nou konnen sa yo yo konsidere kòm chèf pou kòmande nasyon yo, yo fè otorite yo peze sou yo, epi chèf yo fè yo santi pouvwa yo. Sa pa dwe fèt konsa nan pami nou ; men nenpòt ki moun ki vle vin gran, se pou l’ vin sèvitè nou, epi nenpòt ki moun ki vle vin premye, se pou l’esklav tout moun. Sèke Pitit moun nan pa vini pou yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ kòm redanmsyon pou tout pakèt moun yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Pran pitye pou nou, Bondye tout bagay, voye je gade nou, montre nou limyè bon kè ou». Nou te ka di, jodi a se priyè sa, pèp ayisyen an ap fè pou l’ mande Bondye voye je sou li, pou li ka sòti nan sa li ye a.
Jodi a, lè nap gade reyalite pèp Izrayèl la, nou te ka di se menm reyalite sa n’ap viv an Ayiti kòm pèp, kòm nasyon, kote nou pa konn si pou nou monte oubyen desann, tèlman nou pa kapab ankò, akoz move lavi, akoz nou pa gen moun ki pou voye je sou nou kòm pèp, kòm nasyon ; n’ap mande Bondye pou l’ montre nou limyè l’ la ki se Jezikri.
Men, pou limyè sa rive klere nou tout bon vre fòk nou asepte chanje fason n’ap viv la, chanje kè nou, chanje konduit nou. Fòk nou mande Bondye gen pitye pou nou, li menm ki wa nou, k’ap kòmande nou. Se li menm pou nou remèt peyi nou, fanmi nou yo, kominote nou yo, paske nou konnen ak Granmèt la pa gen wont pou nou, paske viktwa se pou nou.
Jezi gen laviktwa sou lanmò, sou fòs mal la. Jezi te anonse kisa ki te pral rive l’, men patizan li yo pa t’ rive konprann sa li t’ap di, yo te plis rete sou sa mond la ofri, ki se pouvwa ak plezi : gen de nan yo ki mande pou youn agoch e lòt la adwat Jezi, yon fason pou yo asire yo, pou yo fè wè.
Men yo pa t’ konnen vrèman sa yo te mande a, anpil fwa nan lavi nou, nou pa pran konsyans de sa nou vle reyalize, de sa nou vle, nou gaspiye tan nou nan bagay ki pa itil nou. N’ap kouri dèyè pouvwa, nou pa bezwen konnen ki pouvwa, nou tout kote n’ap chèche pouvwa, n’ap kouri dèye bagay k’ap pase men nou bliye sa ki esansyèl la ki se viv pou toutan pou Bondye.
Zanmi mwen, yon sèl pouvwa pou nou chèche genyen : Jezi.  Si nou chèche lòt bagay, nou ka jwenn yo nou pèdi yo epi apre sa nou tris, men avèk Jezi nou gen sekirite net ale, nou gen asirans, nou p’ap pase wont.
LAPRIYÈ : Granmèt, se nan ou menm sèl nou gen asirans. Tanpri kenbe nou.

PWOPOZISYON : Pran tan pou reflechi sou lavi nou, pou wè kisa ki pi enpòtan nan lavi nou, e ki mwayen n’ap pran pou bay lavi nou yon sans pandan n’ap kore nou sou Granmèt la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario