Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Men nou vire nan direksyon nasyon
yo”.
NAN TRAVAY APOT YO 13, 44-52
Nan
saba ki suiv la, prèske tout vil la te rasanble pou koute pawòl Bondye a. Lè
Juif yo wè foul yo, yo plen ak raj, yo atake sa Pòl t’ap di yo antan y’ap
blasfeme. Pòl ak Banabe menm kenbe fèm, yo di: “Se nou menm ki te gen pou nou
pale pawòl Bondye a an premye; men kòm nou repouse l’, nou montre nou pa merite
lavi ki p’ap janm fini an, men n’ap vire nan direksyon nasyon yo. Se konsa
Granmèt la te pase nou lòd: “Mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou w’ sèvi
delivrans jous nan bout tè a”. Lè nasyon yo tande sa, yo kontan, yo fè lwanj
pou pawòl Granmèt la, tout sa yo Bondye te rezève pou lavi ki p’ap janm fini
an, yo kwè. Pawòl Granmèt la menm t’ap simen nan tout rejyon an. Juif yo menm rasanble medam relijye
yo ak medam lasosyete a, ak chèf vil yo, yo monte pèsekisyon kont Pòl ak
Banabe, yo chase yo sot nan limit peyi yo. Men yo menm, yo souke pousyè pye yo,
yo rive Ikonyòm. Disip yo te plen ak kè kontan ak Lespri Sen.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
97, 1. 2-3ab. 3cd4
R/ Tout limit tè a ap wè delivrans
Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt
la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans
Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou
gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn,fè konpliman devan fas
Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
“Moun ki wè
m’, li wè Papa a tou”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 14, 7-14
Lè
sa a: Jezi di disip li yo:
“Si
nou te konnen m’, nou ta konnen Papa m’ tou; koulye a nou deja konnen l’, nou
wè l”.
Filip di l’: “Granmèt, montre nou
Papa a, sa kont nou”.
Jezi di l: “Depi tout tan sa a mwen
avèk nou, epi nou pa konnen m’? Filip moun ki wè m’, li wè Papa a tou. Kòman ou fè di: “Montre nou Papa a”?
Nou pa kwè mwen nan Papa a, epi Papa a nan mwen? Pawòl yo, sa mwen deklare nou
yo, se pa ak pwòp fòs mwen mwen deklare yo. Papa a ki rete nan mwen an, se li
menm ki fè aksyon yo. Nou pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? O mwen
poutèt aksyon yo, se pou nou kwè.
Amèn,
amèn, mwen di nou, moun ki kwè nan mwen, aksyon mwen fè yo, li menm tou l’ap fè
yo, epi l’ap fè bagay ki pi gran ankò pase sa yo. Paske mwen menm m’a prale kay
Papa a. Nenpòt ki sa nou mande Papa a o non m’, m’ap fè l’ pou Papa a jwenn
bèlte l’ nan Pitit la. Si nou mande m’ kichòy o non m’, m’ap fè l”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kè kontan Pak la toujou ap debòde nan kè nou! Lekti
pawòl Bondye pou jodi a ap raple nou nou genyen vokasyon pou nou pote Levanjil
kè kontan an bay sila yo ki poko konnen li, sila yo ki tris, ki nan lapenn. Nan
premye moso Labib la Pòl ak Banabe fè kè etranje yo kontan, epi etranje sa yo
pran fè lwanj ak konpliman pou Bondye paske yo santi yo menm tou yo pa etranje,
men yo se pitit Bondye menm jan ak tout moun, yo se moun ki jwenn gras pou yo
kapab rive goute delivrans Granmèt la.
Genyen anpil kote moun
yo swaf tande pawòl Bondye a, yo swaf renmen Bondye a, yo swaf delivrans
Granmèt la. Kidonk nou pa kapab rete endiferan, nou pa kapab kwaze bra nou, nou
genyen gwo misyon pou nou pwopaje bòn nouvèl liberasyon an pou kase chenn
solitid sila yo ke sosyete mete sou kote, pou kraze tout vis sila yo k’ap fimen
dwòg, sila yo ki pèdi tèt yo nan bwè alkòl, moun ki ap viv nan tout kalite
delenkans, elatriye.
An nou mande Bondye
gras pou nou ka fè yon vrè konvèsyon espirityèl, yon vrè rankont ak Sila k’ap
pouse nou renmen frè nou yo san kondisyon, pou nou kapab renouvle nou sou pa
anndan antan n’ap anonse yon lespwa tou nèf, pa sèlman ak pawòl men tou atravè
tout ti jès n’ap poze ki pèmèt lavi boujonnen.
LAPRIYÈ: Granmèt,
kè kontan ou ba nou an, ede nou kominike li bay lòt yo, sitou sila yo ki plis
bezwen sa, nan fason n’ap viv.
PWOPZISYON: Fè kè ou kontan, paske Jezi vivan!
No hay comentarios:
Publicar un comentario