Koulè Blan
JOZÈF KI SEN, Travayè
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
"Plen
tè a, mete l’ anba lòd nou".
NAN LIV LAJENÈZ 1, 26 - 2, 3
Bondye di: «An nou fè moun nan sou
pòtre nou ak resanblans nou; se pou l’ kòmande sou pwason lanmè yo ak zwazo
syèl yo ak tout bèt tè a ak tout sa k’ap glise atè, ki gen mouvman sou tè a».
Bondye kreye moun nan sou pòtre l’;
sou pòtre Bondye li kreye l’; gason ak fi li kreye yo.
Bondye beni yo, li di:
"Devlope, vin anpil, plen tè a, mete l’ anba lòd nou; se pou nou kòmande
sou pwason lanmè a ak zwazo syèl la, ak tout bèt vivan, ki gen mouvman sou tè
a".
Bondye di: "Men mwen ba nou
tout zèb ki pote semans sou tè a ak tout kalite pye bwa ki gen semans ras yo
nan yo, pou yo sèvi nou kòm manje, ni pou tout bèt vivan sou tè a, ni pou tout
sa ki an mouvman sou tè a, ki gen lavi nan yo, pou yo kapab jwenn manje".
Sa
fèt konsa. Bondye wè tout sa l’ te fè yo, yo te bon anpil.Vin gen yon aswè ak
yon maten, sizyèm jou. Konsa syèl
la ak tè a reyalize, ak tout dekorasyon yo.
Setyèm jou a Bondye konplete travay
li a li te fè a, li repoze setyèm jou a pou travay li te fè yo.
Pawòl Granmèt la.
OUBYEN:
"Nenpòt
ki sa n’ap fè, fè l’ avèk kè, tankou pou Granmèt la, men pa pou moun".
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 3, 14-15. 17. 23-24
Frè
m’ yo:
Anlè
tout bagay sa yo se pou nou gen renmen an, li menm ki fè sa k’ bon nèt fè youn,
epi se pou lapè Jezikri a danse nan kè nou, se nan sa yo rele nou nan yon sèl
kò, se pou n’ap di Bondye mèsi.
Nenpòt
ki sa n’ap fè nan pawòl oubyen nan aksyon, se pou nou fè tout bagay o non
Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi pa lentèmedyè l’.
Nenpòt
ki sa n’ap fè, se pou nou fè l’ avèk kè, tankou pou Bondye, men pa pou moun,
antan nou konnen se nan men Granmèt la n’ap resevwa rekonpans eritaj la. Sèvi Granmèt Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 89, 2. 3-4. 12-13. 14 e
16
R/ Asire travay men nou, Granmèt.
Anvan
mòn yo fèt, oubyen tè a ak fas tè a pran nesans, depi tout tan ak pou tout tan
ou se Bondye.R.
Ou
fè moun nan tounen nan pousyè; ou di: "Tounen, pitit moun yo", Sèke
mil ane devan je ou, se tankou jou yè a ki pase, ak tan yon santinèl fè pòs nan
nuit.R.
Aprann nou konte jou nou yo, pou nou
kondui kè nou nan sajès.Tounen, Granmèt, jouskilè? Padonnen sèvitè ou yo.R.
Plen nou ak kè sansib ou a depi nan
maten, n’a fete, n’a jui pandan tout tan n’ap viv.Se pou travay ou a parèt sou
sèvitè ou yo, ak glwa ou sou pitit yo.R.
LEVANJIL
"Èske sa a se pa pitit bòs
chapant la"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 13, 54-58
Lè sa a:
Jezi rive nan peyi l’, li t’ap bay
ansèyman nan sinagòg yo, atèl pwen yo te sezi, yo t’ap di: "Kote l’ jwenn sajès sa a ak pouvwa sa
yo? Èske sa a se pa pitit bòs chapant
la? Èske manman l’ pa rele Mari, epi frè l’ yo Jak, Jozèf, Simon ak Jid? Epi sè l’ yo, èske yo tout pa lakay nou? Kote tout bagay sa yo sòti pou li"? Yo te dekontwole parapò a li.
Jezi
menm di yo: "Pa gen pwofèt ki san konsiderasyon, sof nan peyi l’ ak nan
kay li". Li pa fè anpil mèvèy la, poutèt mank lafwa yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap fete
Jozèf travayè, an menm tan tou n’ap fete fèt agrikilti ak travay. Se jou pou nou sonje enpòtans travay nan
lavi nou. Bondye te travay: nan sis jou li te fè tout bagay.
Jodi a, se ak men nou li vle kontinye travay pou pran swen kreyasyon li an. Li
bezwen gason ak fanm vanyan ki pou kolabore ak li. Nan ki fason w’ap kite Bondye
itilize ou kòm enstriman pou li travay jodi a?
Pawòl Bondye a,
nou sot tande nan Levanjil Matye a, rezime tout lavi Jezi avèk yon brèf
referans sou kondisyon li kòm pitit gason bòs chapant lan.Tout bèl lwanj ak kè
kontan Sen Jozèf, se te wè li papa legal epi pwofesè Kris la nan travay manyèl
l’ap fè lakay li, Nazarèt. Jezi konsakre 30 ane nan lavi l’, nan travay senp
kòm bòs chapant, sètènman pou l’ ban nou leson nan vwayaj nou, nan viv apa, nan
chemen santifikasyon, nan lavi nòmal chak jou. Travay se enstriman pou plèn
reyalizasyon pèfeksyon nou: fen li, se pwolongasyon zèv Bondye, li ede moun nan
jwenn matirite l’ ak ekilib li oubyen balans li; li soutni lavi yon fanmi,
travay la bati sosyete a, li kontribiye nan byen komen; lè li fèt byen li
oryante nou nan renmen Bondye ansanm ak frè nou yo; se yon sous ki apa ki sòti
depi nan baz menm, nan egzistans mond lan.
Nan lekòl Jozèf ak
Mari, Jezi aprann fè lwanj pou Bondye nan lapriyè, nan litiji, travay ak nan
kay senp yon fanmi travayè. Sa a se sans Bondye bay tout travay lòm nan pandan
lavi nou sou tè. Lè travay la reyalize nan yon klima lafwa, konfyans ak lapriyè
nou vin wè pi klè epi konnen diyite li. Travay la ede moun nan viv pi byen, e li se diyite moun nan.
Epoutan, konsepsyon materyalis travay la, ki malerezman priyorite nan sosyete
a, konsidere travay la e travayè a kòm sous pwofi. Epi yo bliye ki vrè sans
travay la genyen nan lavi kretyen an.
Jodi a, an nou mande Bondye pou diyite tout travayè yo, sitou sa
yo ki santi yo tounen esklav, travayè oswa anplwaye yo, sila yo k’ap travay nan
konstriksyon, nan koupe kann, pou diyite yo kapab respekte. Pou dwa yo kapab
respekte kòm Pitit Bondye.
An nou mande patriyach Sen Jozèf ki se pwotektè tout moun k’ap
travay, pou li ede yo jwenn pen chak jou a k’ap pèmèt yo soutni fanmi yo. Se
pou tout moun anndan sosyete a gen aksè ak travay diy e diyman respekte ak tout
valè li. Se pou travayè kretyen an dekouvri kè kontan nan jefò li chak jou, nan
pwòp chemen sanktifikasyon li, nan viv apa pou Bondye. Pou fanmi yo kapab
resevwa fwi nan travay la, yon kontribisyon solid e positif pou plis
konsolidasyon li.
Yon fason espesyal n’ap fikse je nou jodi a sou Mari, fanm travayè
depi kay fanmi l’, konsakre pou Jezi ak Jozèf nan pran swen yo kòm manman yon
fanmi. Nou vle onore Mari nan premye jou mwa me a avèk anpil
bèl flè.
Tanpri Manman Mari,
ede nou pou nou kapab santi apèl Bondye chak jou nan lavi nou pou n’ kapab vin
sen, pandan n’ap obeyi Jezi, Pitit ou a, Gran Frè nou an.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye Papa, poutèt Jozèf ou ba nou kòm modèl yon papa
travayè ak yon bon edikatè. Tanpri ede nou imite li, konsa n’a travay pou pran
swen kreyasyon w’ lan epitou n’ap aprann konnen wòl nou nan fanmi nou ak nan
kominote a.
PWOPOZISYON: Fè travay mwen kòmsadwa pou lavi ka pi bèl, pou m’ ka
viv ak diyite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario