Páginas

VANDREDI 29

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Papa nou yo se moun ki gen mizerikòd, non yo vivan nan jenerasyon ak jenerasyon".
LEKTI LIV SIRASID 44, 1. 9-12
An nou fè lwanj pou moun vanyan ki nan glwa yo, ak papa nou yo nan ras yo.
Gen moun yo pa sonje yo : yo mouri, kòmsi yo pa t’ekziste ; yo fèt kòmsi yo pa t’ fèt, ni pitit yo tou avèk yo. Men moun sa yo menm se moun ki gen mizerikòd, bon santiman yo pa fè defo ; avèk ras yo, byen yo ap dire.
Eritaj ki sen se pitit pitit yo, ras yo kanpe nan alyans yo, pitit yo dire pou tout tan poutèt yo ; ras yo avèk glwa yo p’ap tonbe.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b
R/ Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo ; lwanj li nan asanble sen yo.
Se pou Izrayèl kontan nan Sa a ki fè l’ la, se pou pitit Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’avèk dans, sou tanbou ak gita se pou yo chante pou li.
Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’ap fè pòv yo jwenn konsiderasyon nan sove li sove a.R.
Se pou sen yo fete nan glwa a, se pou yo kontan sou kabann yo, lwanj Bondye yo nan bouch yo ; glwa sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Kay mwen an se kay lapriyè y’ap rele l’ pou tout nasyon. Se pou nou gen lafwa nan Bondye".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 11, 11-25
Pandan foul la t’ap bat bravo pou Jezi, li antre Jerizalèm nan tanp la ; li ekzamine tout bagay, kòm li te deja aswè, li pati al Betani avèk douz yo.
Nan landmen, pandan l’ap kite Betani, li vin grangou. Li wè yon pye figye ki te gen fèy, pandan l’ byen lwen, li rive, pou l’ wè si paraza li ta jwenn kichòy ladan l’. Men lè l’ rive kote l’, li pa jwenn anyen sof fèy; sèke se pa t’ epòk fig yo. Li pran lapawòl, li di l’: "Pèsòn pa gen dwa janm manje fwi nan ou ankò". Disip li yo t’ap koute.
Yo rive Jerizalèm. Li antre nan tanp la, li kòmanse chase moun yo ki t’ap vann, ki t’ap achte nan tanp la, li chavire tab moun ki t’ap chanje lajan yo bouch an ba, ni chèz moun ki t’ap vann kolonb yo. Li pa t’ kite pèsòn transpòte veso nan tanp la. Li t’ap bay ansèyman, li t’ap di yo : "Èske sa pa ekri : kay mwen an se kay lapriyè y’ap rele l’ pou tout nasyon yo? Men nou menm nou fè l’ vin tounen twou wòch asasyen".
Lè chèf prèt yo ak pwofesè yo tande sa, yo t’ap chèche kijan pou yo touye l’ ; men yo te pè l’, paske tout foul la te gen konsiderasyon pou ansèyman l’.
Lè aswè vin rive, li sòti nan vil la. Lè maten rive, yo wè pye figye a ki vin seche jous nan rasin. Pyè sonje, li di l’ : "Mèt, men pye figye a, sa ou te madichonnen an, li seche".
Jezi reponn, li di l’ : "Se pou nou gen lafwa nan Bondye. Amèn mwen di nou, nenpòt ki moun ki ta di mòn sa a : "Leve, al jete tèt ou nan lanmè", epi li pa ezite nan kè l’, men li kwè tout sa l’ di a ap rive, sa ap fèt pou li. Se pousa mwen di nou : Tout sa nou mande nan lapriyè, se pou nou kwè n’ap resevwa l’, epi y’ap rive pou nou.
Lè nou kanpe pou nou lapriyè, se pou nou padonnen si nou gen kichòy kont yon moun, pou Papa nou, ki nan syèl la, kapab padonnen nou peche nou yo. Men si nou menm nou pa padonnen, Papa nou ki nan syèl la p’ap padonnen nou peche nou yo tou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, nou jwenn de mo-kle nan levanjil la : fwi ak lapriyè. Granmèt la pwoche bò pye figye a, e kòm se fèy li wè ladan sèlman, li reyaji, li madichonnen li. Daprè sa Sen Izidò di nou, «fig» ak «fwi» gen menm rasin. Nan demen Apot yo ki te sezi, yo di Jezi : «Mèt, men pye figye a, sa ou te madichonnen an, li seche» (Mk 11,21). Pou ba yo yon repons, Jezi pale yo sou lafwa ak lapriyè : «Se pou nou gen lafwa nan Bondye» (Mk 11,22).
Gen moun ki prèske pa janm priye, e lè yo fè sa, se nan lespwa pou jwenn solisyon ak yon pwoblèm yo genyen ki tèlman konplike yo pa menm kwè li ka rezoud. E yo jistifye atitid yo ak pawòl nou sot tande nan bouch Jezi a : «Tout sa nou mande nan lapriyè, se pou nou kwè n’ap resevwa l’, epi y’ap rive pou nou» (Mk 11,24). Yo gen rezon. Se youn nan bagay ki karakterize nou tou kòm moun, li nòmal, tout moun kapab konprann sa : devan yon pwoblèm k’ap trakase nou, ki depase nou, li nòmal pou nou mete konfyans nou nan Bondye, nan yon fòs ki depase fòs pa nou.
Men fòk nou ajoute ke tout priyè «initil» (« Papa nou konnen tout sa nou gen bezwen avan menm nou mande li» : Mt 6,8), nan sans ke priyè a pa gen yon itilite pratik dirèk, tankou – pa ekzanp- nesesite pou limen yon lanp. Nou pa resevwa anyen an echanj priyè nou, paske tout sa nou resevwa nan men Bondye se gras pou gras.
Alò, èske nou dwe priye ? Wi, paske se kounye a nou konnen ke nou resevwa gras la, se kounye a priyè a gen plis valè : paske li «initil» e «gratis». Anplis, priyè demand nou yo pote 3 benefis pou nou : lapè nan kè nou ; reflechi sou yon pwoblèm epi konnen kijan pou nou prezante li, se kòmsi ou te prèske rezoud li ; lapriyè a ede nou fè distenksyon ant sa ki bon ak sa ki petèt ta kapab yon kapris. Alò, se konsa nou konprann avèk zye lafwa nou sa Jezi di nou an : «Tout sa nou mande nan lapriyè, se pou nou kwè n’ap resevwa l’, epi y’ap rive pou nou, pou bèlte Papa a kapab parèt nan Pitit la» (Jn 14,13).
LAPRIYÈ : Granmèt, mèsi paske tout sa nou resevwa nan men ou se gras. Jodi a n’ap ofri ou tout sa nou ye, kè kontan ak tristès nou, mizè ak desespwa nou, angwas ak ilizyon nou. Tanpri koute rèl nou.

PWOPOZISYON : Reflechi sou kalite fwi lavi mwen donnen. Reflechi sou kisa mwen kapab fè jodi a pou mwen pote fwi ki fè Bondye plezi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario