Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Sa a ki
ban m’ sajès la, m’ap fè konpliman pou li".
LEKTI LIV SIRASID 51, 12-20
M’ap fè lwanj ou, m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè
konpliman pou non Granmèt la.
Pandan mwen te jèn toujou, anvan m’ te pèdi chemen, mwen
te mande sajès la anpil fwa nan priyè m’ ; devan tanp la mwen te fè demann
pou li, jous nan dènye jou yo m’ap chèche l’; li fleri tankou yon rezen ki vini
anvan lè, kè m’ kontan nan li.
Pye m’ mache nan chemen ki dwat ; depi mwen tou jèn
mwen t’ap chèche l’.
Mwen panche zòrèy mwen yon ti kras, mwen resevwa l’. Mwen
jwenn anpil sajès anndan mwen, mwen fè anpil pwogwè nan li.
Sa a ki ban m’ sajès la, m’ap fè konpliman pou li. Mwen pran desizyon
pou m’ fè sa l’ mande, mwen mete tout chalè m’ pou sa k’ byen an, mwen p’ap wont.
Nam mwen batay nan li, mwen pran asirans antan mwen reyalize
sa l’ mande. Mwen leve men m’anlè, mwen gen lapenn poutèt mwen pa fin konprann
li byen.
Mwen dirije nam mwen kote l’, mwen jwenn li nan konesans
la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18,
8. 9. 10. 11
R/ Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè
kontan.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt
la fidèl, li bay timoun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman
Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Krent Granmèt la san melanj, li dire pou tout tan gen
tan, jijman Granmèt la se verite, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò, ak bijou ki gen anpil pri, yo pi dous
pase siwo myèl, ak reyon myèl k’ap koule.R.
LEVANJIL
"Ak ki
pouvwa w’ap fè bagay sa yo” ?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 11, 27-33
Lè sa a :
Jezi rive ankò Jerizalèm avèk disip yo. Pandan li t’ap
mache nan tanp la, chèf prèt yo pwoche kote l’avèk skrib yo, ak ansyen yo, yo
di l’ : "Ak ki pouvwa w’ap fè bagay sa yo? Epi kilès ki ba ou pouvwa
sa a, pou ou ap fè bagay sa yo” ?
Jezi menm reponn, li di yo : "M’ap poze nou yon
kesyon mwen menm tou, yon sèl pawòl ; reponn mwen, epi m’ap di nou ak ki
pouvwa m’ap fè bagay sa yo. Batèm Jan an, èske se nan syèl la li te sòti, oubyen
nan lèzòm ? Reponn mwen".
Men yo menm yo t’ap kalkile andan kè yo, yo t’ap di :
"Si nou di : 'Nan syèl la', l’ap di : 'Pouki sa nou pa t’ kwè
nan li'? Si nou di : 'Nan lèzòm', nou pè pèp la : sèke tout moun
konsidere Jan tankou pwofèt la vrèman". Yo reponn, yo di Jezi. "Nou
pa konnen".
Jezi reponn, li di yo : "Ebyen mwen menm tou mwen
p’ap di nou ak ki pouvwa m’ap fè bagay sa yo".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a, Levanjil la mande nou sonje ak ki entansyon nou
pral rankontre Jezi. Gen moun ki al kote li san lafwa, san yo pa rekonèt
otorite li : chèf prèt yo pwoche kote l’avèk skrib yo, ak ansyen yo t’al
kote li. Yo te mande li : «Ak ki
pouvwa w’ap fè bagay sa yo?
Epi kilès ki ba
ou pouvwa sa a, pou ou ap fè bagay sa yo» ? (Mk
11,27-28).
Si nou pa pale ak Bondye nan lapriyè nou p’ap gen lafwa.
Men, tankou Sen Gregwa Le Gran di nou sa, «lè nou ensiste nan lapriyè avèk fòs,
Bondye rete nan kè nou e nou vin kapab wè klè». Si nou gen yon bon dispozisyon,
menm si nou ka twonpe nou, antan nou wè lòt la gen rezon, n’ap akeyi pawòl li
yo. Si nou gen bon entansyon, menm si n’ap trennen anba chay peche a, lè nou
priye Bondye va fè nou konprann mizè nou pou nou kapab rekonsilye avèk Li,
antan nou mande Li padon ak tout kè nou nan sakreman Penitans la.
Lafwa ak lapriyè mache ansanm, se de bon zanmi. Sen
Ogisten di nou «Si lafwa a etenn, lapriyè a pa ekziste ankò. Se pou nou kwè pou
priyè nou yo kapab pote fwi, e se konsa lapriyè a ap rann lafwa pi solid». Si
nou gen bon entansyon epi nou pale ak Jezi, n’a dekouvri kilès Li ye e n’a
konprann lè Li mande nou : «Batèm Jan an, èske se nan syèl la li te sòti,
oubyen nan lèzòm ?» (Mk 11,30). Nan lafwa, nou konnen Li te soti nan syèl, e
otorite Li a soti nan Papa li, ki se Bondye, epi nan Li menm, paske Li se
dezyèm Pèsòn nan Trinite ki Sen anpil la.
Kòm nou konnen Jezi se sèl Sovè mond lan, nou adrese Mari
ki se Manman nou tou, pou nou kapab akeyi pawòl ak lavi Jezi, avèk bòn
entansyon ak bòn volonte, e pou nou kapab gen kè poze ak kè kontan pitit Bondye
yo.
LAPRIYÈ : Jezi, mwen rekonèt ou se sila ki gen
otorite. Tanpri aprann mwen obeyi w’ tou senpleman.
PWOPOZISYON : Pran swen relasyon mwen ak Jezi. Fè li
konfyans nèt ale.
No hay comentarios:
Publicar un comentario