Páginas

DIMANCH 31

Koulè Blan
TRINITE KI SEN ANPIL LA
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
"Se Granmèt la li menm ki Bondye nan syèl la anlè a ak sou tè a anba a, pa gen lòt".
LEKTI LIV DETEWONÒM 4, 32 -34. 39-40
Moyiz pale avèk pèp la, li di: "Mande sa k’ te pase nan tan lontan, nan jou ki te la anvan nou yo, depi jou Bondye te fè moun sou tè a, depi yon bout syèl la jous nan lòt bout la, mande si yon gwo bagay konsa rive deja, mande si yo janm tande yon gwo koze konsa? Èske gen yon pèp ki tande vwa Bondye k’ap pale nan mitan dife a, tankou ou te tande a, ou menm, epi ou rete vivan an ? Oubyen èske gen yon Bondye ki vini pou l’ pran yon nasyon pou li, nan mitan lòt nasyon, antan l’eseye l’, li fè mèvèy, li fè pwodij, li batay avèk fòs ponyèt li, avèk fòs bra l’, antan li fè bagay ki terib, tankou tout sa Bondye Granmèt ou a te fè pou ou nan Lejip la devan je ou la ? Se pou ou konnen jodi a, se pou ou kalkile nan kè ou : Granmèt sa a se Bondye nan syèl la anwo a, ak sou tè a anba a, nan pwen lòt. Se pou ou kenbe desizyon yo ak jijman yo, sa mwen kòmande ou jodi a, pou ou kapab alèz ni ou menm ni pitit ou aprè ou, pou ou viv lontan sou tè a, sa Bondye Granmèt ou a ba ou pou tout tan an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 4-5. 6 ak 9. 18-19. 20 ak 22
R/ Se chans pou pèp sa a Granmèt la chwazi kòm eritaj li a.
Pawòl Granmèt la dwat ; tout sa li fè yo, se nan laverite.
Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R.
Sou pawòl Granmèt la syèl la fèt, ak souf bouch li tout lame syèl yo fèt. Sèke li menm li pale, sa fèt; li menm ki kòmande, sa kanpe.R.
Jé Granmèt la fiksé sou moun ki réspékté-l yo, pou moun ki met espwa sou kè sansib li, pou l’ delivre yo sot nan lanmò, pou l’ fè yo viv lè gen grangou.R.
N’ap espere sou Granmèt la, sekou nou ak defans nou se li menm. Fè kè ou sansib pou nou. Granmèt, paske se sou ou nou met espwa nou.R.
DEZYÈM LEKTI
"Nou resevwa lespri ki fè nou vin tounen pitit adoptif yo, se nan li nou rele : Aba, Papa"
LÈT APOT PÒL KI SEN POU ROMEN YO 8, 14-17
Frè m’ yo :
Moun ki kite Lespri Bondye a kondui yo, se pitit Bondye yo ye. Nou pa resevwa lespri esklavaj la yon lòt fwa ankò pou nou nan kè sote, men nou resevwa lespri ki fè nou vin tounen pitit la. Se nan li nou rele: "Aba, sa vle di Papa". Lespri a li menm, li sèvi temwen, ansanm ak lespri pa nou: nou se ti pitit Bondye. Si nou se ti pitit, nou se eritye tou. Si nou se eritye Bondye, nou eritye ansanm ak Jezikri, paske n’ap soufri ansanm avèk li pou nou jwenn bèlte pouvwa a ansanm avèk li.
LEVANJIL
"Batize yo o non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 28, 16-20
Onz disip yo pati, y’al nan Lagalile, sou mòn nan kote Jezi te ba yo lòd pou yo ale a. Lè yo wè Jezi, yo met ajenou, men yo pa t’ fin kwè nèt. Jezi menm pwoche, li pale avèk yo, li di: "Yo renmèt mwen tout pouvwa nan syèl ak sou tè a. Ale, fè tout nasyon yo vin tounen disip. Batize yo o non Papa a ak Pitit la ak Lespri Sen an. Aprann yo obsève tout sa mwen te kòmande nou. Men mwen avèk nou toulejou, jous longè tan an fin rive bout li".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pou nou selebre fèt Sent Trinite a, Legliz la pwopoze nou 5 dènye vèsè Levanjil sen Matye a ki mande pou n’ batize nan non Papa, Pitit la ak Lespri Sen an. Finisman Levanjil Matye a prèske rezime tout levanjil li a, mo li itilize yo gen anpil fondman tewolojik ak yon kalite de pwofesyon lafwa.

Jezi mande rès onz disip li yo pou yo kite Jerizalèm ki se sant lafwa, kote prezans Bondye ye (Mt 28,7) paske nan evénman aparisyon yo Jezi pa t’ parèt nan Jerizalèm devan okenn moun. Li te pran randevou avèk yo nan Lagalile kote tout moun te konn pase (Mt 4,15), sa vle di, Legliz la kòmanse nan Lagalile ki vin tounen sant yon nouvèl kominote.
Depi nan lòt chapit yo Matye te pale nou de kèk maj ki te sòti an Oryan, nan tè payen, pou vin adore Jezi, epoutan Jerizalèm pa t’akeyi l’, anpil payen te gen tan vle rantre nan Legliz la. Sa te gentan montre nou ke Legliz la pa t’ fèmen sou li menm ; okontrè li ouvri ak tout moun pou li kapab pwopaje bòn nouvèl la.
Mo «Legliz» la sòti nan yon mo grèk "Ekklesia", ki vle di «asanble moun yo konvoke yo» e se Jezi menm ki bay moun yo randevou pou yo rankontre sou tèt mon nan. Tèt mòn yo se kote Bondye te konn rankontre sèvitè li yo pou yo pale epi di kilès li ye. Se la tou Jezi te fè premye diskou li (Mt 5,1-8,1,) li priye (Mt 14,23), li te miltipliye pen (Mt 15,29), epi chanje figi devan apot yo (Mt 17,1-9). Se konsa tou chak dimanch Jezi konvoke nou pou nou vi patisipe nan Lekaristi a ki se kò ak san k’ap nouri nou pou toutan ; nou dwe reponn ak konvokasyon sa tou nan pran angajman nou jan nou dwe fè sa.
Nan randevou nan tèt mòn nan disip yo wè Jezi, yo kouche plat atè : se yon siy adorasyon siy imilite. Se pi gwo jès yon moun te kapab fè pou montre jan li gen respè pou Bondye. Douz yo te fè sa déjà (Mt14, 33), Wa Maj yo (Mt 2, 11), moun ki te gen maladi lalèp la (Mt 8,2) dam kananeyèn nan ak yon lòt payen (Mt 15,25). Èske nou menm tou nou konn pran tan pou n’adore Bondye nan lavi nou ? Sa vle di, pran yon moman silans pou n’ sonje sa Bondye ye pou nou e sa l’ fè pou nou.
Men, nou menm k’ap adore Granmet la nan lamès, nan adorasyon nou toujou rete ak anpil dout nan kè nou, nou manke lafwa. Malgre sa Jezi pa ezite pwoche kote nou menm jan l’ te fè aprè transfigirasyon an (Mt17, 7).
Granmèt, pran pitye pou tout moun ki pa kwè nan ou, ki doute de prezans ou epi ki poko pre pou swiv ou.
Jan nou konn toujou ap di «lamizè pa sous, fò l’ fini yon jou kan menm», aprè anpil soufrans, veksasyon, imilyasyon, Jezi te reprann fòs ak kouraj, paske papa l’ ba li tout pouvwa ni sou tè ni nan syèl la. Li pa t’ vle kenbe pouvwa pou kont li, li pataje l’ ak apot yo epi Legliz la. Li mande disip li yo pou yo batize moun yo nan non Papa, Pitit la ak Lesprisen an. Mo batèm nan sòti nan yon mo grèk "baptizo", ki vle di «plonje» e se nan plonje a nou ini nou ansanm ak Sent Trinite a. Siy batèm nan sanble ak siy lakwa a ; sa vle di, se pou lavi an kantite pou tout moun an jeneral nou batize nan lanmou Bondye pou toutan.
Jezikri vle rasanble nou tout rich kou pòv, malere kou gran nèg nan lanmou Bondye, pou fè yon sèl, paske Bondye se renmen e se nan renmen li kreye nou. Nou dwe viv nan renmen. Le n’ fin batize nan lanmou Bondye, nou dwe montre nou se disip nan jan n’ap viv nan renmen ak nan respè youn pou lòt, pou nou ka temwanye prezans Bondye tout bon vre. Bondye konsidere nou kòm pitit li, nou dwe toujou kite se volonte l’ ki fèt nan lavi nou, nan sa n’ap di ak sa n’ap fè, tout kote nou pase. Konsa n’a sispann viv nan chen manje chen, nan ipokrizi, nan rayisans nan prejije, pou n’ ka viv nan tèt ansanm.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, fè nou sispann viv nan divizyon ak polemik, aprann nou viv nan tèt ansanm pou nou ka gen kè poze. Pa pouvwa Jezikri. Amèn

PWOPOZISYON : Menm jan Papa a, Pitit la ak Lesprisen an ini an, se pou nou ini nou tou pou n’ ka fè yon sèl nan Bondye ki gen tout pouvwa e ki la depi tout tan e pou tout tan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario