Páginas

LENDI 1

Koulè Wouj
JISTEN KI SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Tobi te respekte Bondye plis pase wa a".
KÒMANSMAN LIV TOBI 1, la. 2; 2, 1-9
Tobi, nan ras ak vil Neftali li, malgre yo te fè l’ prizonye sou tan Salmanaza, wa Lasiri, yo te kondui l’ an ekzil, li pa t’ lage chemen laverite a.
Kòm se te jou fèt Granmèt la, te gen yon bon manje nan lakay Tobi, li di pitit li a: "Ale, mennen kèk moun nan ras nou, ki respekte Bondye, pou yo fete ansanm avèk nou". Lè l’ ale, li tounen, li anonse l’ gen youn nan pitit Izrayèl yo yo te trangle, ki te bouche atè a sou laplas la. Menm lè a, li sòti kote l’ te kouche a, li kite manje a, li rive san manje kot kò a. Li pran l’, li pote l’ lakay li an kachèt, pou, lè solèy kouche, li kapab antre l’ avèk prekosyon. Lè l’ fin kache kò a, li manje pen an avèk chagren, avèk respè, li sonje pawòl sa a Granmèt la te di pa lentèmedyè pwofèt Amòs la: "Jou fèt nou yo ap vin tounen dèy ak chagren".
Lè solèy fin kouche, li pati, l’al antere l’. Tout fanmi li yo t’ap fè l’ repwòch, yo t’ap di: "Deja poutèt rezon sa a yo te kondane ou amò, epi apèn ou chape anba kòmandman lanmò a, ou rekòmanse ap antre mò yo ankò"? Men Tobi, te respekte Bondye plis pase wa a, li te konn pran kò moun yo touye yo, li te konn kache yo nan lakay li, epi nan mitan nannuit li te konn antere yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 111, 1-2. 3-4. 5-6 (r.: la)
R/ Se chans pou moun ki respekte Granmèt la.
Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, ki met plezi l’ nèt nan lòd li yo.
Desandans li ap gen pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk yo ap beni.R.
Bèlte ak richès nan kay li, jistis li ap rete pou tout tan gen tan,
Limyè a ap leve nan fènwa, pou moun kòrèk yo, li sansib, li pran pitye, li kòrèk.R.
Se chans pou moun sa a ki pran pitye, ki prete, ki regle afè l’ yo kòrèk,
Paske se pou tout tan li p’ap souke. Moun ki kòrèk la, y’ap sonje l’ tout tan.R.
LEVANJIL
"Yo sezi pitit li renmen anpil la, yo touye l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 12, 1-12
Lè sa a: Jezi kòmanse pale an parabòl avèk chèf prèt yo, ak pwofesè yo, ak ansyen yo:
"Yon moun te plante yon jaden rezen, li antoure l’ ak miray, li fouye yon kote, li bati yon kay wo; li lwe jaden rezen an bay kiltivatè, epi li pati byen lwen.
Lè sezon an rive, li voye sèvitè l’ kot kiltivatè yo, pou yo ba l’ nan fwi jaden rezen an. Yo menm menm yo sezi l’, yo bat li, yo voye l’ tounen men vid. Aprè sa, li voye yon lòt sèvitè kote yo, li menm menm yo blese l’ nan tèt, you joure l’ byen joure. Li voye yon lòt ankò; sila a menm yo touye l’ li voye anpil lòt ankò e genyen yo bat, gen dòt, yo touye yo.
Li te gen yon pitit li te renmen anpil, yon sèl la, alafen li voye l’ kote yo, li di: "Y’a respekte pitit mwen an". Men kiltivatè yo menm youn di lòt: "Men eritye a: vini, an nou touye l’, eritaj la ap pou nou". Yo sezi l’, yo touye l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an.
Konsa ki sa met jaden an ap fè? Li vini, l’ap touye kiltivatè sa yo, l’ap bay dòt moun jaden rezen an.
Èske nou pa t’ li nan labib la:
"Wòch la moun ki t’ap bati yo jete yon kote a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an; se nan Granmèt la sa sòti, se bagay ki bèl anpil nan je nou"?
Yo t’ap chèche sezi l’, men yo te pè foul la. Sèke yo te rekonèt se pou yo li t’ap di parabòl sa a. Yo kite l’, yo pati.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap sonje Sen Jisten, youn nan patizan Jezikri ki te viv nan premye syèk yo e ki defann lafwa nan Jezikri, li te pase tout lavi li ap defann Levanjil la. Lansèyman li ak lavi li se yon temwaj lanmou ak lafwa ke Legliz la pwopoze nou suiv.
Kòm se metòd li abitye itilize, nan Levanjil jodi a Jezi ap pale ak nou an parabòl, pou li louvri je nou pou n ou konnen kijan pou nou viv youn ak lòt, pou nou prepare vwayaj nou pou syèl la, li rakonte nou yon ti istwa:
«Yon moun te plante yon jaden rezen, li antoure l’ ak miray, li fouye yon kote, li bati yon kay wo; li lwe jaden rezen an bay kiltivatè, epi li pati byen lwen» (Mk 12,1). Nou tout nou gen pou wè ak jaden rezen sa a. Li se lespri nou, lespri Legliz la, lespri lemond antye. Bondye vle nou donnen fwi reyèl. Premyèman sentete pèsonèl nou; dezyèmman toujou fè apostala nan mitan zanmi nou yo, yo menm ke ekzanp nou ak pawòl nou kapab ankouraje chak jou pou yo vin pi pre Kris la; finalman lemond ap vin tounen yon pi bon kote pou moun viv, si nou ekzèse pwofesyon nou ak lanmou, si nou viv nan bon jan relasyon ak mou ki antoure nou, si nou tout patisipe nan travay oubyen aktivite ki lakòz anpil moun viv pi byen.
Pa lentèsesyon Sen Jisten, se pou Bondye aprann nou travay avèk lanmou, antan n’ap fè sa Legliz la mande nou fè. Nou tout nou ka tounen bon gadò pou moun lòt yo.
LAPRIYE: Bondye Granmèt, tanpri fè nou donnen fwi ki dire pou tout tan, pou tè a kapab yon paradi pou tout pitit ou yo. Aprann nou obsève tout sa ou kòmande.Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: M’ap angaje m’ nan yon aktivite nan Legliz la ki se jaden rezen Granmèt la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario