Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Li pa
chagren kont Bondye, poutèt malè sa a te rive l’ li te vin avèg la".
LEKTI LIV TOBI
2, 9-14
Rive yon jou, Tobi te bouke a fòs li t’ap antere moun,
li vin lakay li, li lage kò l’ bò miray la, li dòmi; men pandan l’ap dòmi an, gen
ti salte tou cho ki sot nan nich iwondèl yo ki tonbe nan je l’, li vin avèg.
Bagay sa a k’ap eseye l’ la, Granmèt la te pèmèt li rive
l’, pou l’ te kapab bay moun k’ap vin apre l’ yo yon modèl pasyans li, menm jan
ak Jòb ki sen an. Sèke, depi l’ te piti, li te toujou respekte Bondye, li te kenbe
kòmandman l’ yo, li pa chagren kont Bondye, poutèt malè sa a rive l’ la li vin
avèg la; men li ret san ezite nan respè Bondye, li di Bondye mèsi pandan tout
tan lavi l’.
Reyèlman vre, menm jan wa yo t’ap derespekte Jòb, konsa
tou fanmi ak zanmi l’ yo t’ap pase lavi l’ nan rizib, yo t’ap di: "Kote espwa
w’ la, ou t’ap fè lacharite pou li a, ou t’ap antere mò yo pou li a? Tobi menm
t’ap fè yo repwòch, li t’ap di: "Pa pale konsa; paske se pitit sen yo nou ye,
epi n’ap tann lavi sa a Bondye ap bay moun yo ki pa janm lage lafwa yo sot nan
li a".
Án menm, madanm li, t’al nan travay koutiryèz chak jou,
li te konn pote fui travay men l’, sa l’ te kapab jwenn. Konsa rive li te resevwa
yon ti kabrit, li pote l’ lakay la; men lè mari l’ tande vwa l’ k’ap rele, li
di: "Atansyon, ou pa janm konnen si se pa vòlè yo vòlè l’; renmèt li bay
mèt li yo, paske nou pa gen dwa manje nan bagay yo vòlè, ni touche l’". Men
madanm nan fache poutèt sa, li reponn: "Sa klè se pou granmesi ou te gen espwa
ou la, ou te montre lacharite ou yo jouskoulye a". Se ak kalite mòd jan pawòl
sa yo li te konn ap fè l’ repwòch.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 111, 1-2. 7bc-8. 9 (r.: cf. 7c)
R/ Kè moun ki kòrèk la pare, li espere nan Granmèt la.
Se chans pou oun ki respekte Granmèt la, ki met plezi l’
nèt nan lòd li yo.
Desandans li ap gin pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk yo
ap beni.R.
Li p’ap pè,
lè l’ tande move nouvèl. Kè l’ pare, li espere nan Granmèt la.
Kè l’ asire, li p’ap pè, joustan li meprize lènmi l’
yo.R.
Li separe, li bay pòv yo; jistis li rete pou tout tan gen
tan, kòn li ap leve nan bèlte a.R.
LEVANJIL
‘‘Renmèt Seza
sa k’ pou Seza, epi Bondye sa k’ pou Bondye’’.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 12, 13-17
Lè sa a:
Yo voye kèk moun nan disip farizyen yo ak Ewodyen yo
kot Jezi, pou yo pran l’ nan pyèj pawòl li. Yo menm yo rive, yo di l’:
"Mèt, nou konnen ou kare, ou pa pè pèsòn; sèke ou pa konsidere figi moun,
men se nan verite ou anseye chemen Bondye a, èske nou gen dwa peye taks bay Seza,
oubyen nou p’ap bay"?
Li menm menm li te konnen fent yo, li di yo:
"Pouki sa n’ap eseye m’ nan? Pote yon pyès lajan ban mwen, pou m’ wè".
Yo pote ba li. Li di yo: "Pòtre ak tit ki moun ki la a"?
Yo di l’: "Seza".
Jezi pran lapawòl, li di yo: ‘‘Ebyen, renmèt Seza sa k’
pou Seza, epi renmèt Bondye sa k’ pou Bondye’’. Yo te sezi osijè l’.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Jezi envite nou fè ladiferans
ant reyalite tè a ak reyalite syèl la: «Renmèt Seza sa k’ pou Seza, epi Bondye
sa k’ pou Bondye» (Mk 12,17).
Gen yon kesyon nou ta kapab poze tèt nou jodi a: Kisa
m’ap bay Jezi jodi a? Èske vrèman se sa ki pi enpòtan nan lavi mwen ke m’ap ba
li? Nan kisa mwen mete kè mwen? Paske…«Kote kè ou ye, se la
richès ou ye» (Lk 12,34).
Sen Jewòm di nou: Nou oblije
bay Seza lajan li an, paske se foto li ki sou li; men se pou nou bay Bondye
tout sa nou ye tout antye, paske se imaj li ki grave nan nou, se pa imaj Seza».
Pandan tout lavi li, Jezi te toujou prezante nou plizyè opsyon. Se nou menm ki
konnen sa n’ap chwazi, swa nou viv selon valè lemond, oubyen swa nou viv selon
valè Levanjil la.
Li pa janm twò ta pou
nou chwazi, pou nou konvèti, pou nou mennen yon nouvo lavi nan Bondye.Se
lapriyè, espesyalman lapriyè nou fè ak pawòl Bondye k’ap montre nou sa Bondye
mande nou. Moun ki chwazi Bondye, li vin tounen kay Bondye, paske se Jezi ki di
«Si yon moun renmen m’, l’ap kenbe pawòl mwen; Papa m’ ap renmen l’, n’ap vini
lakay li, n’ap rete lakay li» (Jn 14,23).
Se lapriyè ki vin
tounen vrè lekòl la, kote Tètilyen di nou « Kris la aprann nou konnen volonte
Papa a ke l’ap reyalize nan lemond, e li kijan lòm dwe konpòte li, pou li kapab
konfòme li ak volonte Bondye». Se pou nou aprann chwazi sa ki pi bon pou nou!
LAPRIYÈ:
Granmèt, mwen remèt ou lavi mwen, tout panse mwen, tout aksyon mwen, pase mwen,
avni mwen, mizè mwen, kè kontan mwen ak tristès mwen. Tanpri aksepte mwen.
PWOPOZISYON:
M’ap chwazi Bondye, m’ap sèvi li ak tout kè; sa vle di
m’ap sèvi lòt yo gratis, san mwen pa espere anyen, paske rekonpans mwen se nan
men Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario