Páginas

MÈKREDI 3

Koulè Wouj
CHAL LWANGA AK ZANMI L’ YO KI SEN, MATI
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Lapriyè toulede jwenn repons devan fas Bèlte Bondye ki anwo nèt la".
LEKTI LIV TOBI 3, 1-11. 24-25
Jou sa yo:
Tobi plenyen, li kòmanse lapriyè avèk dlo nan je l’, l’ap di
"Ou kòrèk, Granmèt, tout jijman ou yo kòrèk, tout chemen ou yo se kè sansib ak verite ak jistis.
Koulye a, Granmèt, sonje m’; pa tire vanjans pou peche m’ yo, pa sonje fot mwen yo ni fot zansèt mwen yo.
Sèke nou pa t’ obeyi lòd ou yo, se pousa yo renmèt nou nan piyaj, nan lanmò, nan rizib, nan repwòch anba men tout nasyon yo, kote ou te gaye nou an.
Koulye a, Granmèt, jijman ou yo gran; paske nou pa t’ aji daprè lòd ou yo, nou pa t’ mache fran devan ou.
Koulye a, Granmèt, aji avèk mwen daprè volonte ou, pase lòd pou yo resevwa lespri m’ ak lapè: sèke li pi bon pou mwen pou m’ mouri pase pou m’ viv".
Nan menm jou sa a rive Sara, pitit fi Ragwèl la, te nan Ragès, yon vil Mèd yo, li te tande repwòch youn nan sèvant papa l’ yo t’ap fè l’; paske yo te renmèt li nan men sèt gason, men gen yon demon yo rele Asmode ki te touye yo, osito yo te konn rive kote l’. Konsa, kòm poutèt fot li a, li t’ap fè sèvant la 1obsèvasyon, sèvant la reponn li: "Nou pa gen dwa janm wè pitit gason oubyen pitit fi sot nan ou sou tè a, ou menm ki touye mari ou yo. Èske ou vle touye m’ tou, menm jan ou te touye sèt gason?" Lè l’ tande pawòl sa a, l’al anwo nan chanb lakay li, li pase twa jou ak twa nuit li pa manje, li pa bwè; men li rete ap lapriyè ak dlo nan je, li t’ap ensiste kot Bondye, pou Bondye te delivre l’ sot nan mank dega sa a.
Nan menm tan sa a, lapriyè toulede jwenn repons devan fas bèlte Bondye ki anwo nèt la; li voye Mesaje Granmèt la ki sen an, Rafayèl, pou l’ geri toulede, yo menm ki t’ap prezante lapriyè yo devan fas Granmèt la nan menm moman an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 24, 2-4a. 4b-5ab. 6-7bc. 8-9 (r.: Ib)
R/ Se kote ou, Granmèt, mwen leve nam mwen.
Bondye mwen, nan ou mwen met konfyans mwen: mwen p’ap wont. Pa kite lènmi m’ yo fè fèt sou mwen, reyèlman vre tout moun ki konte sou ou, yo p’ap jwenn desepsyon. Sa k’ap pran desepsyon yo se sa k’ap aji san fidelite yo pou fè grandizè.
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’ yo, tras wout ou yo, aprann mwen yo.
Dirije m’ nan tras wout ou a, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.
Sonje bon kè ou, Granmèt, ak kè sansib ou yo, paske se depi tout tan yo ekziste.
Daprè kè sansib ou, sonje m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa l’ ap aprann moun ki nan peche yo chemen an;
L’ap kondui moun ki dosil yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Li pa Bondye moun mouri yo, men Bondye vivan yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 12, 18-27
Lè sa a:
Sadiseyen yo vin kot Jezi, yo menm ki di pa gen kesyon leve-vivan sot nan pami mò yo. Yo poze l’ kesyon, yo di: «Mèt, Moyiz te pase nou lòd, pou si yon mesye gen yon frè l’ ki mouri, epi ki kite madanm, san l’ pa kite pitit, se pou frè l’ la pran madanm li an, pou l’ leve yon desandans pou frè l’ la».
Konsa te gen sèt frè, premye a pran yon madanm, epi li mouri, san l’ pa kite desandans. Epi dezyèm nan pran l’, li mouri tou, epi ni li menm tou li pa kite desandans; ni twazyèm nan tou, menm jan. Konsa yo tou le sèt yo pran l’, men yo pa kite desandans. Alafen apre yo tout, madanm nan tou vin mouri. Ebyen, nan koze leve vivan an, lè moun yo ap leve a, pou kilès nan sila yo madanm nan ap ye? Kòm yo tou le sèt te genyen l’ pou madanm".
Jezi pran lapawòl, li di yo: «Èske nou pa twonpe, antan nou pa konnen sa ki ekri yo, ni pouvwa Bondye? Sèke lè y’ap leve sot nan pami mò yo, moun yo p’ap marye, ni gason, ni fi, men y’ap tankou Mesaje yo ki nan syèl la. Kanta pou kesyon mò yo menm k’ap leve a, èske nou pa t’ li nan liv Moyiz la, sou flanm dife raje a, kijan Bondye te pale avèk li, lè l’ te di: «Mwen se Bondye Abraam, Bondye Izaak, ak Bondye Jakòb?» Li pa Bondye moun mouri, men Bondye vivan yo. Konsa, nou twonpe anpil».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Bondye mwen,nan ou mwen met konfyans mwen: mwen p’ap wont». Anpil fwa frè ak sè m’ yo, nou konn rete friz devan kèk sitiyasyon, nou pa konn sa pou nou di, sa pou nou fè; men nou ka toujou fè Bondye konfyans, menm jan ak salmis la ki eksprime li nan fason sa a: «Bondye mwen, nan ou mwen met konfyans mwen: mwen p’ap wont».
Depi nou mete konfyans nou nan Bondye tout bon vre, nou pa gen dwa pran wont, paske Bondye n’ap sèvi a se li menm k’ap delivre nou, li p’ap kite lènmi nou yo gen laviktwa sou nou. Pou nou rive vrèman gen prezans Bondye nan nou, nou dwe lage nou nan men li menm jan ak Tobi; ki te lapriyè Granmèt la, ak dlo nan je li, e Granmèt la te tande vwa li, li pran pitye pou li.
Zanmi Bondye yo, lapriyè se kle ki louvri tout pòt, kèlkeswa jan li fèmen. Depi nou pran konsyans de prezans Granmèt la nan lavi nou, nou chèche prezans li, l’ap kite nou jwenn li e l’ap abite nan nou. Bondye nou an, se yon Bondye ki prezan nan lavi nou, se yon Bondye ki pote lavi e lavi tounèf gras ak Jezikri, Sovè nou an. Bondye nou an, pa Bondye moun mouri, men Bondye vivan yo. Se poutèt sa nou dwe aji kòm moun k’ap viv, moun ki pote lavi nan yo. E nou gen kòm misyon pou nou kominike lavi sa bay lòt frè ak sè nou yo, k’ap soufri, ki dekouraje, ki pa wè si pou yo monte si pou yo desann. Se pou nou tounen moun k’ap viv pou Bondye, paske ak li nou gen lavi laviktwa.
LAPRIYÈ: Granmèt, sove nou anba pwoblèm divizyon. Fè Lespri w aprann nou mete tèt nou ansanm pou nou bati yon peyi ki pi bèl, pou tout moun ka viv ak diyite.

WOPOZISYON: Ofri yon moun nou konnen k’ap viv yon moman difisil bay Bondye.  

No hay comentarios:

Publicar un comentario