Páginas

JEDI 4

Koulè Blan
KÒ AK SAN JEZIKRI KI SEN ANPIL LA
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
"Sa a se san kontra a, sa Granmèt la pase avèk nou an".
LEKTI LIV EKZÒD 24, 3-8
Jou sa yo, Moyiz rive, li rakonte pèp la tout pawòl Granmèt la ansanm ak tout desizyon l’ yo. Tout pèp la reponn ak yon sèl vwa, yo di : "Tout pawòl Granmèt la di yo, n’ap obsève yo". Moyiz ekri tout pawòl Granmèt la ; li leve granmaten, li bati yon lotèl anba mòn nan, ansanm ak douz gwo wòch li mete kanpe pou douz fanmi Izrayèl yo. Li voye kèk ti gason nan pitit Izrayèl yo ; yo ofri sakrifis antye, ak sakrifis jèn ti towo kòm sakrifis lapè pou Granmèt la. Moyiz pran mwatye nan san an, li mete nan yon basin ; lòt mwatye a, li vide l’ sou lotèl la. Li pran liv kontra a, li li l’ nan zòrèy pèp la; yo di: "Tout sa Granmèt la di, n’ap fè l’, n’ap obeyi l’". Moyiz pran san an, li vide l’ sou pèp la, li di: "Sa a, se san kontra a, sa Granmèt la pase avèk nou an daprè tout pawòl sa yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 116, 12-13. 15 ak 16bc. 17-18
R/ M’ap pran kalis delivrans la, m’ap rele non Granmèt la.
Sa pou m’ fè pou m’ renmèt Granmèt la pou tout sa l’ fè pou mwen. M’ap leve kalis ki sove nou an, m’ap rele non Granmèt la.R.
Li gen valè devan je Granmèt la, lanmò zanmi l’ yo. Mwen se sèvitè ou, pitit sèvant ou, ou kase chenn mwen an.R.
M’ap ofri ou sakrifis pou m’ di ou mèsi, m’ap rele non Granmèt la. Sa m’ te pwomèt Granmèt la, m’ap regle l’ devan tout pèp li a.R.
DEZYÈM LEKTI :
LEKTI LÈT POU EBRE YO 9, 11-15
Frè m’ yo :
Jezikri rive kòm prèt an chèf pou byen ki gen pou vini yo. Li travèse yon joupa ki pi gran, ki pi siperyè, ki pa fèt ak men moun, sa vle di ki pa sot nan menm konpozisyon avèk sa Bondye kreye yo. Li pa pran san bouk ak san ti towo, men se ak pwòp san pa l’ li sèvi, yon sèl fwa pou tout li antre nan kote ki sen an, li delivre nou pou tout tan. Si san bouk ak san towo ak san gazèl yo konn vide sou moun ki gen tach yo, sa pwòpte kò yo pou sèvis Bondye a, san Jezikri ap fè pi byen toujou, li menm ki fin ofri tèt li san tach bay Bondye pa pouvwa Lespri ki la pou tout tan an. L’ap netwaye konsyans nou sot nan aktivite lanmò yo, pou nou kapab sèvi Bondye vivan an. Jezikri sèvi entèmedyè pou yon nouvo kontra. Konsa, lanmò l’ sèvi pou delivre nou sot nan peche ki te fèt parapò a premye kontra a. Moun yo Bondye rele a, y’ap resevwa eritaj pou tout tan an, sa Bondye te pwomèt la.
LEVANJIL
"Sa a se kò m’, sa a se san m’".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 14, 12-16. 22-26
Premye jou azim yo, lè yo t’ap fè sakrifis pak la, disip Jezi yo di l’: "Ki kote ou vle n’al pare pou ou manje pak la?" Li voye de nan disip li yo, li di yo: "Ale nan lavil la, gen yon mesye k’ap pote yon krich dlo, l’ap rankontre nou, suiv li. Kote l’a antre a, n’a di mèt kay la: 'Mèt la di ki kote pyès mwen an ye, kote pou m’ manje pak la avèk disip mwen yo?' L’a montre nou yon gran pyès anwo a, ki pare, byen kouvri ak tapi; se la n’a pare pou nou". Disip yo sòti, yo rive nan lavil la, yo jwenn jan l’ te di yo a, yo pare pak la.
Pandan y’ap manje, li pran pen an, li beni l’, li kase l’, li ba yo l’, li di: "Pran, sa a se kò m’ nan". Li pran kalis la, li lapriyè pou di Bondye mèsi, li ba yo li, yo bwè ladan l’ yo tout. Li di yo: "Sa a se san mwen an, se san kontra a, ki vide pou pakèt moun yo. An verite mwen di nou, mwen pa gen dwa janm bwè ankò nan fwi pye rezen an jous jou sa a lè m’a bwè l’ tou nouvo nan peyi Bondye ki wa a". Lè yo fin chante sòm yo, yo sòti, y’al sou mòn pye oliv yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se yon gwo fèt, puiske n’ap selebre prezans Jezi nan mitan nou nan Lekaristi a. Se yon gwo kado Bondye fè nou: «Sa a se kò mwen (…). Sa a se san mwen». (Mk 14,22-24). Konsa, li enpòtan pou nou prepare kè nou, pou nou louvri nou pou akeyi abondans gras sa a k’ap koule nan sous lekaristik la.
Avèk manje pak la, pèp jwif la te konn sonje istwa delivrans la, mèvèy Bondye te fè pou pèp li a, an patikilye mèvèy liberasyon anba esklavaj Lejip la. Nan selebrasyon sa a chak fanmi te konn manje ti mouton pak la. Se Jezikri ki vin tounen vrè mouton pak ki la pou tout tan, sila yo sakrifye sou lakwa a e yo manje kòm Pen nan Lekaristi a.
Lekaristi a se sakrifis: se sakrifis kò Jezi ak san li ki vèse pou nou tout. Se yon sakrifis ki te fèt davans nan moman dènye Soupe Jezi avèk patizan li yo. Se yon sakrifis ki aktyalize nan chak lamès. Vrèman vre, se nan Lekaristi a nou jwenn nouriti nou: se nouvo manje ki bay kretyen an fòs ak kouraj antan li sou wout la pou ale kay Papa a.
Lekaristi a, se prezans Kris la nan mitan nou. Kris la ki leve byen vivan an e ki resevwa kouwòn glwa a, li la yon fason ke nou pa kapab fin konprann men yon fason reyèl, nan Lekaristi a. Se prezans ki mande nou yon atitid adorasyon e ki envite nou kominye pèsonèlman avèk Jezi. Se yon prezans ki ba nou garanti ke Jezi la avèk nou e l’ap akonpli zèv delivrans li nan lavi nou.
Lekaristi a se yon mistè lafwa. Li se «sant» e li se «kle» lavi Legliz la. Li se sous ak rasin ekzistans kretyen an. San eksperyans lekaristik la, lafwa kretyèn ta sèlman yon filozofi.
Avèk enstitisyon Lekaristi a Jezi ba nou kòmandman lanmou an. Nan batèm nou nou antre nan yon mòd lavi tounèf, antan nou nouri ak Lekaristi a. Dinamik lavi sa a pouse nou renmen lòt yo e menm bay lavi nou: se sa ki fè yo kapab rekonèt nou se patizan Jezikri tout bon vre.
Kris la renmen nou paske li resevwa lavi Papa a.  Lè nou resevwa lavi nan men Papa a, espesyalman nan Lekaristi a, n’ap renmen.
LAPRIYÈ: Mèsi Jezi pou kò ou ak san ou ou ba nou nan Lekaristi a. Adorasyon pou ou. Lwanj ak konpliman pou ou, jodi a e pou toutan. Amèn.

PWOPOZISYON: Pran yon moman nan jounen an pou kontanple prezans sakramantèl Jezi nan Lekaristi a. Mete ajenou devan Sen Sakreman pou adore Jezi ak yon kè ki sensè an silans.

No hay comentarios:

Publicar un comentario