Koulè Wouj
BONIFAS
KI SEN, EVÈK E MATI (MEMWA)
PREMYE LEKTI
"Se ou menm ki korije m’, se ou menm ki sove m’, epi men mwen wè
pitit mwen an'.
LEKTI LIV TOBI 11, 5-17
Jou sa yo:
Án te chita bò wout la chak jou sou tèt mòn nan, kote
li te kapab wè byen lwen. Antan nan kote sa a menm li t’ap kalkile kilè pitit
li a ap vini, li gade byen lwen, menm lè a li rekonèt pitit li a k’ap vini; li
kouri l’al anonse mari l’, li di: "Men pitit ou a ap vini".
Rafayèl di Tobi: "Gade, osito ou antre lakay ou, menm
lè a adore Granmèt Bondye ou la; epi di l’ mèsi, aprè sa, pwoche kot papa ou, epi
anbrase l’. Menm lè a, fwote je l’ ak fyèl pwason sa a, ou pote avèk ou a; se
pou ou konnen yon ti moman apre, je l’ap louvri, papa ou ap wè limyè syèl la, l’ap
kontan wè figi ou".
Lè sa a chyen an ki te avèk yo sou wout la, li kouri devan,
li rive tankou yon mesaje, l’ap fè karès ak kè l’ tèlman li kontan. Papa l’ menm
leve tou avèg la, li kòmanse ap kouri, antan l’ap bite ak pye l’; li bay ti
gason an men l’, li kouri al rankontre pitit li a. Li anbrase l’, li bo l’,
ansanm ak madanm li, yo tou le de yo kòmanse kriye ak kontantman. Lè yo fin
adore Bondye, yo fin di l’ mèsi, yo chita.
Lè sa a atò, Tobi pran nan fyèl pwason an, li fwote je
papa l’; li kite l’ prèske pandan demi-èd-tan. Gen tach blanch ki kòmanse sòti
nan je l’, tankou kal ze. Tobi pran l’, li wete l’ sot nan je l’, menm lè a li
rekòmanse wè. Yo fè konpliman pou Bondye, ni li menm, ni madanm li, ni tout
moun ki te rekonèt li. Tobi t’ap di: "Mwen fè konpliman pou ou, Granmèt
Bondye Izrayèl, paske se ou menm ki te korije m’, epi se ou menm ki sove m’;
gade men mwen wè Tobi, pitit mwen an".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
145, 2abc. 7. 8-9a. 9bc-10 (r.: 2a)
R/ Fè lwanj Granmèt la, nam mwen.
Fè lwanj Granmèt la, nam mwen; m’ap fè lwanj Granmèt la
nan lavi m’,
M’ap chante
kantik pou Bondye m’ nan, tout tan m’ap viv.R.
Li menm ki kenbe
verite a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, ki bay moun ki
grangou yo manje. Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo, Granmèt la leve sa k’ tonbe
yo, Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
Òfelen an ak vèv la, li soutni yo, men wout pechè yo,
li gaye yo. Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye ou la, Siyon, pou jenerasyon
ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
"Kijan
yo fè di Kris la se pitit David?"
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 12, 35—37
Lè sa a:
Jezi pran lapawòl, li di, antan l’ap bay lansèyman nan
kay sakre a: "Kijan pwofesè yo fè di Kris la se pitit David? David menm di
nan Lespri Sen an:
'Granmèt la di Granmèt mwen: Chita adwat mwen, joustan
mwen mete lènmi ou yo kòm macheskalye pye ou'.
Konsa David li menm rele l’ Granmèt; ebyen kòman fè li
se pitit li?" Anpil moun t’ap koute l’ avèk satisfaksyon.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Mwen fè konpliman
pou ou, Granmèt Bondye Izrayèl, paske se ou menm ki te korije m’, epi se ou menm
ki sove m’». Souvan, nou pa pran tan pou nou di Bondye mèsi pou sa l’ reyalize nan
lavi nou, nan fwaye nou, nan peyi nou, nan travay nou, nan etid nou. Men nou
plis pran tan pou nou mande Bondye lajan, machin, bèl kay, viza, maryaj, pitit,
tout lòt bagay ke nou bezwen pou nou viv.
Wi, se vre bagay sa yo enpòtan pou nou ka gen yon vi diy men pafwa nou
ba yo twòp enpòtans. Tobi rive lakay li, premye bagay li fè li adore Bondye nan
lavi fanmi an, nan lavi li pou l’ rekonèt pouvwa Bondye, prezans Bondye nan
lavi li.
Frè ak sè m’, se chak jou nou dwe di Bondye mèsi paske se gras a li menm
ki fè n’ap viv. San prezans Granmèt la nou pa ka fè anyen. Ou mèt gen tout sa k’
sou tè a, si Bondye Granmèt la pa la tout bagay sa yo pa vo anyen. Nou pa ka
viv san li paske, se Li menm ki pou soutni nou nan konba lavi a.
LAPRIYÈ : Rekonesans pa lachte pou yon kretyen.
Mèsi Granmèt pou sa w’ ye pou nou ak pou sa w’ fè pou nou.
PWOPOZISYON : Pwofite
pandan tan sa, pou bay chante yon mès pou w’ di Bondye mèsi pou sa l’ fè nan
lavi w’, nan lavi fanmi w’, nan peyi w’, nan aktivite w’ yo. Pwofite yon
moun mèsi pou sa l’ te fè pou ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario