Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"M’ap
tounen al jwenn sila a ki voye m’ nan; nou menm fè konpliman pou Bondye".
LEKTI LIV
TOBI 12, 1. 5-15. 20
Jou sa yo:
Tobi rele
pitit li a, li di l’: "Ki sa nou kapab bay mesye sa a ki sen an, ki vini
avèk ou a?" Yo rele l’, ni papa a ni pitit la, yo pran l’ apa, yo
kòmanse mande pou l’ aksepte resevwa mwatye pòsyon nan tout sa yo pote yo.
Lè sa a atò, li di yo an kachèt: "Fè konpliman pou
Bondye syèl la, epi devan tout vivan yo se pou nou fè lwanj pou li, paske li fè
kè l’ sansib pou nou. Reyèlman vre sekrè wa a li bon pou yo kache l’, men
aktivite Bondye yo, yo merite pou yo devwale yo, pou yo fè lwanj yo.
Lapriyè, ak jèn, ak lacharite pi bon pase kache trezò
lò; paske lacharite delivre sot nan lanmò, se li menm ki pwòpte peche yo, li fè
jwenn kè sansib ak lavi ki p’ap janm fini an.
Moun yo k’ap fè peche ak fot, se lènmi nam yo yo ye. M’ap montre nou laverite a, mwen p’ap kache pawòl sekrè a pou nou.
Lè ou te konn
ap lapriyè a avèk dlo nan je ou yo, lè ou te konn ap antere mò yo, lè ou te
konn kite manje ou la, epi ou te konn ap kache mò yo lajounen nan lakay ou a, epi
ou te konn antere yo lannuit la, mwen menm menm mwen te prezante lapriyè ou la
bay Granmèt la.
Paske ou te fè Bondye plezi, li te nesesè pou tray te eseye
ou. Koulye a menm Granmèt la voye m’ pou m’ geri ou, ni Sara, madanm pitit ou a,
pou m’ delivre l’ anba men demon an.
Se mwen menm Rafayèl, Mesaje a, youn nan sèt yo ki kanpe
devan Granmèt la.
Li lè pou m’ tounen kot sila a ki te voye m’ nan. Kanta
nou menm fè konpliman pou Bondye, rakonte tout mèvèy li yo".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS Tob 13, 2. 6. 7. 8 (r.: Ib)
R/ Granmèt, ou gran pou tout tan.
Sèke se ou menm ki pini, ki sove, ki kondui anba tè, ki
ramne, pèsònn pa chape nan men ou.R.
Konsidere sa l’ fè pou nou, avèk respè ak krent se pou
nou fè lwanj pou li, fè lwanj Wa syèk tan yo nan aksyon nou yo.R.
Mwen menm nan tè kote m’ ekzile a, m’ap fè lwanj li,
paske li montre bèlte l’ nan yon nasyon ki nan peche.R.
Konsa se pou nou tounen, pechè yo, fè jistis devan Bondye,
antan nou kwè l’ap fè kè l’ sansib pou nou.
LEVANJIL
"Pòv vèv sa a mete plis pase tout moun".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 12, 38-44
Lè sa a:
Jezi t’ap di
foul yo nan lansèyman l’ nan: "Fè atansyon pwofesè yo ki renmen pwonmennen
nan gran manto, epi ki renmen pou moun yo salye yo sou laplas la, yo renmen
chita nan premye plas yo nan kay reyinyon yo, yo renmen plas donè nan resepsyon
yo; y’ap devore byen vèv yo sou pretèks lapriyè long yo fè sanblan ap fè; moun
sa yo ap resevwa pinisyon ki pi rèd".
Jezi chita an
fas sal kèt la; l’ap gade kijan foul la t’ap mete lajan nan kèt la; anpil moun
rich t’ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive, li mete de ti pyès, ki vo vensenk
kòb.
Jezi rele
disip li yo, li di yo: "An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete plis pase
tout moun ki met lajan nan kèt la; sèke tout moun, se nan sa yo genyen an twòp
yo bay; li menm menm se nan ti sa k’ pa menm kont pou li a, li pran, tout sa l’
te genyen, li bay li, tout sa l’ te bezwen pou l’ viv la".
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Tankou
nan epòk Jezi t’ap viv la, jodi a gen anpil moun k’ap fè devosyon, e sitou sila
yo ki espesyalis nan relijyon an, pafwa yo kapab tonbe nan tantasyon ipokrizi
espirityèl, ki manifeste nan yon atitid vanite ke yo jistifye nan pretansyon ke
yo pi bon pase lòt yo oubyen yo siperyè pase yo. Malgre sa, nou tout nou se
kwayan, nou se moun k’ap lite pou nou kapab vin pi bon chak jou, pou nou kapab
vin sen!
Pou montre nou kontradiksyon
avèk pwofesè Lalwa yo, Levanjil la prezante nou jès ti pòv vèv la, yon jès ki
plen senplisite, yon jès ki prèske pa ta siyifye anyen, men yon jès ke Jezi
tèlman admire: «Yon pòv vèv vin rive, li
mete de ti pyès, ki vo vensenk kòb». (Mt 12,42). Kado sa a te prèske san
valè, men dezizyon ti malerèz sa a te montre li se yon fanm vanyan, yon fanm ki
merite respè: Li te bay tout sa li te genyen pou viv.
Atravè jès sa a, li montre kijan li plase Bondye ak lòt yo pi
wo pase pwòp tèt li ak pwòp bezwen pa li. Li te abandone li totalman nan men
Pwovidans la. Li te lib de tout bagay, li pa t’ gen anyen pou li makonnen tèt
li ankò, paske li te deside pou pwòp tèt pa li pou li mete tout bagay nan sèvis
Bondye ak pòv yo. Jezi ki te temwen bagay sa a, li fè konpliman pou ti pòv la
ki te bliye tèt li pou li te ka fè lwanj pou Bondye e pou li te ka pote lòt yo
sekou; Jezi kalifye kado vèv la kòm kado ki te pi enpòtan nan tout kado ki te
fèt nan menm kote a.
Kidonk, sa vle di, chwa fondamantal ki kapab libere nou an,
se yon chwa ki fèt nan pwofondè konsyans nou, lè nou deside ouvri nou bay
Bondye epi mete nou nan sèvis pwochen nou. Valè chwa nou an, li pa depann de
kantite oubyen kalite aksyon nou men de kalite entansyon nou ak kalite kado
lanmou ki sòti nan pwòp konsyans nou.
LAPRIYÈ:
Jezi, tanpri ede m’ demakonnen ak tout sa ki anpeche m’ renmen e sèvi tout bon
vre, menm jan ak ti pòv vèv la ki te bay tout sa li te genyen.
PWOPOZISYON:
Aprann pataje sa m’ genyen ak sa mwen ye pou byen lòt
yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario