Páginas

DIMANCH 7

Koulè Vèt
DIZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE B
PREMYE LEKTI
"M’ap mete rayisans ant ras ou ak ras madanm nan".
LEKTI LIV LAJENÈZ 3, 9-15
Aprè Adan fin manje nan pye bwa a, Granmèt Bondye rele l’, li di l’: "Kote ou?"
Li di: "Mwen te tande vwa ou nan jaden an, mwen te pè, paske mwen te nikò, mwen te kache kò m’".
Li di l’: "Kilès ki te montre ou ou te nikò, si se pa paske ou te manje nan pye bwa a, sa m’ te pase ou lòd pou ou pa t’ manje ladan l’ nan".
Adan di: "Madanm nan ou te ban mwen kòm asosye a, se li ki ban m’ nan pye bwa a epi mwen manje".
Granmèt Bondye di madanm nan: "Pouki sa ou fè sa a?"
Li reponn: "Se koulèv la k’ twonpe m’, mwen manje".
Granmèt Bondye di koulèv la: "Poutèt ou fè sa, madichon pou ou nan pami tout vivan ak bèt sou tè a: sou lestonmak ou w’ap mache, se tè w’ap manje toulejou lavi ou. M’ap met rayisans ant ou menm ak madanm nan, ant ras ou ak ras pa l’; li menm madanm nan l’ap kraze tèt ou, ou menm w’ap mete pyèj pou li nan talon l’".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 129, 1-2. 3-4ab. 4c-6. 7-8 (r.: 7)
R/ Kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’.
Nan bafon yo m’ap rele kote ou, Granmèt;
Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte ou.R.
Nan mwen ap tann nan pawòl li.
Nam mwen espere nan Granmèt la. Plis pase yon santinèl k’ap espere devan jou,
Se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske kot Granmèt la se kè sansib, se delivrans an kantite kote l’.
Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
"Nou kwè, se poutèt sa nou pale".
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 4, 13-5, 1
Frè m’ yo:
Nou gen menm lespri lafwa a, jan sa ekri a: "Mwen kwè, se pousa mwen pale"; nou menm tou nou kwè, poutèt sa n’ap pale, nou konnen sila a ki leve Jezi a, l’ap leve n’ avèk Jezi, l’ap mete n’ avèk nou. Tout sa poutèt nou, pou favè a vin an kantite pou anpil moun, pou l’ fè yo fè anpil konpliman pou bèlte Bondye.
Se pousa nou pa febli; men, malgre moun nou an ki sou pa deyò a ap dekonpoze, malgre sa, sila a ki sou pa anndan an ap refèt tou nèf chak jou pi plis. Reyèlman vre, tray n’ap pase koulye a, pou yon moman epi ki tou lejè a, l’ap reyalize yon chaj bèlte nan nou pou tout tan, ki depase tout wotè; nou p’ap konsidere bagay yo kapab wè, men bagay yo pa kapab wè: sèke bagay yo kapab wè yo, se pou yon tan yo la; men sa yo pa kapab wè yo menm, yo dire pou tout tan.
Nou konnen reyèlman vre si kay nou sa a ki sou tè a, kote nou abite a, li vin detwi, nou gen nan syèl la yon kay ki pa fèt ak men moun, sa Bondye bati pou nou an, k’ap dire pou tout tan.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Satan fini".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 3, 20-35
Lè sa a:
Jezi rive avèk disip li yo nan yon kay, foul la rive ankò, atèl pwen yo pa t’ kapab menm manje yon moso pen. Lè moun lakay li yo tande sa, yo pati pou yo pran l’; yo t’ap di: "Li pèdi bon sans li".
Pwofesè yo ki te desann sot Jerizalèm yo, yo t’ap di: "Se Bèlzeboul li genyen", epi "se gras a chèf demon yo l’ap chase demon yo".
Li rele yo, li di yo an parabòl: "Kijan Satan kapab chase Satan? Si yon rèy divize anndan l’, rèy sa a pa kapab kanpe. Si yon kay gen divizyon anndan l’, kay sa a pa kapab kanpe. Konsa si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa kapab kanpe, li jwenn finisman l’. Pèsòn pa kapab antre nan yon kay avèk zam, pou l’ piye, si l’ pa kòmanse mare moun ki gen fòs la, apre sa l’ap piye kay li a.
An verite mwen di nou, tout peche pitit moun yo fè, y’ap padonnen yo, ni joure yo joure Bondye, men moun ki joure Lespri Sen an, li p’ap janm gen padon, men l’ap koupab yon peche pou tout tan". Sèke yo t’ap di: "Se yon lespri papwòp li genyen".
Manman l’ ak frè l’ yo rive; yo kanpe deyò a, yo voye kote l’, pou yo rele l’. Te gen yon foul ki te chita alantou l’, yo di l’: "Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y’ap chèche ou".
Li reponn yo, li di: "Kilès ki manman m’ ak frè m’?" Li vire gade alantou l’ sila yo ki te chita toutotou l’ yo, li di: "Men manman m’ ak frè m’ yo. Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak manman m’'.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pafwa li pi fasil pou nou rekonèt sa k’ pa bon pase sa k’ bon. Tèlman nou abitye kritike, nenpòt sa nou wè, nou tonbe pale sou li, san n’ pa pran tan nou pou n’ fè yon ti analize l’, pou n’ verifye si l’ bon, si l’ pa bon. Lè sa rive, nou ka jwenn yon bagay ki bon nan men nou, men nou rate okazyon jwi li, paske nou gen tan fèmen je nou, nou fèmen zorèy nou, se plede kritike san n’ pa gade, san n’ pa tande. Lè n’ aji konsa, nou ka joure ata pwòp tèt nou san n’ pa rann nou kont.
Se sa k’ te rive pwofesè yo nan Levanjil jodi a. Se entèlektyèl yo te ye. Yo te konnen yo te konnen. Men vrèman vre, yo te sòt anpil, paske yo pa t’ ka louvri je yo ak kè yo ase pou yo te rekonèt sa Jezi t’ap fè nan mitan yo kòm yon bagay tou nèf, yon bagay ki te bon tout bon. 
Lè Lespri Sen an ap fè mèvèy nan mitan nou, epi nou pa rekonèt sa, se nou menm k’ap pèdi. Lè Granmèt la ap ba nou gras li, epi se kritike n’ap kritike sèlman, se nou menm ki pa jwenn. 
Men si nou rekonesan, n’ap ka resevwa tout sa Bondye vle ba nou, yon lavi ki depase tout wotè. Se li menm ki kreye nou, e lè l’ te kreye nou, li fè nou bon tout bon. Si n’ fè peche sou wout la, sa vin apre, men li konnen kiyès nou ye nan fon kè nou, pi fon pase tout mechanste ki ka la, paske se li menm ki kreye nou nan imaj orijinal li a. Li konnen feblès nou, li konprann tout bagay. Annou rekonèt sa, annou al jwenn Papa bon kè nou an, nan Kris la.
LAPRIYÈ: O Lespri Sen, desann sou mwen, epi louvri je m’, pou m’ kapab rekonèt prezans ou an nan lavi mwen. Ede m’ louvri ke m’ pou m’ kapab jwi gras ou a, pou m’ kite ou aji nan mwen, pou m’ jwenn lavi ki p’ap janm fini an. Amèn.

PWOPOZISYON: Aswè a, m’ap fè yon ti reflechi sou jounen mwen. Pandan jounen an, konbyen fwa m’ te kritike lòt moun yo?  E konbyen fwa m’ te pale byen de yon moun?

No hay comentarios:

Publicar un comentario