Koulè
Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye konsole nou, pou nou kapab konsole sila yo ki nan tray yo”.
KÒMANSMAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI
SEN, POU KORENTYEN YO 1, 1-7
Pòl, apot Jezikri, gras a volonte
Bondye, avèk Timote, frè a, pou legliz Bondye a ki korent la, avèk tout sen yo,
ki nan tout lagrès la: Favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt
Jezikri.
Konpliman pou Bondye ak Papa
Granmèt nou Jezikri, Papa kè sansib ak Bondye tout konsolasyon, li menm ki
konsole nou nan tout tray nou, pou nou menm tou nou kapab konsole sila yo k’ap
pase tout kalite tray yo, gras a ankourajman Bondye ba nou.
Sèke, menm jan soufrans Jezikri yo
anpil nan nou an, konsa tou konsolasyon nou ap anpil gras a Jezikri. Swa n’ap
pase tray pou ankourajman nou ak delivras nou, swa nou jwenn konsolasyon pou
konsolasyon pa nou, swa nou jwenn ankourajman pou ankourajman pa nou ak
delivrans pa nou, sa fè nou jwenn pasyans pou nou sipòte menm soufrans n’ap
sipòte yo: pou espwa nou kapab asire pou nou, antan nou konnen menm jan nou
patisipe nan soufrans nou yo, konsa tou n’ap patisipe nan konsolasyon an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 4-5. 6-7. 8-9
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nanm mwen ap jwenn
konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’
anlè ansanm, mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè,
li delivre m’.R.
Gade nan
direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute
l’, anba tout tray li li sove l’.R.
Mesaje Granmèt la ap veye alantou moun ki respekte l’
yo, pou l’ delivre yo. Goute, n’a wè jan Granmèt la bon; se chans pou moun ki
espere nan li.R.
LEVANJIL
“Se chans pou
pòv yo nan lespri a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 5, 1-12
Lè sa a:
Jezi wè foul yo, li monte sou mòn nan; kon l’ chita,
disip li yo pwoche kote l’. Li louvri
bouch li, li kòmanse ba yo lansèyman, li di:
Se chans pou moun ki pòv yo nan lespri a, paske se pou
yo rèy syèl la ye.
Se chans pou moun ki dou yo, paske se yo menm k’ap
posede tè a, se chans pou moun k’ap kriye yo, paske y’ap konsole.
Se chans pou moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske
y’ap jwenn kont yo.
Se chans pou moun ki gen kè sansib yo, paske y’ap jwenn
kè sansib.
Se chans pou
moun ki gen kè yo nèt, paske y’ap wè Bondye.
Se chans pou
moun k’ap travay pou lapè a, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Se chans pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis
la, paske se pou yo rèy syèl la yo.
Se chans pou nou, lè y’ap madichonnen nou, lè y’ap
pèsekite nou, lè y’ap di tout kalite sa k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti,
akoz mwen; fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la. An
verite, se konsa yo te pèsekite pwofèt yo ki te la anvan nou yo.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, nou li pòsyon yo rele «Beyatitid
yo» nan Levanjil Sen Matye.
Se chans pou
moun ki pòv yo nan lespri a… Se chans pou moun ki grangou… Se chans pou
moun ki gen kè sansib yo… Se chans pou moun ki gen kè yo nèt… Se chans pou moun
k’ap travay pou lapè a… Se chans pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis
la…
Sen Matye kalifye Beyatitid yo kòm prensif fondamantal
pou nou pa janm bliye. Yo se yon rezime Nouvèl Lwa ke Jezi prezante a, tankou
pwen bazik ki ede nou viv kòm kretyen.
Beyatitid yo se pou tout moun. Lansèyman Jezi a se pa
sèlman pou moun ki antoure li, li pa fè eksklizyon, se yon mesaj inivèsèl. Li
presize ki atitid ak konduit moral ke nou dwe genyen. Menm si delivrans
definitif la se pa nan mond sa a n’ap jwenn li, men nan lòt la, toutotan n’ap
viv sou tè sa a, nou dwe chanje mantalite nou e nou dwe transfòme fason nou
valorize bagay yo. Nou dwe kòmanse abitye wè vizaj Kris la ki tris nan sila yo
ki nan tristès, nan sila yo ki vle viv antan yo detache pawòl ak aksyon, nan
sila yo ki gen yon kè dou, nan sila yo ki ankouraje lòt moun chache sentete a,
nan sila yo ki detèmine pou yo simen lapè ak kè kontan.
Beyatitid yo se pafen Granmèt la
ki degaje nan istwa limanite. Nan istwa pa w’ ak nan istwa pa m’. De dènye vèsè
yo fè kò avèk prezans lakwa a, puiske yo envite nou viv ak kè kontan lè bagay
yo vin mal akòz Jezi ak Levanjil la. Tèks Sen Matye a kategorik: « Fè kè nou
kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la»
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri pa kite nou santi nou pou
kont nou devan tribilasyon n’ap rankontre sou chemen lavi a. Fè nou merite bwè
nan sous konsolasyon w’ lan.
PWOPOZISYON: Fè solidarite
ak frè ak sè nou yo ki nan soufrans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario