Páginas

MADI 9

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Jezi pa t’ wi ak non, men se wi ki te nan li".
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 1, 18- 22
Frè m’ yo:
Bondye fidèl, paske pawòl nou an, ki te lakay nou an, li pa t’ ‘‘wi’’ ak ‘‘non’’ nan li. Reyèlman vre Pitit Bondye a, Jezikri, sa nou te preche nou an, mwen menm, Silven ak Timote, li pa t’ "wi" ak "non", men se "wi" ki te nan li. Tout pwomès Bondye yo, se "wi" yo ye nan li; se pousa se pa lantremiz li nou di Bondye Amèn pou bèlte nou.
Sila a ki asire nou avèk nou menm nan Jezikri a, li menm ki sakre nou, se Bondye, li menm ki make nou tou, ki ba nou garanti Lespri a nan kè nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 129. 130. 131. 132. 133. 135 (r.: 135s)
R/ Granmèt, klere fas ou sou sèvitè ou la.
Temwayaj ou yo ekstrawòdinè, se pousa nam mwen kenbe yo.R.
Deklarasyon pawòl ou yo klere, li bay ti moun yo entelijans.R.
Mwen louvri bouch mwen, mwen respire Lespri a, paske mwen te anvi kòmandman ou yo.R.
Vire kote m’, pran pitye pou mwen, daprè jijman ou avèk sila yo ki renmen non ou nan.R.
Dirije demach mwen daprè pwomès ou a, pou okenn peche pa kòmande sou mwen.R.
Klere fas ou sou sèvitè ou la, aprann mwen desizyon ou yo.R.
LEVANJIL
"Nou se limyè tè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 5, 13-16
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Nou se sèl tè a. Si sèl la vin fad, ak ki sa y’ap sale l’? Li pa vo anyen ankò, sof pou yo jete l’ deyò, pou moun pile l’.
Nou se limyè tè a. Yon vil ki poze sou yon mòn pa kapab kache. Yo pa limen yon lanp, pou yo mete l’ anba mamit; men sou yon etajè, pou l’ klere tout moun ki nan kay la.
Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo wè bon aksyon nou yo, pou yo fè lwanj pou Papa nou ki nan syèl la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a, Sen Matye raple nou pawòl Jezi te di pou li te fè nou sonje misyon nou kòm patizan li: nou se sèl ak limyè tè a. Yon bò, sèl la se yon kondiman ki bay manje  nou yo plis gou, san sèl la pa  gen anyen ki gen gou. Pandan lontan, yo te konn itilize sèl la pou konsève manje paske li te evite manje a gate.
Jounen jodi a, gen anpil moun ki pèdi sans lavi a e yo di li pa vo lapenn pou yo viv li, paske li anmè, li plen difikilte ak soufrans, li pase twò vit epi se avèk tristès l’ap fini: lanmò.
«Nou se sèl ak limyè tè a» (Mt 5,13). Kretyen an dwe bay gou. Kòman? Lè li viv ak kè kontan e lè li rekonèt li se pitit Bondye, epi rekonèt ke tout bagay nan lavi sa sèvi pou nou mennen nou nan sentete a, difikilte ak soufrans la ede nou pirifye nou, epi alafen gen yon lavi tounèf k’ap tann nou kote kè nou pral kontan nèt ale.
Alò, kòm sèl, disip Kris la dwe evite bagay yo pouri: kote ki gen kretyen avèk flanm lafwa yo byen limen, pa kapab genyen enjistis, ni vyolans, ni abi sou sa ki pi fèb... okontrè, lespri charite a dwe klere ak tout klète li: panse ak lòt la, fè solidarite ak li, ede li avèk bon kè.
Se konsa kretyen an vin tounen limyè pou mond lan (cf. Mt 5,14).  Kretyen an se yon flanbo ki pote limyè nan tout kwen nan lemond, granmesi ekzanp pwòp lavi li, antan l’ap montre chemen delivrans la...Kote ki te gen fènwa ak dout, se limyè ak asirans ki vin genyen.
LAPRIYÈ: Jezi ou menm ki se Solèy ki vin klere limaninite ki t’ap mache nan fènwa, tanpri fè limyè w’ la toujou reflete nan vizaj nou.

PWOPOZISYON: Reflechi sou kòman mwen kapab bay gou kòm sèl ak kòman mwen kapab klere kòm limyè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario