Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Li fè nou vin tounen sèvitè nouvo Testaman an, se pa nan lèt la, men nan
Lespri a”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN,
POU KORENTYEN YO 3, 4-11
Frè m’ yo:
Nou gen yon gran asirans devan
Bondye gras a Jezikri. Se pa paske nou gen kapasite pou nou panse kichòy ki sot
nan nou kòm si se nou menm ki fè l’, men kapasite nou an se nan Bondye li sòti;
se li menm ki fè nou kapab vin sèvitè nouvo Testaman an, se pa nan lèt la, men
nan Lespri a; lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
Si sèvis lanmò a, ki ekri ak lèt
sou wòch yo, te nan bèlte, ki fè pitit Izrayèl yo pa t’ kapab fikse je yo sou
fas Moyiz, poutèt bèlte figi l’, ki t’ap pase a; kijan sèvis Lespri a p’ap nan
pi gran bèlte toujou? Sèke si sèvis kondanasyon an jwenn bèlte, sèvis jistis la
ap gen plis bèlte toujou. Sa k’ te klere sou pwen sa a pa nan bèlte ankò poutèt
bèlte ki depase tout bagay la. Si sa k’ t’ap pase a te nan bèlte, sa k’ap dire
a ap nan plis bèlte toujou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 98, 5. 6. 7. 8. 9
R/ Ou sen, Granmèt Bondye nou.
Fè lwanj
Granmèt Bondye nou an, adore l’ devan macheskalye pye l’, paske li sen.R.
Moyiz avèk Aawon, nan pami prèt li yo, ak Samyèl, nan
pami sila yo ki rele non l’ yo. Yo rele Granmèt la, li menm li reponn yo.R.
Nan kolòn nyaj la li t’ap pale avèk yo. Yo te kenbe
temwayaj li yo, ak kòmandman li te ba yo a.R.
Granmèt Bondye nou, ou te konn koute yo; Bondye, ou te
konn padonnen yo, antan ou te korije fot yo.R.
Fè lwanj
Granmèt Bondye nou an, adore l’ sou mòn li ki sen an, paske li sen, Granmèt
Bondye nou an.R.
LEVANJIL
“Mwen pa vin pou m’ detwi, men pou m’ reyalize”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Pa konprann mwen vini pou m’ defèt lalwa a oubyen
pwofèt yo: mwen pa vini pou m’ defèt, men pou m’ reyalize nèt.
An verite
mwen di nou, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti i (yota) oubyen yon ti trè
p’ap pase sot nan Lalwa a, joustan tout bagay rive.
Konsa moun
k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo epi k’ap aprann moun yo fè menm
jan, y’ap rele l’ pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap reyalize l’, epi k’ap
aprann lòt yo fè menm jan, y’ap rele l’ gran nan rèy syèl la”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Labib la se
yon biblyotèk. Se yon seri liv ki divize an 2 gran klasman, 2 gwo kategori:
Premye Testaman (ke yo rele tou Premye Kontra) ak Nouvo Testaman (ke yo rele
tou Nouvo Kontra). Nan Bib la genyen plizyè kalite Liv: Genyen Liv ki pale nou
sou kreyasyon an(Lajenèz), gen liv ki pale sou kisa pè yo te dwe fè nan ansyen
tan yo (Levitik), gen liv ki rakonte istwa gouvènman (Liv Wa yo), genyen liv ki
rapòte evènman sou lavi Jezikri (Levanjil yo), gen liv ki gen chan lwanj pou
Granmèt la (Sòm yo), gen liv se yon lèt ankourajman oubyen ekzòtasyon oubyen
rapèl (Lèt Jan ekri, Lèt Pòl ekri pou voye bay divès kominote kretyen)...
Kidonk Labib la se yon konpilasyon, chak liv pote yon
mesaj. Men genyen yon bagay ki enteresan ki dwe atire atansyon nou: sèke Ansyen
Testaman pale de bagay ki te pase avan Jezikri te vini sou tè a, epi Nouvo
Testaman li kòmanse avèk Jezikri. Kidonk Jezikri se “pon” ki separe Ansyen ak
Nouvo Testaman. Se li ki vin klarifye kèk mesaj ke yo pa t’ kapab konprann nan
Ansyen Kontra a. Prezans li sou tè a te pote yon mesaj klè: Bondye reyalize
pwomès li yo. Bondye se lanmou. Bondye pa lwen. Bondye fè kò ak limanite. Bonye
pote liberasyon. Li pote konsolasyon. Li pa itilize entèmedyè jan sa te konn fè
nan Ansyen Testaman an. Li menm menm li vini nan chè a pou li kapab rejenere
chè a. Li vini nan chè a pou li kapab divinize chè a. Li vini pou li bay tout
sa ki te ekri yo sans yo. Li vini pou tout pwofesi kapab akonpli, pou pote
lespwa, pou pote lavi. Li vini atravè pwòp Pitit li a, Jezikri pou li mete nou
nan sitiyasyon konfyans.
Jezi di nou, fè atansyon, li pa vini pou li efase sa ki
te ekri nan Lalwa a, men li vini pou tout bagay kapab jwenn akonplisman yo:“Pa konprann mwen vini pou m’ defèt lalwa a
oubyen pwofèt yo: mwen pa vini pou m’ defèt, men pou m’ reyalize nèt.” E li
ajoute:“An verite mwen di nou,
joustan syèl la ak tè a pase, yon ti i (yota) oubyen yon ti trè p’ap pase sot
nan Lalwa a, joustan tout bagay rive...”
Syèl la ak tè a ap pase men pawòl Bondye a p’ap pase. Se
pawòl Bondye a ki di sa. Pawòl Bondye a, se pa pawòl nan bouch, se pa pawòl
anlè, se pa pawòl blòf. Pawòl la se aksyon. Liv Lajenèz la montre nou sa klè.
Bondye di...epi sa li di a reyalize. Konsa, nou dwe aprann koeran, pa dwe
genyen kontradiksyon ant sa n’ap di ak sa n’ap fè, ant sa n’ap preche ak sa
n’ap viv; pa dwe genyen kontradiksyon ant sa nou ye ak sa nou parèt la. Se nan
fason sa n’ap kabab tounen temwen Jezikri tout bon vre e se nan fason sa a n’ap
montre nou se patizan laverite, nou se moun k’ap chèche verite, moun ki kwè nan
verite, moun ki defann laverite, moun ki viv laverite. Syèl la pa piyay; sa ou
plante, se li ou rekòlte.
LAPRIYÈ:
Granmèt, ede mwen viv yon fason ki fè ou plezi antan m’ap puize nan sous
ansèyman pawòl ou a. Ban mwen limyè Lespri w’ la dekwa pou mwen kapab konpran
sa w’ap di mwen chak jou. Mwen mande ou sa pa pouvwa Jezikri, Pitit ou a, k’ap
kòmande ansanm ak ou ansanm ak Lepri Sen an, jodi a e pou tout tan gen tan.
Amèn.
PWOPOZISYON:
Repase kòmandman Bondye yo. Evalye
ki sa ou respekte epi ki sa ou pa respekte. Sa ou respekte yo. Ekri yo ansanm
sou yon papye. Epi ekri peche w’ yo sou yon lòt papye. Prezante Bondye tout
tankou yon ofrann.
No hay comentarios:
Publicar un comentario