Koulè Wouj
BANABE, Apot
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
“Se te yon moun ki bon, ki plen
Lespri Sen ak lafwa”.
NAN
TRAVAY APOT YO 11, 21b-26; 13, 1-3
Jou
sa yo:
Anpil
kantite moun ki kwè te vin tounen kot Granmèt la. Pawòl la rive nan zòrèy
Legliz la ki Jerizalèm nan, sou bagay sa yo, yo voye Banabe jous Antyòch. Lè l’
rive, li wè gras Bondye a, li kontan; li ankouraje tout moun pou yo rete nan
bon dispozisyon kè yo nan Granmèt la; paske se te yon mesye ki bon, ki te plen
ak Lespri Sen ak lafwa. Anpil foul vin jwenn Granmèt la.
Banabe
pati al Tas, pou l’ chèche Sòl; lè l’ jwenn li, li mennen l’ Antyòch. Yo rete
pandan tout ane a la nan Legliz la, yo t’ap bay anpil foul ansèyman, atèl pwen
pou premye fwa yo rele disip Antyòch yo “kretyen”.
Nan
Legliz la ki Antyòch la, te gen pwofèt ak savan sakre, nan pami yo se te Banabe
ak Simon, sa yo rele Nwa a, Lisiyis, moun Sirèn nan, ak Manayèn (ki te grandi
tou piti ansanm avèk Ewòd, chèf ka peyi a), epi Sòl.
Pandan
y’ap fè sèvis yo pou Granmèt la, epi y’ap fè jèn, Lespri Sen an di yo: “Mete
Sòl ak Banabe apa pou mwen, pou travay la mwen chwazi pou yo a”. Yo fè jèn, yo
priye, yo poze men sou yo, yo kite yo ale.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3a. 3c-4. 5-6
R/
Devan fas nasyon yo Granmèt la devwale jistis li a.
Chante
yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li
sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove li a,
devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje mizerikòd li, ak verite l’
pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye
nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou
gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas
Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
“Ale, preche, rèy syèl yo tou pre”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 10, 7-13
Lè
sa a: Jezi di Apot li yo:
“Ale,
preche, di peyi wa syèl yo tou pre. Geri malad yo, leve mò yo, pwòpte lepre yo,
chase demon yo: nou resevwa gratis, bay gratis.
Pa
pote lò ni lajan, ni ti monnen nan pòch nou, ni sak sou wout la, ni de chemiz,
ni soulye, ni baton; travayè a merite manje l’; nan nenpòt vil oubyen bouk nou
antre, mande si gen yon moun respektab la, rete la joustan nou pati.
Lè
nou antre nan yon kay, salye l’, di: “Lapè pou kay sa a”, si kay sa a merite,
lapè nou an ap vin sou li; otreman si l’ pa merite, lapè nou an ap tounen kote
nou”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a 11 jen.
Legliz la ap sonje Sen Banabe ki se youn nan apot Jezikri yo. Se yon opòtinite
pou nou kapab fè yon ti gade istwa lavi li, pou nou konnen kilès li te ye epi
pou kisa Legliz la prezante nou li kòm yon modèl pou nou swiv. Non orijinal
Banabe se te Jozèf, se apot yo ki te chanje non li pou yo rele li Banabe: sa
vle di “Pitit ekzòtasyon an”, malgre
selon Sen Lik non sa a vle di “Nonm k’ap
ankouraje a”. Nan chapit 4, vèsè 34 a 37, liv Travay Apot yo fè nou konnen
Banabe te vann jaden li te genyen ak tout pwodui li te rekòlte e li te pote
lajan renmèt Apot yo pou yo te kapab separe bay pòv yo, sila yo ki pa t’ gen
anyen ditou. Se te yon gwo kolaboratè Sen Pòl. Sen Pòl, lè li te tounen Jerizalèm
twa lane aprè konvèsyon li, li te resevwa sipò nan men Banabe devan tout lòt
Apot yo e Banabe te entèsede pou li pou lòt apot yo te kapab rive aksepte li
Jerizalèm pou ekzèse ministè li kòmsadwa.
Banabe pa t’ fè pati 12 apot Jezi te chwazi yo, men li
pwobab pou li te youn nan 70 disip ki mansyone nan Levanjil la, se pa nan
Levanjil sa a men nan yon lòt pasaj. Tout premye defansè doktrin Kris la,
ansanm ak Sen Lik, yo te admèt Banabe kòm apot, akoz misyon espesyal Lespri Sen
an Te konfye li.
Apot yo te apresye li, yo te konsidere li anpil, paske se
te “Se te yon moun ki bon, ki plen Lespri Sen ak lafwa”. (Travay
11,24), se pou sa yo te chwazi li pou li te kapab ale evanjelize lavil Antyòch.
Predikasyon li te kòz anpil moun konvèti, kase tèt tounen vin jwenn Bondye.
Remak nou kapab fè, se Lespri Sen an menm ki te chwazi Banabe lè li te di:
“Mete Sòl ak Banabe apa pou mwen, pou travay la mwen chwazi pou yo a”. Se nan
sans sa a sòm 97 la di nou “Devan fas nasyon yo Granmèt la
devwale jistis li a”.
Misyon
sa a Lespri Sen te konfye Apot yo, nan chapit 10 Levanjil li a, Matye ap fè nou
sonje li jodi a: “Ale, preche, di peyi wa syèl yo tou pre. Geri malad yo, leve
mò yo, pwòpte lepre yo, chase demon yo: nou resevwa gratis, bay gratis…”. Se sa
ki misyon Legliz la, se sa ki misyon nou chak jodi a, se sa ki misyon tout
Batize. Ann nou mande Sen Banabe pou li entèsede pou nou dekwa pou menm jan ak
li nou rive akonpli misyon liberasyon sa a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi pou Sen Banabe, Apot, ou
ba nou kòm modèl sèvis ak devouman. Tanpri, ede nou swiv ekzanp li kite pou
nou, pou nou kapab kontinye travay liberasyon Jezikri a, pou lwanj pa ou ak pou
delivrans pa nou. Amèn
PWOPOZISYON:
M’ap antre nan mwen menm, pou mwen
wè kisa ki antrave relasyon mwen ak Bondye. Mwen pral fè yon jès renmen ak yon
moun ki pòv. M’ap pataje yon bagay ki gen anpil enpòtans pou mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario